Scripture Stories
Lyawona a ak Flèch Kase a


“Lyawona a ak Flèch Kase a,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

1 Nefi 16

Lyawona a ak Flèch Kase a

Chèche èd Senyè a

Imaj
Fanmi yo ki chita alantou yon kan dife

Fanmi Leyi ak Izmayèl la te vwayaje nan dezè a pandan plizyè ane. Senyè a te dirije yo al nan pibon pati nan tè a. Yo te oblije fè lachas epi kolekte manje sou chemen an. Sete yon vwayaj ki te rèd.

1 Nephi 16:14; 17:1, 4

Imaj
Leyi k ap gade solèy leve

Senyè a te pwomèt pou l te dirije fanmi an al nan yon bon tè si yo te kenbe kòmandman yo. Yo pa t konnen kòman pou yo te jwenn tè a, men, Li t ap gide yo.

1 Nefi 2:20; 10:13; 17:13–14

Imaj
Leyi ki kenbe Lyawona a

Yon maten, Leyi te etone lè l te jwenn yon boul an eren deyò tant li a. Boul la te rele Lyawona. Andedan Lyawona a, yon flèch te pwente direksyon pou gwoup la te vwayaje a. Kèkfwa, yo te jwenn mesaj nan men Senyè a ki te ekri sou Lyawona a. Sete fason Senyè a te gide yo.

1 Nefi 16:10, 16, 26–29; Alma 37:38

Imaj
Nefi avèk flèch kase a ak Laman ak Lemyèl k ap plenyen.

Yon jou pandan Nefi t ap fè lachas, flèch anfè l a te kase. Fanmi an pa t ka gen manje san li. Frè Nefi yo te fache kont li ak kon Senyè a.

1 Nefi 16:18–21

Imaj
Nefi ki kenbe flèch kase a ak Leyi ki fache

Yo tout te fatige ak grangou. Kèk nan pami yo te tris epi yo t ap plenyen. Yo te pè pou yo pa t mouri anba grangou. Menm Leyi te plenyen bay Senyè a.

1 Nefi 16:19–22, 35

Imaj
Nefi ki kenbe mato ak rato

Nefi te fè yon nouvo ark ak yon flèch anbwa. Li te gen lafwa ke Senyè a t ap ede l jwenn manje.

1 Nefi 16:23

Imaj
Leyi ak Nefi k ap gade Lyawona a

Nefi te mande Leyi ki kote pou l t al fè lachas. Leyi te regrèt poutèt li te plenyen. Li te repanti epi l te mande Seyè a èd. Senyè a te di Leyi pou l te gade Lyawona a. Yon mesaj te ekri sou li. Fanmi yo te aprann ke Lyawona a travay sèlman lè yo te gen lafwa nan Senyè a ak lè yo obeyi kòmandman yo.

1 Nefi 16:23–29

Imaj
Fanmi Leyi k ap gade Nefi k ap pote yon bèt li te chase.

Seyè a te konn pafwa chanje mesaj sou Lyawona a pou te ede yo pandan vyawaj yo a. Lyawona a te ede Nefi konnen ki kote pou l te fè lachas. Li te retounen avèk manje epi yo tout te kontan. Yo te repanti epi yo te remèsye Senyè a.

1 Nefi 16:28–32