Scripture Stories
Alma nan Dlo Mòmon yo


“Alma nan Dlo Mòmon yo,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Mozya 18; 23

Alma nan Dlo Mòmon yo

Vin tounen pèp Bondye.

Imaj
Alma ap gade dlo

Alma sete prèt yon wa ki te rele Noye. Alma te eseye sove Abinadi, yon pwofèt Bondye, pou Noye pa t touye li. Men Noye te vin fache avèk Alma epi l te vle touye Alma. Alma te kouri ale lwen Noye pou l rete ansekirite. Pandan lajounen, Alma te kache tou pre yon kote ki te rele Dlo Mòmon yo.

Mozya 17:2–4; 18:4–5, 8

Imaj
Alma ajenou epi priye toupre dlo a

Alma te kwè sa Abinadi te anseye konsènan Jezikri yo. Li te mande Bondye pou padone li pou peche ak erè li yo.

Mozya 18:1–2

Imaj
Alma nan vil la aswè

Alma te rankontre avèk moun yo an prive epi anseye yo konsènan Jezi. Li te anseye tout moun ki te vle tande.

Mozya 18:1–3

Imaj
Moun yo te koute Alma k ap anseye toupre dlo a

Anpil moun te kwè Alma. Yo te ale nan Dlo Mòmon yo pou yo te tande Alma k ap anseye.

Mozya 18:3–8, 31

Imaj
Alma chita epi anseye akote dlo a

Kwayan yo te vle pou yo te rele yo pèp Bondye, pou yo te ede lòt moun ki nan bezwen, epi pale moun konsènan Bondye. Konsa Alma te envite yo pou yo te batize. Lè yo te batize a, yo t ap fè yon alyans, oswa pwomès, avèk Bondye pou yo sèvi Li epi respekte kòmandman Li yo. An retou, Bondye t ap beni yo avèk Lespri Li.

Mozya 18:8–10, 13

Imaj
Alma batize yon fi nan dlo

Moun yo te kontan anpil. Yo te bat men yo epi di yo te vle batize. Alma batize chak nan yo nan Dlo Mòmon yo. Yo tout te ranpli avèk Lespri Bondye a epi yo te santi lanmou Bondye pou yo. Yo te vin manm Legliz Kris la.

Mozya 18:11–17, 30

Imaj
Wa Noye an kolè epi l montre sa

Noye te wè ke kèk moun nan pèp li a t ap kite peyi l la. Li te voye sèvitè l yo al siveye yo. Sèvitè yo te wè moun yo ki t aprale nan peyi Mòmon pou tande ansèyman Alma yo. Noye te fache anpil. Li te voye ame l la pou touye Alma ak moun Alma t ap anseye yo.

Mozya 18:31–33

Imaj
Alma ak pèp li a vwayaje

Bondyre te avèti Alma konsènan lame a. Avèk èd Bondye, Alma ak pèp li a te kite peyi a an sekirite. Lame a pat kapab ratrape yo. Yo te mache pandan yuit jou nan dezè a epi yo te rive nan yon bèl peyi. Yo te bati nouvo kay nan kote sa a. Alma te anseye pèp la, epi yo te kenbe pwomès yo te fè Bondye yo.

Mozya 18:34–35; 23:1–20