Scripture Stories
Yon Sèvant Nefit


Yon Sèvant Nefit,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 50

Yon Sèvant Nefit

Ap ede pwoteje pèp li

Imaj
Moryanton kenbe yon tòch epi l pale avèk yon foul moun, avèk bòn li a toupre

Yon bòn t ap travay pou yon dirijan Nefit ki te rele Moryanton. Moryanton t ap bay anpil pwoblèm nan mitan pèp la. Li te atake yon gwoup Nefit epi l te eseye pran tè yo. Apresa li te planifye pou l te vwayaje nan nò avèk pèp li a pou l t al pran tè ki te nan zòn sa a.

Alma 50:25–30

Imaj
bòn nan kouri ale kite Moryanton nan aswè

Yon jou, Moryanton te vin fache avèk bòn nan. Li te trete l trè mal epi l te blese li. Bòn nan te sove epi l te kouri ale nan kan Kapitèn Mowoni an. Li te rakonte Mowoni tout move bagay Moryanton te fè yo. Mowoni te kwè li.

Alma 50:30–31

Imaj
Bòn k ap montre yon kat epi pale avèk Kapitèn Mowoni

Bòn nan te di tou ke Moryanton te vle deplase epi vin pran posesyon peyi nò a. Mowoni te enkyè. Nefit yo te kapab andanje si Moryanton te pran posesyon peyi nan nò a. Sa te ka lakòz moun yo pèdi libète yo.

Alma 50:31–32

Imaj
bòn k ap gade Mowoni ak lame a

Mowoni te voye yon lame pou bloke Moryanton. Pèp Moryanton an te goumen avèk lame a epi yo te pèdi. Yo te pwomèt pou yo te rete anpè epi retounen nan peyi yo. Paske bòn nan te avèti Mowoni a, vil Nefit yo te rete an sekirite

Alma 50:33, 35–36