Scripture Stories
Pyebwa Lavi a.


“Pyebwa Lavi a,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Pyebwa Lavi a,” Istwa Liv Mòmon yo

1 Nefi 8

Pyebwa Lavi a.

Rèv enspire Leyi a

Imaj
Leyi k ap pale avèk fanmi li

Yon jou swa, Leyi te resevwa yon rèv nan men Senyè a. Li te rakonte fanmi l rèv la.

1 Nefi 8:2–4

Imaj
zanj k ap pale avèk Leyi

Nan rèv li a, Leyi te wè yon nonm abiye avèk wòb blan. Nonm nan te di Leyi pou l te suiv li.

1 Nefi 8:5–6

Imaj
Leyi nan fènwa

Leyi te wè li te nan yon espas fènwa ki te vid. Li te mache pandan plizyè èdtan. Men, fènwa a pa t ale. Finalman, Leyi te priye pou èd.

1 Nefi 8:7–8

Imaj
Leyi k ap gade pyebwa ki gen fwi a

Lè Leyi te fin priye, li te wè yon teren laj. Sou teren sa a, te gen yon pyebwa avèk fwi blan. Leyi te panse fwi a t ap fè l kontan, konsa, li te manje l. Nanm li te ranpli avèk lajwa.

1 Nefi 8:9–12

Imaj
Leyi k ap manje fwi pandan Sarya, Sam, ak Nefi kanpe bò rivyè a

Fwi a te pibon pase tout lòt fwi. Li te dous epi l te delisye. Leyi te vle pataje l avèk fanmi l. Li te konnen fwi a t ap fè yo kontan tou. Leyi te wè Saria, Sam ak Nefi ki te kanpe bò yon rivyè. Yo te sanble yo pèdi. Leyi te rele yo avèk yon vwa fò. Li te mande yo te vini pou yo te manje fwi a

1 Nefi 8:11–15

Imaj
Laman ak Lemyèl k ap mache ale

Sarya, Sam ak Nefi te vin bò kote pyebwa a epi yo te manje fwi a. Leyi te chèche Laman ak Lemyèl. Li te vle pou yo te kontan manje fwi a tou. Men, yo pa t vle vin manje fwi a.

1 Nefi 8:16–18

Imaj
moun k ap vini kote pyebwa a

Apresa, Leyi te wè yon santye avèk yon bafè ki te mennen nan yon pyebwa. Li te wè anpil moun ki t ap mache sou santye a. Soudènman, yon fènwa epè te parèt. Fènwa a te fè l difisil pou moun yo te wè. Sèl fason pou yo t ale nan pyebwa a sete pou te kenbe bafè a.

1 Nefi 8:19–24

Imaj
men ki kenbe bafè a

Kèk moun te kite santye a epi yo te pèdi. Lòt moun te kenbe bafè a epi yo te avanse.

1 Nefi 8:23–24

Imaj
Fi k ap manje fwi

Lè yo te rive nan pyebwa a, yo te manje fwi a.

1 Nefi 8:24

Imaj
pyebwa, rivyè ak gwo kay laj la

Leyi te gade epi l te wè yon gwo kay laj chaje avèk moun. Yo te moke moun ki te manje fwi a. Kèk nan moun ki te manje fwi a te wont lè lòt moun t ap ri yo, konsa, yo te kite pyebwa a. Yo te mache egare epi yo te pèdi.

1 Nefi 8:25 -28, 31–32

Imaj
moun bò pyebwa a

Nan rèy la, Leyi te wè plis moun ki te kenbe bafè a. Yo te avanse pazapa jiskaske yo te rive bò pyebwa a. Apresa, yo te ajenou bò pyebwa a epi yo te manje fwi a. Yo pa t koute moun yo ki te nan gwo kay la. Yo te chwazi pou yo te rete bò pyebwa a.

1 Nefi 8:30–33

Imaj
Leyi k ap pale avèk fanmi li

Lè Leyi te reveye, li te enkyete pou Laman ak Lemyèl. Yo pa t manje fwi a nan rèv li a. Leyi te renmen Laman ak Lemyèl. Li te espere pou yo te rete pre Senyè a. Li te envite yo pou yo te kenbe kòmandman Bondye yo.

1 Nefi 8:36–38