Scripture Stories
Mozya ak Zenif


“Mozya ak Zenif,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Omni 1; Mozya 9

Mozya ak Zenif

Pwoteje pa Senyè a

Imaj
Mozya k ap dirije pèp la

Nefit ak Lamanit yo te fè anpil lagè. Yon jou, Senyè a te di yon Nefit ki rele Mozya pou l te pati al nan peyi Nefi a avèk nenpòt moun ki ta vle suiv Senyè a.

Omni 1:10, 12

Imaj
Mozya k ap gade yon vil

Anpil Nefit te obeyi Senyè a epi yo te pati avèk Mozya. Senyè a te dirije yo al nan yon tè ki te gen moun abite ladan l Yo te rele pèp Zarayemla a.

Omni 1:13–14

Imaj
Mozya k ap pale avèk moun yo

Pèp Zarayemla a te sòti nan Jerizalèm tou sa te gen lontan. Yo te kontan dèske Senyè a te voye Nefit yo avèk plak eren yo. Pèp Mozya a te vin ini ansanm avèk pèp Zarayemla a. Tout pèp la te chwazi Mozya kòm wa yo. Li te anseye yo konsènan Senyè a.

Omni 1:14–19

Imaj
Zenif k ap dirije pèp la

Nefit yo t ap viv nan Zarayemla pou kèk tan lè yon gwo gwoup te retounen al nan peyi Nefi a. Yon Nefit ki te rele Zenif t ap dirije yo.

Omni 1:27–29; Mozya 9:3–5

Imaj
Wa Lamanit k ap pale

Kounyea, wa Lamanit yo te rete nan peyi Nefi a, konsa, Zenif te mande wa yo a si pèp li a ta ka rete latou. Wa a te dakò.

Mozya 9:6–10

Imaj
Lamanit k ap atake

Wa a te twonpe Zenif ak pèp li a. Li te kite yo rete nan peyi Nefi a pou l te ka pran kèk nan manje yo ak bèt yo nan apre. Pèp Zenif la te abite kote sa a nan lapè pou anpil ane. Yo te kiltive anpil manje epi yo te gen anpil bèt. Apresa, Lamanit yo te atake yo pou yo te eseye pran manje yo ak bèt yo.

Mozya 9:10–14

Imaj
Pèp Zenif la te genyen batay la

Nefi te anseye pèp li a pou yo te konfye yo nan Senyè a. Lè Lamanit yo te vini pou yo te gounen avèk yo, Zenif ak pèp li a te priye Senyè a. Senyè a te ba yo kouraj epi l te ede pwoteje yo. Yo te vin ka chase Lamanit yo. Senyè a te beni Zenif ak pèp li a poutèt lafwa yo.

Mozya 9:15–18