Scripture Stories
Teyankoum


“Teyakoum,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 43-52

Teyankoum

Ap pwoteje pèp li

Imaj
Teyankoum pale ak Kapitèn Mowoni nan kan

Teyankoum sete yon lidè nan lame Kapitèn Mowoni an. Li te eseye kenbe vil Nefit yo an sekirite kont Lamanit yo.

Alma 50:35; 52:19

Imaj
Amalikya ak sòlda Lamanit yo avèk zam yo

Amalikya sete yon Nefit ki te vin tounen wa Lamanit. Li te vle pran kontwòl Nefit yo tou. Li te atake Nefit yo epi li te pran anpil nan vil yo.

Alma 47:1, 35; 48:1–4; 51:23–28

Imaj
Lame Nefit k ap mache

Lame Teyankoum nan te ale pou anpeche lame Amalikya a atake vil Nefit yo.

Alma 51:28–30

Imaj
Lame yo kanpe youn anfas lòt anvan solèy kouche

Lame yo te goumen pandan tout jounen an. Teyankoum ak lame l la te goumen avèk plis fòs ak abilte pase lame Amalikya a. Men okenn nan lame yo pa t genyen. Lè l te vin fènwa, toude lame yo te sispann goumen pou yo te ka repoze.

Alma 51:31—32

Imaj
Treyankoum chita anfas yon boukan dife.

Men Teyankoum pa t repoze. Limenm ak sèvitè l yo te ale sekrètman nan kan Amalikya a.

Alma 51:33

Imaj
Teyankoum kanpe anba yon lalin klè nan tant Amlikya a

Teyankoum te fofile antre nan tant Amalikya a. Li te touye Amalikya avan Amalikya te ka reveye. Apresa Teyankoum te retounen nan kan li epi l te di sòlda l yo pou yo te pare pou goumen.

Alma 51:33–36

Imaj
Lamanit yo te reveye epi te sanble efreye

Lè Lamanit yo te reveye, yo te wè ke Amalikya te mouri. Yo te wè tou ke Teyankoum ak lame l la te pare pou konbat yo.

Alma 52:1

Imaj
Lamanit yo te kouri ale lwen lame Teyankoum nan

Lamanit yo te efreye epi yo te kouri ale. Plan Teyankoum nan te fè Lamanit yo twò pè pou yo te atake plis vil Nefit. Teyankoum kounyea te gen tan pou l te fè vil Nefit yo vin plis an sekirite. Li te travay anpil pou pwoteje pèp li a. Li te gen posiblite pou kenbe anpil vil Nefit an sekirite.

Alma 52:2–10