Scripture Stories
Enòs


“Enòs,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Enòs,” Istwa Liv Mòmon yo

Enòs 1

Enòs

Yon priyè puisan devan Senyè a

Imaj
Enòs al lachas

Jakòb bay Enòs, pitit gason li a plak yo. Enòs te ekri sou yo jan Jakòb te fè a. Yon jou Enòs te ale lachas nan forè a. Li te sonje sa papa l te anseye l konsènan Senyè a. Jakòb te anseye Enòs ke si l te suiv Senyè a sa t ap ba li lajwa.

Jacob 7:27; Enos 1:2–3

Imaj
Enòs k ap priye pandan lajounen

Enòs te vle santi lajwa papa l t ap pale a Li te deside pou l te priye Senyè a. Li te priye tout lajounen rive jis lannuit.

Enòs 1:3–4

Imaj
Enòs k ap gade anlè

Senyè te di Enòs peche l yo te padone. Enòs te santi l kontan anpil. Enòs te santi l beni poutèt lafwa l nan Jezikri.

Enòs 1:3, 5–8

Imaj
Enòs k ap priye nan nuit

Enòs te vle Nefit yo santi kè kontan sa a tou. Li te kontinye priye. Li te mande Senyè a pou Nefit yo te santi menm lajwa a.

Enòs 1:9

Imaj
Enòs ki santi l kontan

Senyè a te di Enòs ke li t ap avèk Nefit yo si yo te kenbe kòmandman l yo. Lè Enòs te tande sa, lafwa l nan Jezikri te vin menm pifò.

Enos 1:10–11

Imaj
Enòs k ap ekri sou plak lò yo

Enòs te priye ankò. Li te mande Senyè a pou l te beni Lamanit yo epi pou l te kenbe ekriti sou plak yo an sekirite. Li te vle pou Lamanit yo te ka li plak yo pou yo te kwè nan Senyè a. Senyè a te pwomèt Enòs ke Lamanit yo t ap li ekriti yo yon jou.

Enòs 1:11–17