Scripture Stories
Koryanton


“Koryanton,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 39-42

Koryanton

Retounen al jwenn Senyè a ankò

Imaj
Koryanton k ap anseye moun yo

Koryanton sete yonn nan pitit gason Alma yo. Li t ale avèk papa li, frè l la, Chiblon, ak lòt moun pou yo te anseye yon gwoup moun ki te rele Zoramit konsènan levanjil Jezikri a.

Alma 31:5–7; 32:1

Imaj
Koryanton k ap bwè avèk moun

Pandan Koryanton te avèk pèp la, li te jwenn tantasyon pou l te fè peche. Olye l te obeyi Senyè a, li te chwazi pou l fè bagay ki te kont kòmandman Bondye yo. Poutèt sa l te fè yo, kèk nan Zoramit yo pa t kwè sa Alma ak pitit gason l yo te anseye.

Alma 39:2–5, 11–12

Imaj
Alma k ap pale avèk Koryanton

Alma te envite Koryanton repanti ak retounen al jwenn Senyè a pou padon. Koryanton te enkyete konsènan kèk pati nan plan Senyè a. Alma te ede pitit gason l yo konprann plan bonè Senyè a, Ekspyasyon Kris la, rezirèksyon, ak lavi apre lanmò. Alma te raple l ke Senyè a te gen yon travay pou l te ba l fè.

Alma 39:7–9, 13–19; 40–42

Imaj
Koryanton k ap anseye moun yo

Koryanton te koute papa l. Li te gen lafwa nan Jezi epi l te repanti pou peche l yo. Li te aprann ke Senyè a jis epi li eman ak janti tou. Koryanton te anseye ankò avèk papa l ak frè l la. Yo te anseye anpil moun konsènan lajwa ak lapè ki genyen nan repantans ak viv levanjil Jezikri a.

Alma 42:30–31; 43:1–2; 48:17–18