Scripture Stories
Anti-Nefi-Leyi yo


“Anti-Nefi-Leyi yo,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 23–27

Anti-Nefi-Leyi yo

Moun ki te chwazi pou renmen ènmi yo

Imaj
Amon ap anseye moun anba yon pyebwa

Anpil Lamanit te aprann konsènan Bondye nan men Amon ak frè l yo. Lamanit sa yo te gen lafwa solid nan Senyè a epi yo te suiv kòmandman Bondye yo. Yo te vle gen yon nouvo non, konsa yo te rele tèt yo Anti-Nefi-Leyi olyede Lamanit.

Alma 23:3–7, 16–17

Imaj
Fanmi k ap koute Amon k ap anseye

Anti-Nefi-Leyi yo te chanje akoz lafwa yo nan Bondye. Yo te repanti pou move bagay yo te konn fè yo. Yo te konnen ke Bondye te renmen yo epi padone yo.

Alma 24:8–14

Imaj
Anti-Nefi-Leyi yo jete zam yo nan yon twou byen fon

Lamanit yo te fache epi yo t ap prepare yo pou atake Anti-Nefi-Leyi yo. Olye yo te goumen, Anti-Nefi-Leyi yo te fè yon pwomès avèk Bondye. Yo te di yo pa t ap janm blese moun ankò. Pou montre sa, yo te antere zam yo. Yo te chwazi pou renmen ènmi yo olye yo te blese oswa touye yo.

Alma 24:1–19; 26:31–34

Imaj
Lamanit ankòlè ki kenbe zam yo

Lamanit ki pa t kwè nan Bondye yo te atake Anti-Nefi-Leyi yo.

Alma 24:20

Imaj
De Anti-Nefi-Leyi ajenou ap priye.

Anti-Nephi-Leyi yo te gen lafwa ke si yo te touye yo, yo ta pral viv avèk Bondye. Yo te kenbe pwomès yo te fè Bondye a epi yo pa t goumen avèk Lamanit yo.

Alma 24:16, 21

Imaj
Lamanit yo te sispann atake

Olye yo te goumen, Anti-Nefi-Leyi yo te priye. Lè Lamanit yo te wè sa, anpil nan yo te sispann atake. Yo te santi yo mal paske yo t ap touye moun. Lamanit sa yo te chwazi tou pou yo pa janm blese moun ankò. Yo te vin ini avèk Anti-Nefi-Leyi yo.

Alma 24:21–27; 25:13–16

Imaj
Amon ak Anti-Nefi-Leyi yo k ap vwayaje

Amezi tan t ap pase, plis moun t ap atake. Amon ak frè l yo te tris paske Anti-Nefi-Leyi yo t ap soufri. Yo te mande wa a pou l te deplase pèp li a al viv avèk Nefit yo. Wa a te di yo t aprale si Senyè a te vle yo fè sa. Amon te priye Senyè a te di yo ta dwe ale epi ke Li t ap kenbe yo an sekirite.

Alma 27:2–15

Imaj
Nefit yo akeyi pèp Anti-Nefi-Leyi a

Nefit yo te bay Anti-Nefi-Leyi yo espas pou yo te viv epi yo te pwoteje yo. An retou, Anti-Nefi-Leyi yo te bay Nefit yo manje. Anti-Nefi-Leyi yo te gen gwo lafwa epi yo te renmen Bondye. Yo te onèt avèk tout moun epi yo te kenbe pwomès yo pou pa t janm goumen an. Yo te rete fidèl pandan tout lavi yo.

Alma 27:20–30