Scripture Stories
Pye Oliv yo


“Pye Oliv yo,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Jakòb 5–6

Pye Oliv yo

Amou Bondye pou pèp Li a

Imaj
Imaj pye oliv yo egzibe pandan Jakòb ap pale

Jakòb te yon pwofèt Bondye. Li te vle anseye Nefit yo konsènan kantite amou Bondye pou pèp Li a. Jakòb te rakonte yo yon istwa konsènan yon jaden pye oliv. Seyè jaden an ak sèvitè Li a te travay ansanm pou pran swen jaden an.

Jakòb 5:1–4, 7; 6:4–5

Imaj
Senyè jaden an fouye avèk pèl pre pye oliv la

Senyè a te gen yon pye oliv espesyal ki te bay bon fwi. Jakòb te di, pyebwa sa a sete tankou pèp Bondye a, oubyen pèp Izrayèl la. Fwi a te tankou aksyon pèp la. Senyè a te pran swen pyebwa sa a anpil. Li te nouri rasin li epi l te netwaye branch yo pou ede l grandi. Li te ba l sa l bezwen pou l viv

Jakòb 5:1–3, 5; 6:1, 7

Imaj
pye oliv kòmanse mouri

Apre kèk tan, pyebwa espesyal Li a te kòmanse mouri. Te sèlman gen kèk branch ki te vivan. Sa te fè Senyè a tris. Li te vle l kontinye bay bon fwi.

Jakòb 5:3, 6–8

Imaj
Senyè jaden an te koupe ak retire branch vivan

Pou l jf sove branch vivan yo, Senyè a te retire yo epi li te atache yo nan lòt pyebwa. Apre, li te ranplase yo avèk branch vivan lòt pyebwa.

Jakòb 5:7–14

Imaj
Senyè jaden an ak sèvitè yo te pran swen pye oliv yo

Anpil tan te pase. Senyè a ak sèvitè a te vin nan jaden an souvan. Yo te pran swen pyebwa espesyal Senyè a. Yo te pran swen branch espesyal ki te gaye nan pyebwa ki te nan tout jaden an tou. Majorite fwi ki te grandi yo te bon. Bon fwi yo te fè Senyè a ak sèvitè l la kontan.

Jakòb 5:15-29 -29, 31

Imaj
Senyè jaden an k ap pale avèk sèvitè konsènan pye oliv

Apre kèk tan, chak pyebwa yo yr bay plis fwi. Men kounyea, tout fwi yo te move. Senyè a te tris anpil. Li pa t vle pèdi jaden l la oubyen fwi l yo! Li te travay anpil pou l te ede pyebwa l yo. Li te mande tèt l kisa l ta ka fè ankò. Li te pale avèk sèvitè a epi li te chwazi pou l te kontinye eseye

Jakòb 5:29–51

Imaj
labourè koupe ak retire branch vivan

Pou sove jaden l la, Senyè a te di pou rasanble branch yo li te retire nan pyebwa espesyal la. Li te di pou atache yo nan pyebwa espesyal la ankò.

Jakòb 5: 51–60

Imaj
branch vivan atache a diferan pye oliv

Sete dènye fwa Senyè a t ap travay nan jaden l la. Li te rele lòt sèvitè pou te ede. Tout moun te travay ansanm pou rasanble ak atache branch yo.

Jakòb 5:61–72

Imaj
branch oliv vivan avèk fwii

Yo te pran swen tout pyebwa yo. Yo te retire move branch epi yo te kenbe sa ki te bon yo. Apre kèk tan, pyebwa espesyal Senyè a te grandi bon fwi ankò. Lòt pyebwa yo te bay fwi ki te osi bon ke fwi pyebwa espesyal la. Senyè a te kontan. Pyebwa l yo te sove! Yo tout te bay fwi li te vle yo genyen an.

Jakòb 5:73–75

Imaj
Senyè jaden an ak sèvitè yo ap gade yon gwo pye oliv ki te an sante.

Senyè a te remèsye sèvitè yo. Li te di yo, yo beni poutèt yo te travay anpil epi yo te kenbe kòmandman yo. Li te pataje fwi a avèk yo, epi sa te fè yo kontan anpil. Pou anpil tan, Senyè a te rejwi nan fwi yo.

Jakòb 5:75–77

Imaj
imaj Jezikri ki egzibe pandan Jakòb ap pale

Jakòb fini istwa pye oliv yo. Li te di pèp la ke Bondye enterese nan yo menmjan Senyè jaden an te enterese nan pyebwa l yo. Jakòb te mande tout moun pou yo te repanti epi vin pipre Bondye. Li te anseye yo pou yo te renmen ak sèvi Bondye paske Bondye ap toujou lonje lamen ba yo.

Jakòb 6:1– 5, 7, 11