Scripture Stories
Alma ak Pèp Li a


“Alma ak Pèp Li a,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Mozya 23–25

Alma ak Pèp Li a

Fòs ki soti nan Bondye pandan moman difisil yo

Imaj
Alma ak lòt moun yo ap gade fwaye yo

Alma ak pèp li a te viv nan yon bèl peyi. Yo te plante semans ak bati kay. Alma sete yon prèt Bondye. Li te anseye pèp li a pou youn te renmen lòt. Pèp la te tande Alma epi yo te respekte kòmandman Bondye yo. Fanmi yo te grandi, epi yo te bati yon vil.

Mozya 23:4–5, 15–20

Imaj
Alma ap pale ak Lamanit yo

Yon jou, yon lame Lamanit te rive. Yo te sanble yo te pèdi. Lamanit yo te pwomèt pou yo te kite pèp Alma a an repo si Alma te ede yo jwenn wout lakay yo. Alma te montre Lamanit yo kijan pou yo te retounen nan peyi yo.

Mozya 23:25, 30, 36–37

Imaj
Amilon ak gad li yo ap siveye Alma ak pèp li a

Lamanit yo pa t kenbe pwomès yo. Okontrè, yo te pran kontwtòl peyi a epi yo te mete gad k ap siveye pèp Alma a. Yo te mete yon Nefit ki te rele Amilon kòm yon wa sou pèp Alma a. Amilon sete yon dirijan fo prèt yo. Limenm ak prèt li yo te touye yon pwofèt Bondye epi yo te fè anpil lòt move bagay.

Mozya 17:12–13; 23:31–32, 37–39; 24:9

Imaj
Amilon fache

Amilon te fache kont Alma. Li te fè pèp Alma a travay di anpil epi li te mechan avèk yo. Sa te difisl pou pèp Alma a.

Mozya 24:8–9

Imaj
Alma ap priye, epi Amilon ki fache nan aryèplan an

Yo te priye Bondye pou ede yo. Amilon te di yo pou yo sispann priye. Li te di nenpòt moun ki priye yo t ap touye l.

Mozya 24:10–11

Imaj
Alma ak fi k ap ede granmoun gason pou l kanpe

Alma ak pèp li a te sispann priye awotvwa. Olyesa, yo te priye nan kè yo. Bondye te tande priyè nou. Li te konsole yo epi l te pwomèt pou ede yo chape. Bondye te fè travay difisil yo vin parèt pi fasil. Moun yo te pasyan epi yo te kontan lè yo te koute Bondye. Yo te konnen Li t ap ede yo.

Mozya 24:12–15

Imaj
Alma dirije pèp li a deplase nan lannuit

Pèp Alma a te gen konfyans nan Bondye epi yo te gen anpil lafwa nan Li. Yon jou, Bondye te di yo moman an te rive pou yo te ale. Jou swa sa a, Alma ak pèp li a te fè preparasyon yo. Yo te rasanble tout bèt yo ak manje. Nan maten, Bondye te plonje Lamanit yo nan yon somèy pwofon. Apresa Alma ak pèp li a te chape epi yo te vwaye tout jounen an.

Mozya 24:16–20

Imaj
Alma ak pèp li a ap gade Zarayemla

Jou swa sa a, tout gason, fi, ak timoun yo te remèsye Bondye. Yo te konnen ke sete Bondye sèlman ki te kapab ede yo. Yo te kontinye vwayaje pandan anpil jou epi yo te rive nan peyi Zarayemla a. Nefit yo te akeyi yo, epi Alma te anseye yo tout bagay konsènan genyen lafwa nan Jezikri. Anpil moun te kwè epi yo te batize.

Mozya 24:20–25; 25:14–24