Scripture Stories
Leyi ak Sarya Kite Jerizalèm


“Leyi ak Sarya Kite Jerizalèm,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Leyi ak Sarya Kite Jerizalèm,” Istwa Liv Mòmon yo

1 Nefi 1–2

Leyi ak Sarya Kite Jerizalèm

Avètisman Senyè a bay yon fanmi

Imaj
vizyon Senyè a

Leyi ak Sarya Kite Jerizalèm avèk pitit yo. Leyi te fè yon vizyon Senyè a te ba li. Li te wè ke Senyè a ta pral vin nan mond la yon jou. Senyè a te montre l tou ke Jerizalèm ta pral detwi.

1 Nephi 1:4–18

Imaj
Leyi ap pale avèk moun ki move

Leyi te pale pèp la konsènan vizyon li a. Li te di yo ke Jezikri ta pral vini yon jou pou sove mond lan.

1 Nefi 1:18–19

Imaj
vizyon kay ki detwi

Leyi te di moun yo tou Jerizalèm te gen pou l detwi. Li te envite yo pou yo te repanti.

2 Nefi 1:14, 18–19

Imaj
moun move

Pèp la te move. Senyè a te pale avèk Leyi ankò nan yon rèv. Leyi te aprann ke li ak fanmi l pa t ap gen sekirite nan Jerizalèm. Yo te oblije kite.

1 Nefi 1:19–20; 2:1–2

Imaj
fanmi k ap kite vil la

Leyi ak Saria te obeyi Senyè a. Yo te kite vil la avèk fanmi yo. Leyi ak Saria te gen kat pitit gason ki te rele Laman, Lemyèl, Sam ak Nefi. Yo te oblije kite kay yo ak bèl bagay yo dèyè.

1 Nefi 2:3–5

Imaj
fanmi k ap vwayaje

Fanmi an te vwayaje nan dezè a pre Lanmè Wouj la. Leyi te remèsye Seyè a poutèt Li beni fanmi l. Li te anseye fanmi l pou yo suiv Senyè a ak kenbe kòmandman L yo.

1 Nefi 2:5–10

Imaj
fanmi nan dezè

Laman ak Lemyèl te plenyen. Yo te pèdi kay yo ak tout bagay yo te kite dèyè yo. Yo pa t konnen poukisa Senyè a te mande yo pou yo sòti. Yo pa t kwè yon gwo vil tankou Jerizalèm te ka detwi.

1 Nefi 2:11–13

Imaj
Laman ak Lemyèl

Laman ak Lemyèl te panse Leyi t ap imajine vizyon li yo. Sa k t ap pase si fanmi an te pèdi nan dezè a?

1 Nefi 2:11

Imaj
Nefi

Nefi te vle konnen pou tèt pa l sa Leyi t ap di yo sete laverite. Li te priye epi l mande Senyè a.

1 Nefi 2:16

Imaj
Nefi

Senyè a te voye Sentespri a pou ede Nefi kwè pawòl papa l yo. Nefi te kwè Senyè a epi l te pataje sa l te aprann avèk frè l yo. Sam te koute Nefi epi l te kwè l, men, Laman ak Lemyèl pa t koute.

1 Nefi 2:16–18