Scripture Stories
Fi yo nan Dezè a


“Fi yo nan Dezè a,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

1 Nefi 16–17

Fi yo nan Dezè a

“Mache avèk Senyè a.”

Imaj
fi k ap mache

Pitit fi Izmayèl yo te vwayaje avèk fanmi yo nan dezè a. Vwayaj la te rèd. Apre kèk tan, yo te marye avèk pitit gason Leyi ak Sarya yo.

1 Nefi 16:7; 17:1

Imaj
pitit fi ki tris bòkote tonb Izmayèl la

Yon jou, Izmayèl te mouri. Pitit fi li yo te te tris anpil. Yo te regrèt papa yo. Pitit fi yo te enkyete yo pou yo ak fanmi yo pa ta mouri nan dezè a tou. Yo te fache avèk Leyi ak Nefi, epi yo te vle retounen Jerizalèm.

1 Nefi 16:34–36

Imaj
sè yo k ap rekonfòte yonn lòt

Vwa Senyè a te pale avèk pitit fi Izmayèl yo ak fanmi yo. Yo te repanti, epi Seyè a te beni yo.

1 Nefhi 16:39

Imaj
Sarya avèk timoun piti

Fi yo te fè pitit nan dezè a. Sarya te fè de lòt pitit gason tou, Jakòb ak Joseph.

1 Nefi 17:1; 18:7

Imaj
fanmi k ap vwayaje

Senyè a te ede fi yo nan vwayaj yo a. Li te beni yo avèk anpil lèt pou tibebe yo. Li te ede fi yo vin pifò pandan y ap vwayaje.

1 Nefi 17:1–3

Imaj
manman ak pitit nan tant

Senyè a te di L ap mennen pitit fi yo ak fanmi yo nan yon tè pwomiz. Senyè a te pwomèt fanmi yo yo t ap gen tout sa yo bezwen pandan y ap vwayaje. Li te fè manje lachas yo a bon pou manje, epi L te gide yo.

1 Nefi 17: 3, 5, 12–14

Imaj
fanmi yo sou plaj lanmè

Apre yuitan nan dezè a, fanmi yo re rive bò lanmè a. Fi yo te rejwi avèk fanmi yo. Tè bò lanmè a te bèl Yo te rele l Abondans paske l te chaje avèk fui ak myèl pou manje. Senyè a te prepare tout sa pou yo.

1 Nefi 17:4–6