Scripture Stories
Sarya


“Sarya,” Istwa Liv Mòmon yo

“Sarya,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

1 Nephi 2–3; 5

Sarya

Vwayaj yon fi ki gen lafwa

Imaj
Sarya ak Leyi

Sarya te abite nan Jerizalèm avèk fanmi li. Mari li a, Leyi, te yon pwofèt Bondye. Yon jou, Senyè a te di Leyi pou l te kite Jerizalèm avèk fanmi l.

1 Nefi 2:1–3

Imaj
Sarya k ap priye

Sarya te gen lafwa nan Senyè a. Limenm ak fanmi li te kite kay yo. Yo te kite lò ak lajan yo pou yo ale avèk Leyi nan dezè a.

2 Nefi 2:4–5

Imaj
Sarya nan dezè a

Sarya ak Leyi te pote manje ak lòt bagay yo te bezwen. Apre yo te fin vwayaje pandan anpil jou, yo te monte tant yo pou yo te viv nan dezè a. Lè sa a yo te bati yon lotèl epi yo te remèsye Senyè a pou èd Li.

1 Nefi 2:4, 6– 7, 15

Imaj
Sarya te enkyete pou Nefi akoz distans la

Yon jou, Senyè a te mande pitit gason Sarya ak Leyi yo pou yo te ale Jerizalèm pou yo t al pran plak eren yo. Sarya te pè lè pitit gason l yo pa t retounen. Li te panse yo te mouri. Leyi te rekonfòte Sarya Yo te chwazi pou yo te kwè ke Senyè a t ap pwoteje pitit gason yo.

1 Nefi 3:1–2, 4–6; 5:1–6

Imaj
Sarya ak Leyi k ap swete pitit gason yo byenveni

Sarya te chaje avèk jwa lè pitit gason l yo te retounen sòti Jerizalèm. Kounyea li te konnen Senyè a te pwoteje yo. Li te genm konfyans ke Senyè a t ap ba yo pouvwa pou yo te fè sa L te mande a. Tout fanmi Sarya te kontan, epi yo te remèsye Senyè a.

1 Nefi 5:7–9