Scripture Stories
Jedeyon, Alma, ak Neyò


“Jedeyon, Alma ak Neyò,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Jedeyon, Alma ak Neyò,” Istwa Liv Mòmon yo

Alma 1

Jedeyon, Alma, ak Neyò

Defann laverite avèk pawòl Bondye yo

Imaj
Jèn Alma k ap koute papa l

Nefit yo te chwazi Jèn Alma a kòm chèf jij yo. Alma te gran prèt Legliz la tou.

Mozya 29: 41–44

Imaj
Neyò k ap lonje dwèt sou syè la

Yon nonm ki te rele Neyò te kòmanse anseye pèp la yon bagay li te rele pawòl Bondye. Men, li te anseye pèp la ke li pa t bezwen obeyi Bondye oubyen repanti.

Alma 1: 2–4, 15

Imaj
moun k ap pote lajan bay Neyò

Anpil moun te renmen ak kwè sa Neyò t ap di yo. Li te vle pèp la ba l lajan ak louwanj. Li te panse li te pi bon pase lòt moun. Li te fè legliz pa l epi anpil moun te koute l.

Alma 1:3, 5–6

Imaj
Neyò k ap diskite avèk Jedeyon

Yon jou, Neyò te rankontre yon granmoun gason ki te rele Jedeyon. Jedeyon te yon enstriktè nan Legliz Bondye a epi l te fè anpil bon bagay. Neyò te vle moun kite Legliz la, konsa, li te diskite avèk Jedeyon. Jedeyon te itilize pawòl Bondye yo pou l te montre ke Neyò pa t ap anseye laverite. Neyò te fache. Li te touye Jedeyon avèk epe li.

Alma 1:7–9, 13

Imaj
Neyò k ap diskite avèk Alma

Pèp la te mennen Neyò bay Alma pou jije l. Neyò te eseye defann sa l te fè a. Li pa t vle yo pini l.

Alma 1:10–11

Imaj
Alma k ap fè jijman

Alma te di ansèyman Neyò yo pa t bon epi yo te ka andomaje pèp la. Alma te obsève lwa a. Poutèt Neyò te touye Jedeyon, Neyò te pase anba lanmò.

Alma 1:12–15

Imaj
Alma k ap panse a pèp la

Anvan l te mouri, Neyò te di pèp la ke li te bay manti. Li pa t anseye pawòl Bondye. Malgre Neyò te di li antò, anpil moun te suiv egzanp li. Yo te bay moun manti pou yo te ka gen louwanj ak lajan. Men, lòt moun te koute Alma. Yo te pran swen pòv yo ak kenbe kòmandman Bondye yo.

Alma 1:15 -16, 25–30