Scripture Stories
Frè yo, Nefi ak Leyi


“Frè yo, Nefi ak Leyi,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Elaman 3–6

Frè yo, Nefi ak Leyi

Tande yon vwa ki soti nan syèl

Imaj
frè yo, Nefi ak Leyi, anseye pèp la, epi gen yon lame Lamanit toupre a

Nefi ak Leyi sete frè ki te vle tout moun aprann konsènan levanjil Jezikri a. Nefit ak Lamnit yo te nan lagè, men yo te kontinye anseye moun nan toulède gwoup yo. Yon jou pandan yo t ap vwayaje pou anseye moun yo, yon lame Lamanit te mete yo nan prizon.

Elaman 3:20–21, 37; 4:4–5, 14; 5:4–21

Imaj
Lame Lamanit k ap mache nan direksyon prizon Nefi ak Leyi te ladan l lan

Anpil jou apre, lame a te vini nan prizon an pou yo te egzekite Nefi ak Leyi.

Elaman 5:12

Imaj
yon wonn dife ak limyè pwoteje Nefi ak Leyi, sòlda yo tonbe, epi yon nyaj sonb parèt

Avan moun yo te ka blese Nefi ak Leyi, yon wonn dife te parèt pou antoure yo. Dife a pa t boule yo. Okontrè, Bondye te kenbe yo an sekirite. Apresa tè a te tranble. Sete kòmsi miray prizon yo ta pral tonbe. Byen vit, yon nyaj sonb te kouvri tout lòt moun nan prizon an. Moun yo te pè anpil.

Elaman 5:23–28

Imaj
moun ki kanpe nan yon nyaj fènwa ap gade yon reyon limyè

Yon vwa ki te soti anwo te pale nan nyaj fènwa a. Li te trankil, tankou yon chichotman, men moun yo te santi li nan kè yo. Sete vwa Bondye. Bondye te di yo pou yo te repanti.

Elaman 5:29–30, 46–47

Imaj
gason ak fi k ap gade anlè atravè nyaj fènwa ki gaye

Tè a ak prizon an te souke plis. Vwa te vini ankò epi l te di moun yo pou yo repanti. Moun yo pa t ka deplase akoz nyaj la ak krent yo.

Elaman 5:31–34

Imaj
Aminadab lonje dwèt sou Nefi ak Leyi, ki t ap briye epi ap gade anlè

Yon mesye nan foul la te rele Aminadab. Li te yon manm Legliz Bondye a yon fwa. Li te wè ke vizaj Nefi ak Leyi te kòmanse briye anpil. Yo te sanble tankou zanj. Sete kòmsi yo t ap pale avèk yon moun nan syèl la. Aminadab te di tout moun pou yo te vire gade Nefi ak Leyi.

Elaman 5:35–39

Imaj
anpil gason ak fi k ap gade anlè atravè nyaj epè yo epi priye

Moun yo te mande Aminadab kisa yo ta ka fè pou debarase yo de nyaj tenèb la. Aminadab te pataje sa li te konnen konsènan Bondye ak Jezi. Lite di moun yo pou yo repanti, gen lafwa nan Jezi, epi priye Bondye. Moun yo te koute Aminadab. Yo te priye jiskaske fènwa a te disparèt.

Elaman 5:40–42

Imaj
moun k ap priye pandan limyè ak dife antoure yo

Dife ki soti nan Bondye te antoure tout moun yo epi li pa t boule yo. Moun yo te ranpli avèk Sentespri a epi yo te kontan anpil. Yo te di bagay ekstraòdinè. Vwa a te vini ankò. Li te di yo pou yo te gen lapè akoz lafwa yo nan Jezi. Zanj te vini epi te vizite moun yo.

Elaman 5:43–49

Imaj
Nei ak Leyi kite prizon an, epi moun yo ap gade

Nefi, Leyi, ak tout moun yo te kite prizon an. Yo te di moun yo nan tout peyi a sa yo te wè ak sa yo te tande nan jou sa a. Pifò nan Lamanit yo te kwè yo epi yo te chwazi pou suiv Jezi. Yo te sispann goumen nan lagè a. Olyesa, yo te ede moun yo vin gen lafwa nan Jezi epi repanti.

Elaman 5:50–52; 6:1–6