Scripture Stories
Etanda Libète a


“Etandan Libète a,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 46–50

Etanda Libète a

Defann dwa pou kwè nan Bondye

Imaj
Amalikya louvri bra li devan moun yo pandan y ap selebre

Amalikya sete yon gwo Nefit solid. Li te vle vin wa. Li te pwomèt pou bay pouvwa a moun ki te ede li. Anpli moun te renmen li epi yo te eseye fè lòt moun suiv li. Amlikya te dirije moun yo nan fè move bagay. Limenm ak patizan l yo te vle touye moun ki t ap anseye konsènan Jezikri yo.

Alma 45:23–24; 46:1–10

Imaj
Kapitèn Mowoni te ale lwen Amalikya ak pèp li a.

Kapitèn Mowoni, lidè lame Nefit yo, te kwè nan Jezi. Li te konnen Nefit yo te beni paske yo te kenbe kòmandman Bondye yo. Li te fache anpil dèske Amalikya t ap mennen moun yo lwen Bondye, nan eseye vin wa, epi eseye blese moun.

Alma 46:9–11, 13–15, 18

Imaj
Kapitèn Mowoni leve etanda libète a

Mowoni te chire manto li. Li te ekri sou li ke moun yo ta dwe sonje Bondye yo a, libète yo, ak fanmi yo. Apresa li te mare li sou yo poto epi rele l etanda libète a. Mowoni te priye pou benediksyon Bondye. Li te montre Nefit yo, etanda libète a epi l te mande yo pou yo te rejwenn li nan goumen kont Amalikya.

Alma 46:12–20, 23–24, 28

Imaj
Kapitèn Mowoni kanpe devan lame l la ak fanmi yo

Mou yo te mete boukliye yo epi yo te kouri al jenn Mowoni. Yo te pare pou yo te goumen pou Bondye ak pou fwaye yo, fanmi yo, ak libète yo. Yo te fè yon alyans, oswa pwomès espesyal, avèk Bondye pou yo te toujou suiv Li. Apresa yo te pare pou yo te goumen kont Amalikya.

Alma 46:21–22, 28

Imaj
Amalikya ak kèk nan sòlda l yo te kouri sove

Lame Monowi an te gwo. Amalikya te pè. Li te eseye kouri sove avèk patizan l yo. Men anpil nan yo te enkyete ke Amalikya t ap goumen pou move rezon yo. Anpil pa t vle sipòte li ankò. Lame Mowoni an te kanpe moun yo ki te toujou ap suiv Amalikya yo, men Amlikya ak kèk lòt moun te reyisi chape.

Alma 46:29–33

Imaj
Amalikya ap pale avèk Lamanit yo

Amlikya te ale nan peyi Lamanit yo. Li te vle pou Lamanit yo te ede l batay kont Nefit yo. Apresa li t ap genyen yon lame pi gwo, pi puisan. Li te reyisi fè anpil nan Lamanit yo fache avèk Nefit yo. Wa Lamanit yo te di tout Lamanit yo pou yo te prepare pou goumen kont Nefit yo.

Alma 47:1

Imaj
Amalikya ajenou devan wa Lamanit la pou yon kouwòn

Wa a te renmen Amalikya. Li te fè Amalikya vin youn nan dirijan sou lame Lamanit la. Men Amalikya te vle plis pouvwa.

Alma 47:1–3

Imaj
Amalikya mete kouwòn

Amlikya te fè yon plan pou l te pran kontwòl sou Lamanit yo. Li te pran kontwòl tout lame Lamanit la nèt. Apresa li te fè sèvitè l yo touye wa a epi l te bay manti konsènan moun ki te fè sa a.

Alma 47:4–26

Imaj
Amalikya gonfle ponyèt li devan sòlda Lamanit yo pandan y ap selebre

Amalikya te pretann ke l te an kòlè paske yo te touye wa a. Lamanit yo te renmen Amalikya. Li te marye avèk rèn nan epi l te vin nouvo wa a. Li te vle pou l pran kontwòl sou Nefit yo tou. Li te pale mal konsènan Nefit yo pou Lamanji t yo ta vin fache kont yo. Anvan lontan, anpil Lamanit te vle goumen kont yo.

Alma 47:25–35; 48:1–4

Imaj
Kapitèn Mowoni ak sòlda l yo te bati miray

Pandan Amalikya te jwenn pouvwa nan bay manti an, Mowoni te prepare Nefit yo pou yo te fè Bondye konfyans. Li te mete etanda libète a sou chak toudekontwòl nan peyi a pou raple yo pwomès yo te fè. Lame Mowoni an te prepare vil Nefit yo tou pou lagè. Yo te bati miray epi fouye tranche pou rann vil yo a pi an sekirite ak solid.

Alma 46:36; 48:7–18

Imaj
Sòlda Amalikya yo lanse flèch sou vil Nefit la

Lè Lamanit yo te vini pou goumen, yo pa t ka rantre nan vil Nefit yo. Yo te bloke pa miray yo ak tranche yo lame Mowoni yo te bati. Anpil Lamanit te mouri lè yo te atake Nefit yo. Amalikya te fache anpil. Li te pwomèt pou l te touye Mowoni.

Alma 49:1–27

Imaj
Kapitèn Mowoni pale avèk Nefit yo apre konba a

Nefit yo te remèsye Bondye paske l te ede ak pwoteje yo. Yo te fè vil yo vin pi an sekirite epi bati plis vil. Lagè avèk Lamanit yo te kontinye, men Bondye te ede Mowoni ak lame l yo kenbe Nefit yo an sekirite. Nefit yo te kontan. Yo te obeyi Bondye epi yo te rete fidèl anvè Li.

Alma 49:28–30; 50:1–24