Scripture Stories
Alma ak Koriyò


“Alma ak Koriyò,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 30

Alma ak Koriyò

Lafwa ke Bondye reyèl

Imaj
Koriyò k ap souri epi pale avèk yon moun pandan y ap mache ansanm sou yon wout chaje moun

Yon mesye kie rele Koriyò te rive nan peyi Zarayemla a. Li te di moun yo ke Bondye ak Jezikri pa reyèl?

Alma 30:6, 12, 37–38, 45

Imaj
Koriyò souri epi salye yon timoun ki tris

Koriyò te di ke moun ka konnen yon bagay sèlman si yo wè li. Li te pase moun ki te kwè nan Jezi yo nan betiz.

Alma 30:13–16

Imaj
Koriyò souri epi pale ak yon foul moun

Koriyò te di moun yo pa bezwen kòmandman Bondye yo. Li te di moun yo ta ka fè nenpòt sa yo te vle. Anpil moun te kwè nan li. Yo te deside fè bagay ki mal.

Alma 30:17–18

Imaj
Solda yo te mare Koriyò epi akonpaye l soti kite vilaj la

Koriyò te esye anseye Anti-Nefi-Leyi yo, men yo pa t kwè li. Yo te mare li epi yo te voye l ale lwen. Li te ale nan peyi Jedeyon an pito. Moun la yo te mare l tou. Yo te voye l devan Alma.

Alma 30:19–29

Imaj
Koriyò souri epi salye Alma

Koriyò te di Alma ke Bondye pa reyèl? Li te di Alma ak lòt prèt yo t ap bay moun yo manti. Koriyò te di yo t ap fè moun yo suiv tradisyon ridikil. Li te di tou yo t ap pran lajan nan men moun yo. Alma te konnen ke se pa t vre. Li te kwè nan Bondye ak Jezi.

Alma 30:30–40

Imaj
Alma pale avèk yon foul moun pandan Koriyò chita nan fon avèk bra l kwaze

Alma te di pwofèt yo ak tout bagay sou tè a ede moun yo konnen ke Bondye reyèl. Koriyò te vle plis prèv. Alma te di li t ap bay Koriyò prèv. Li te di ke Bondye t ap fè Koriyò vin bèbè. Osito Alma te di sa, Koriyò pa t ka pale ankò.

Alma 30:41–50

Imaj
Koriyò sanble l tris epi l te montre yon moso papye avèk ekriti sou li pandan foul moun yo t ap deplase ale lwen li

Koriyò te ekri ke Bondye reyèl. Li te toujou konn sa. Li te ekri ke dyab la te twonpe li. Dyab la te di Koriyò pou l anseye mansonj konsènan Bondye ak Jezi. Lè moun yo te aprann laverite sou Koriyò, yo pa t kwè ansèyman l yo ankò. Yo te repanti epi yo te kòmanse suiv Jezi ankò.

Alma 30:52–53, 57–58