Scripture Stories
Yon Bato pou Travèse Lanmè a


“Yon Bato pou Travèse Lanmè a,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Yon Bato pou Travèse Lanmè a,” Istwa Liv Mòmon yo

1 Nefi 17–18

Yon Bato pou Travèse Lanmè a

Prepare pou ale nan tè pwomiz la

Imaj
fanmi yo bò lanmè a

Abondans te yon tè chaje avèk fui ak myèl. Sete yon kote ki bèl pou moun viv. Fanmi Leyi ak Sarya a te rete bò plaj lanmè a epi yo te gen tout sa yo te bezwen.

1 Nefi 17:5–6

Imaj
Nefi ap priye

Apre anpil jou, Senyè a te di Nefi pou l t ale sou yon mòn pou l te priye. Se la Senyè a te di l pou l te bati yon bato pou te mennen fanmi l travèse lanmè a.

1 Nefi 17:7–8

Imaj
Nefi k ap gade wòch yo

Senyè a te montre l kòman pou l te bati bato a. Men, Nefi pa t konnen ki kote pou l te jwenn metal pou l te fè zouti. Senyè a te montre Nefi ki kote pou l t al chèche metal.

1 Nefi 17:8–10

Imaj
Nefi k ap travay pandan Laman ak Lemyèl ap pale

Nan apre, Nefi te limen yon dife pou l te fè zouti. Laman ak Lemyèl te gade frè yo a, Nefi. Yo pa t vle ede l bati bato a. Yo te panse ke sete yon move ide pou yo eseye travèse lanmè a.

1 Nefi 17: 11, 16–18

Imaj
Laman ak Lemyèl fache kont Nefi

Laman ak Lemyèl pa t kwè ke Senyè a te di Nefi pou l te bati yon bato. Nefi te mande yo poukisa yo te toujou pa gen lafwa nan Senyè a. Li te raple frè l yo ke yo te wè yon zanj epi yo te konnen pouvwa Senyè a. Laman ak Lemyèl te vin tèlman move ke yo te vle touye Nefi.

1 Nefi 17:18 -19, 45–48

Imaj
Laman ak Lemyèl atè a

Men, Nefi te chaje avèk pouvwa Bondye. Nefi te avèti Laman ak Lemyèl pou yo pa t touche l. Yo te pè epi yo pa t pran chans touche Nefi pou plizyè jou. Apresa, Senyè a te di Nefi pou l te lonje men l sou frè l yo. Lè Nefi te lonje men l sou yo, yo te santi pouvwa Senyè a ki te souke yo.

1 Nefi 17:48, 52–55

Imaj
tout moun ap travay nan bato a

Laman ak Lemyèl te adore Senyè a epi yo te ede bati bato a. Nefi te priye Senyè a anpil fwa pou èd. Bato fanmi Nefi a te bati a te bèl. Apre anpil jou, bato a te fini, epi yo te wè l te bon. Fanmi Nefi te konnen ke Senyè a te ede yo.

1 Nefi 18:1–4