Scripture Stories
Siy Nesans Jezi yo


“Siy Nesans Jezi yo,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

3 Nefi 1

Siy Nesans Jezi yo

Lafwa nan ansèyman yon pwofèt

Imaj
manman ak papa avèk yon tibebe ak timoun k ap mache nan vil la

Sete apeprè senk ane depi Samyèl pwofèt la te anseye konsènan siy sou nesans Jezikri yo. Anpil moun te kwè epi yo t ap tann siy yo. Lòt moun yo te di Samyèl te gen tò epi moman pou siy yo te deja pase. Yo te pase kwayan yo nan betiz epi yo te di Jezi pa t ap vini.

Elaman 14:2–7; 3 Nefi 1:4–6

Imaj
fanmi chit alakay yo, epi papa a ap pale

Kwayan yo te enkyè, men yo te gen lafwa. Yo te kontinye ap rete tann siy yo. Yon siy sete yon nuit kote li pa t ap gen fènwa. Li ta pral briyan menmjan ak lajounen menm apre solèy la te fin kouche. Lannuit san tenèb la se t ap yon siy ke Jezi ta pral pran nesans nan demen nan yon lòt peyi.

Elaman 14:2–4; 3 Nefi 1:7–8

Imaj
fanmi ki efreye pandan moun ap rele sou yo

Moun ki pa t kwè yo te prepare yon plan. Yo te chwazi yon jou epi yo te di ke si siy lan pa t parèt nan jou sa a. yo ta pral touye kwayan yo.

3 Nefi 1:9

Imaj
Nefi wè moun yo ki te mechan kont fanmi an

Yon mesye ki te rele Nefi sete yon pwofèt nan epòk sa a. Li te tris anpil paske kèk nan moun yo te vle touye kwayan yo.

3 Nefi 1:10

Imaj
Nefi ajenou pou l priye

Nefi te bese tèt li atè epi l te priye Bondye pou kwayan yo ki ta pral mouri akoz lafwa yo. Li te priye tout jounen an.

3 Nefi 1:11–12

Imaj
Nefi mete men li ansanm epi l priye

An repons pou priyè l la, Nefi te tande vwa Jezi. Jezi te di siy lan t ap vini jou swa sa a epi apresa Li ta pral pran nesans nan jou apre a.

3 Nefi 1:12–14

Imaj
moun k ap gade nan syèl la avèk etònman

Jou swa sa a pa t gen fènwa menm apre solèy la te fin kouche. Moun ki pa t kwè pawòl Samyèl yo te sitèlman sezi ke yo te tonbe atè. Yo te pè paske yo pa t kwè. Yo pa t ka touye moun ki te kwè yo ankò.

3 Nefi 1:15–19

Imaj
fanmi k ap gade yon syèl ble klè avèk etònman

Nan jou apre a, solèy la te leve ankò epi syèl la te rete klè. Tout moun te konnen ke sa sete jou Jezi ta pral pran nesans lan.

3 Nefi 1:19

Imaj
moun yo gade nan syèl la epi yo wè yon nouvo zetwal

Moun yo te wè yon lòt siy. Yon nouvo zetwal te parèt nan syèl la. Tout siy ke Samyèl te pale yo te vin reyalite. Anpil lòt moun te kwè epi yo te vin batize.

Elaman 14:2–7; 3 Nefi 1:20–23