Scripture Stories
Alma, Amilèk, ak Zizwòm


“Alma, Amilèk, ak Zizwòm,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 4–12

Alma, Amilèk, ak Zizwòm

Chwazi pou kwè nan ak obeyi Bondye

Imaj
Pèp la atake Alma

Alma te wè anpil manm Legliz pa t ap obeyi kòmandman Bondye yo. Konsa, Alma te ale de vil an vil ap preche pawòl Bondye a. Anpil moun te repanti. Apresa, Alma te vini nan yon vil ki te rele Amoniya. Pèp nan kote sa a pa t koute li. Yo te krache kont li epi yo te mete l deyò nan vil la.

Alma 4:11–20; 5–7; 8:1–13

Imaj
zanj k ap pale avèk Alma

Alma te santi l tris pandan l t ap kite vil la. Li te enkyete pou pèp la. Epi, yon zanj te vin kote l. Zanj lan te di Alma te ka kontan poutèt li te obeyi Bondye. Zanj lan te di Alma pou l te retounen nan vil la pou l avèti pèp la. Si yo pa t repanti, yo t ap detwi. Alma te retounen vit.

Alma 8:14–18

Imaj
Alma k ap pale avèk Amilèk

Lè Alma te rive nan vil la, li te grangou anpil. Li te jene pandan anpil jou. Alma te mande yon mesye ki te rele Amilèk manje.

Alma 8:19, 26

Imaj
Amilèk te envite Alma antre

Amilèk te rakonte Alma yon vizyon li te fè. Nan vizyon an, yon zanj te di Amilèk ke Alma sete yon pwofèt Bondye. Amilèk te vle ede Alma.

Alma 8:20

Imaj
Alma k ap salye fanmi Amilèk

Amilèk te mennen Alma lakay epi l te ba l manje pou l te manje. Alma te rete lakay Amilèk pou anpil jou. Bondye te beni Amilèk ak fanmi l. Nan apre, Bondye te di Alma ak Amilèk pou yo di pèp la nan vil la pou yo te repanti. Alma ak Amilèk te obeyi. Bondye te ba yo pouvwa Li pou te ede yo anseye.

Alma 8:21–32; 9–13

Imaj
Zizwòm k ap ofri lajan

Youn nan moun ki te tande yo preche yo te rele Zizwòm. Li te entelijan anpil epi l te vle twonpe Alma ak Amilèk. Zizwòm te di Amilèk ke li t ap ba li anpil lajan si l te di ke Bondye pa t reyèl. Li te vle Amilèk bay manti pou pèp la pa t kwè sa Alma ak Amilèk t ap preche yo.

Alma 10:29–32; 11:21–25; 12:4–6

Imaj
Alma ak Amilèk k ap pale avèk Zizwòm

Men, Amilèk pa t vle bay manti konsènan Bondye. Li te di ke Bondye reyèl. Amilèk ak Alma te konnen panse Zizwòm. Zizwòm te etone epi l te poze yo anpil kesyon. Yo te anseye Zizwòm ke Bondye gen yon plan pou tout moun. Zizwòm te kwè sa Alma ak Amilèk te anseye konsènan Bondye ak Jezikri yo.

Alma 11:23–46; 12:1–18, 24–34; 14:6–7; 15:6–7

Imaj
Zizwòm k ap mache avèk Alma ak Amilèk

Zizwòm te regrèt anpil pou move bagay li te fè yo. Li te vin malad. Alma ak Amilèk te vizite l. Alma te di Zizwòm te ka geri paske Zizwòm te gen lafwa nan Jezi. Alma te mande Bondye pou te geri li. Zizwòm te vole kanpe sou pye l. Li te geri! Li te batize epi anseye pèp la pou rès lavi li.

Alma 15:1–12; 31:6, 32