Scripture Stories
Teyankoum ak Mowoni


“Teyankoum ak Mowoni,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 62

Teyankoum ak Mowoni

Montre anpil kouraj

Imaj
Amowon avèk lame Lamanit k ap konbat lame Nefit

Apre Amalikya te mouri, frè li Amowon te vin tounen wa Lamanit yo. Amowon te kontiye konbat Nefit yo. Lagè a te dire pandan dèzane. Nefit yo te kòmanse genyen, konsa tout lame Lamanit yo te kouri ale nan yon sèl vil. Mowoni, Teyankoum, ak yon lòt kapitèn Nefit te pousuiv Lamanit yo avèk lame yo.

Alma 52:3–4; 54:16–24; 62:12–35

Imaj
Teyankoum kenbe yon epe epi l apwoche bò vil la lannuit

Teyankoum te fache paske Amalikyah ak Amowon te lakoz gwo lagè long sa a. Akoz lagè a, anpil moun te mouri epi pa t gen anpil manje. Teyankoum te vle sispann lagè a. Li te ale nan vil la nan lannuit pou chèche jwenn Amoron.

Alma 62:35–36

Imaj
Teyankoum ki kenbe yon kòd avèk kwochè epi sote anlè yon miray

Teyankoum te grenpe sou miray vil la. Li te deplase soti yon zòn, ale nan yon zòn nan vil lal jiskaske li te jwenn kote Amoron t ap dòmi an.

Alma 62:36

Imaj
Teyankoum kanpe nan antre yon tant avèk epe ak kòd

Teyankoum te voye yon epe sou Amoron. Li te frape l bò kè li. Men Amoron te reveye sèvitè l yo anvan l te mouri.

Alma 62:36

Imaj
Teyankoum fè fas ak sòlda Lamanit yo avèk lans

Sèvitè Amoron yo te pousuiv Teyankoum epi yo te touye li. Lòt dirijan Nefit yo te tris anpil paske Teyankoum te mouri. Li te goumen kourajezman pou libète pèp li a.

Alma 62:36–37

Imaj
Sòlda Nefit yo kaptire sòlda Lamanit yo

Malgre li te mouri, Teyankoum te ede Nefit yo genyen lagè a. Li te fè Lamanit yo pèdi dirijan yo. Nan demen maten, Mowoni te konbat Lamanit yo epi l te genyen. Lamanit yo te kite peyi Nefit yo, epi lagè a te fini.

Alma 62:37–38

Imaj
Kapitèn Mowoni ap dirije mesye yo nan konstriksyon yon vilaj, epi fanmi yo ap gade

Finalman te vin gen lapè. Mowoni te travay rèd pou l te fè peyi Nefit yo vin gen plis sekirite kont Lamanit yo. Apresa Mowoni te ale lakay li pou l te viv anpè. Pwofèt yo te anseye levanjil la ak dirije Legliz Bondye a. Moun yo te kwè nan Senyè a, epi Li te beni yo.

Alma 62:39–51