Scripture Stories
Wa Tout Lamanit yo


“Wa Tout Lamanit yo,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Wa Tout Lamanit yo,” Istwa Liv Mòmon yo

Alma 20; 22–23

Wa Tout Lamanit yo

Vle aprann konsènan Senyè a

Imaj
wa a fache avèk Lamoni ak Amon

Lamanit yo te gen yon wa ki te gouvène sou tout lòt wa yo. Li sete papa Wa Lamoni. Li te panse ke Nefit yo sete ènmi. Yon jou, li te wè Lamoni avèk Amon. Wa a te mande Lamoni kisa l t ap fè avèk yon Nefit. Lamoni te di wa a ke yo ta pral libere frè Amon yo ki te nan prizon

Moszya 10:11–17; Alma 20:1–12

Imaj
wa a k ap pale

Wa a te fache. Li te panse ke Nefit yo t ap bay manti pou yo te chèche vòlè afè Lamanit yo. Li te di Lamoni pou l te touye Amon epi vini avèk li.

Alma 20:13–14

Imaj
Lamoni k ap pale

Lamoni pa t vle touye Amon. Li te di wa a ke Amon ak frè l yo sete pwofèt Bondye. Li te di ke li t ap ede Amon ak frè l yo.

Alma 20:15

Imaj
wa a ak Amon k ap goumen

Wa a te retire epe l pou l te blese Lamoni, men Amon te stope li. Wa a te atake Amon nan plas li. Amon te defann tèt li. Li te frape ponyèt wa pou wa a pa t ka goumen. Wa a te pè poutèt jan Amon te fò. Li te pwomèt pou l te bay Amon mwatye nan wayòm li a pou Amon te kite l vivan.

Alma 20:16–23

Imaj
Amon k ap pale avèk wa a

Amon pa t vle wayòm nan. Okontrè, li te mande wa a pou l te libere frè l yo ki te nan prizon. Li te mande wa a tou pou l te sispann fache kont Lamoni. Amon te di ke wa a ta dwe kite Lamoni gouvène nan fason li te panse ki te pibon an.

Alma 20:24

Imaj
wa a ap panse

Wa a te etone pou jan Amon te renmen Lamoni. Li te dakò pou l te fè tout sa Amon te mande yo.

Alma 20:25–27

Imaj
wa a kontan epi l ap pale avèk Lamoni ak Amon

Wa a te vle aprann konsènan sa Amon ak Lamoni te di l konsènan Bondye yo. Li te mande pou Amon ak frè l yo te vini pou anseye l.

Alma 20:27

Imaj
Amon ak Lamoni k ap ede frè Amon yo

Amon ak Lamoni te ale nan peyi Midoni. Frè Amon yo te nan prizon nan kote sa a. Yo te mare anba kòd epi yo pa t ba yo manje ni dlo. Lamoni te konvenk gouvènè Midoni an pou l te kite frè Amon yo libere.

Alma 20:28–30

Imaj
Aawon ki te ajenou devan wa a

Lè yo te fin libere, frè Amon yo te ale kote papa Lamoni. Yo te bese devan wa a epi yo te mande pou yo te tounen sèvitè l. Wa a te di non. Okontrè, li te vle pou yo te anseye l konsènan levanjil la. Yonn nan frè yo te rele Aawon. Li te li ekriti yo pou wa a epi l te anseye l konsènan Bondye ak Jezikri.

Alma 22:1–14

Imaj
Arawon ak wa a k ap priye

Wa a te kwè Aawon. Li te di ke li t ap abandone tout wayòm li an pou l te ka konnen Bondye. Li te mande Aawon kisa l te dwe fè. Arawon te di wa a pou l te repanti epi priye Bondye avèk lafwa. Wa a te repanti pou tout peche l yo epi l te priye.

Alma 22:15-18

Imaj
wa a ki te tonbe atè

Wa a te tonbe atè. Sèvitè wa yo te kouri al di rèn nan.

Alma 22:18–19

Imaj
rèn ki fache

Rèn nan te vini epi l te wè wa a atè a. Li te panse ke Aawon ak frè l yo te touye wa a. Rèn nan te fache.

Alma 22:19

Imaj
rèn k ap lonje dwèt sou Aawon

Rèn nan te di sèvitè yo pou yo te mete Aawon ak frè l yo anba lanmò. Men sèvitè yo te pè. Yo te di ke Aawon ak frè l yo te twò fò. Kounyea, rèn nan te pè. Li te voye sèvitè yo al di pèp la nan vil la sa k te pase. Li te swete ke pèp la t ap touye Aawon ak frè l yo.

Alma 22:19–21

Imaj
Aawon k ap ede wa a kanpe

Aawon te konnen ke pèp la t ap fache. Li te konnen tou ke wa a pa t mouri. Li te ede wa a kanpe. Wa a te rejwenn fòs li epi l te kanpe. Rèn nan ak sèvitè yo te etone.

Alma 22:22–23

Imaj
wa k ap anseye rèn ak sèvitè yo

Wa a te anseye rèn nan ak sèvitè yo konsènan Jezi. Yo tout te kwè nan Jezi. Wa a te vle pou tout pèp li a aprann konsènan Jezi. Li te bay yon lwa pou Aawon ak frè l yo te ka preche levanjil la tout kote nan wayòm nan. Yo te anseye pèp la epi yo te aple prèt ak enstriktè nan peyi a.

Alma 22:23–27; 23:1–4