Scripture Stories
Alma ak Amilèk nan Prizon


“Alma ak Amilèk nan Prizon,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 14

Alma ak Amilèk nan Prizon

Lafwa nan Senyè a pandan moman difisil yo

Imaj
Alma ak Amilèk avèk gad yo

Alma ak Amilèk te anseye levanjil la nan vil Amoniya a. Kèk moun te kwè nan Senyè a epi yo te repanti. Men anpil lòt moun te fache kont Alma ak Amilèk epi yo te vle detwi yo. Moun ki fache yo te mare Alma ak Amilèk epi mennen de mesye yo nan vil jij anchèf la.

Alma 8:29–30; 14:1–4

Imaj
Alma ak Amilèk avèk men yo mare

Jij anchèf la pa t kwè ke pèp li a te bezwen repanti. Moun yo te fache kont Alma ak Amilèk. Yo te fè mesye ki te kwè sa Alma ak Amilèk te anseye yo kite vil la. Apresa yo te lage fi yo ak timoun ki te kwè nan Senyè a nan yon dife.

Alma 14:3, 5– 9, 14, 16

Imaj
Amilèk ak Alma parèt tris anpil.

Amilèk te tris anpil lè li te wè moun yo t ap soufri. Li te mande Alma pou l te itilize pouvwa Bondye pou sove yo. Men Alma te di Lespri Bondye pa t ap abandone yo. Li te di Amilèk ke fi yo ak timoun yo t apral jwenn Bondye. Senyè a ta pral jije moun ki te touye yo a.

Alma 14:9–11

Imaj
jif anchèf la k ap ri

Jij anchèf la te griyen dan sou Alma ak Amilèk paske Senyè a pa t pwoteje fi yo ak timoun yo. Li te voye Alma ak Amilèk nan prizon.

Alma 14:14–17

Imaj
Alma ak Amilèk nan prizon

Apre twa jou, jij anchèf la te ale nan prizon an avèk fo prèt li yo. Yo te poze anpil kesyon. Men Alma ak Amilèk pa t ap reponn yo.

Alma 14:18–19

Imaj
jif anchèf la k ap ri Alma ak Amilèk nan prizon

Jij anchèf la ak prèt li yo te fè zak mechanste kont Alma ak Amilèk. Yo pa t bay Alma ak Amilèk okenn manje ni dlo. Epi yo te pase sa Alma ak Amilèk t ap anseye yo nan betiz.

Alma 14:19–22

Imaj
Amilèk ak Alma ki mare pandan jij anchèf la toupre

Alma ak Amilèk te soufri pandan anpil jou. Jij anchèf la te vini ankò avèk prèt li yo. Li te di Alma ak Amilèk ke si yo te gen pouvwa Bondye, yo ta dwe kase kòd ki te mare yo a. Lè sa a, li t ap kwè yo.

Alma 14:23–24

Imaj
Amilèk ak Alma kanpe

Alma ak Amilèk te santi pouvwa Bondye. Yo te kanpe. Alma te gen lafwa nan Senyè a epi li te mande l pouvwa pou kase kòd yo.

Alma 14:25–26

Imaj
kòd k ap kase

Alma ak Amilèk te kase kòd yo. Jij anchèf la ak prèt li yo te vin pè. Yo te eseye kouri ale, men lè sa a tè a te kòmanse souke.

Alma 14:26–27

Imaj
Amilèk ak Alma anlè tèt prizon ki detwi a

Miray prizon yo te tonbe sou jij anchèf la ak prèt yo, epi yo te mouri. Men Senyè a te kenbe Alma ak Amilèk an sekirite. Lè moun yo te tande bri a, yo te kouri pou yo t al wè sa ki t ap pase a. Se Alma ak Amilèk sèlman ki te mache soti nan prizon an. Moun yo te sitèlman pè Alma ak Amilèk ke yo te kouri ale lwen.

Alma 14:27–29