Scripture Stories
Yon Tanpèt sou Lanmè a


“Yon Tanpèt sou Lanmè a,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Yon Tanpèt sou Lanmè a,” Istwa Liv Mòmon yo

1 Nefi 18

Yon Tanpèt sou Lanmè a

Jwenn lapè nan Senyè a

Imaj
fanmi k ap pote manje sou bato a

Senyè a te di Leyi ke li te lè pou l te antre nan bato a. Fanmi yo te anbale anpil manje pandan yo t ap vwayaje a. Apre, yo tout te monte sou bato a epi yo te pran vwal al nan tè pwomiz la.

1 Nefi 18:5–8

Imaj
moun k ap bwè pandan yo sou bato a

Apre anpil jou sou lanmè a, kèk nan moun yo te kòmanse vin manke respè ak awogan. Yo te bliye ke Senyè a te ede yo.

1 Nefi 18:9

Imaj
Lemyèl, Nefi ak Laman sou bato a avèk move tan k ap vini

Nefi te enkyete pou yo pa t ofanse Senyè a. San èd Senyè a, bato yo a pa t ap gen sekirite. Nefi te mande frè l yo pou yo te sispann.

1 Nefi 18:10

Imaj
Laman ak Lemyèl k ap mare Nefi

Laman ak Lemyèl te fache kont Nefi. Yo te mare l epi yo te maltrete l. Yo pa t obeyi Senyè a, epi Lyawona a te sispann travay. Byento, yon gran move tan te vini. Apre twa jou nan move tan an, yo tout te pè pou yo pa t nwaye.

1 Nefi 18:10–13

Imaj
Fi k ap sipliye Laman ak Lemyèl

Fanmi Nefi te sipliye Laman ak Lemyèl pou yo te demare Nefi. Men, Laman ak Lemyèl te toujou pa t vle onkenn moun demare Nefi. Sarya ak Leyi te tris epi yo te vin malad anpil. Move tan an pa t sispann.

1 Nefi 18:17–19

Imaj
Nefi avèk Lyawona a

Nan katriyèm jou a, Laman ak Lemyèl te konnen ke bato a ta pral nwaye. Yo te repanti epi yo te demare Nefi. Lè Nefi te priye, move tan an te sispann. Lyawona a te travay ankò. Nefi te itilize l pou l te vire bato a nan bon direksyon.

1 Nefi 18:14–15, 20–22

Imaj
fanmi yo k ap kite bato a ak Leyi k ap priye

Apre anpil jou, fanmi yo te rive nan tè pwomiz la.

1 Nefi 18:23