Scripture Stories
Konsènan Liv Mòmon an


“Konsènan Liv Mòmon an,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Konsènan Liv Mòmon an

Jezikri ak Pèp Li a an Amerik

Imaj
Jezi se limyè selès

Liv Mòmon an se ekriti. Li anseye nou konsènan Senyè Jezikri ak vizit Li an Amerik la sa gen lontan. Nan Liv Mòmon an, nou ka aprann konsènan levanjil Jezikri a. Li anseye nou fason pou nou gen lapè kounyea ak kòman pou nou viv avèk Bondye ak Jezi ankò yon jou.

Paj tit Liv Mòmon an; entwodiksyon Liv Mòmon an; 3 Nefi 11

Imaj
pwofèt ak manman avèk pitit

Se pwofèt Bondye ki te ekri Liv Mòmon an. Yo te ekri sou paj an metal ki rele plak. Istwa ak temwayaj yo ede nou gen lafwa nan Jezi. Yo te ekri konsènan anpil gwoup moun ki te viv nan Amerik yo sa gen anpil ane.

Paj tit Liv Mòmon an; entwodiksyon Liv Mòmon an

Imaj
Nefi ak fanmi l sou bato

Yon gwoup te sòti an Jerizalèm vin an Amerik 600 ane anvan Jezi te fèt. Yo te vin tounen de nasyon ki te rele Lamanit ak Nefit.

Entwodiksyon Liv Mòmon an; 1 Nefi 1:4

Imaj
Jaredit yo kite tou a

Lontan anvan, yon lòt gwoup te sòti nan Tou Babèl la vin an Amerik. Yo te rele yo Jaredit.

Entwodiksyon Liv Mòmon an; Etè 1:33–43

Imaj
Samyèl k ap anseye konsènan nesans Jezi

Pwofèt Bondye yo te anseye pèp la. Lè moun yo te koute epi yo te kenbe kòmandman Bondye, Li te ede yo. Pwofèt yo te anseye konsènan Jezikri epi yo te di Li ta pral fèt nan Jerizalèm. Nefit ak yo Lamanit yo te aprann ke Jezi ta pral vizite yo apre lanmò Li.

2 Nefi 1:20; 25:12–14; 26:1, 3, 9; Mozya 3:5–11; Alma 7:9–13; Elaman 3

Imaj
Jezi resisite a avèk timoun yo

Jezi te vini jan pwofèt la te di a. Apre Jezi te mouri epi L te resisite, Li te vizite pèp la. Li te kite chak moun touche enprent klou nan men L ak pye Li. Yo te konnen Jezi se Pitit Gason Bondye. Li te anseye Levanjil Li a, epi moun yo te ekri l. Yo te pale konsènan vizit Jezi a pandan anpil ane.

3 Nefi 11:7–15, 31–41; 16:4; 4 Nefi 1:1–6, 13–22

Imaj
Mòmon ansanm ak plak lò yo.

Mòmon sete yon pwofèt ki te viv kèk santèn ane apre Jezi te vizite a. Pandan lavi Mòmon, pèp la te sispann suiv Senyè a. Mòmon te gen ekriti pwofèt ki te viv anvan l yo. Li te mete anpil nan ekriti yo ansanm vin fè yon sèl gwoup plak. Plak sa yo te vin tounen Liv Mòmon an.

Entwodiksyon Liv Mòmon an; Pawòl Mòmon yo 1:2–9; Mòmon 1:2–4, 13–17

Imaj
Mowoni ki ap antere plak lò yo.

Anvan Mòmon te mouri, li te bay Mowoni plak yo. Pandan lavi Mowoni, pèp la t ap fè move bagay. Yo te vle touye nenpòt moun ki kwè nan Jezi. Mowoni te vle ede pèp la nan lavni, konsa, li te ekri plis bagay sou plak yo epi l te antere yo pou kenbe yo an sekirite.

Entwodiksyon Liv Mòmon an; Pawòl Mòmon 1:1–2; Mòmon 8:1–4, 14–16; Mowoni 1

Imaj
zanj Mowoni ki parèt devan Joseph Smith

Anpil ane apre, an 1823, Mowoni te vini kòm yon zanj pou vizite Pwofèt Joseph Smith. Mowoni te di Joseph kote plak yo te ye. Avèk èd Bondye, Joseph te tradui sa ki te ekri sou plak yo.

Entwodiksyon Liv Mòmon an; Istwa —Joseph Smith 1

Imaj
sè ak frè k ap li ekriti yo

Bondye voye Sentespri a pou ede w konnen kilè yon bagay se laverite. Lè w li liv Mòmon an, ou ka priye epi mande Bondye si li vre. Nan menm fason an tou, ou ka konnen ke Jezikri se Sovè w epi L renmen w.

Entwodiksyon Liv Mòmon an; Mowoni 10:3–5