Ekriti yo
1 Nefi 18


Chapit 18

Bato a fini—Yo mansyone nesans Jakòb ak Jozèf—Gwoup la anbake pou yo ale nan tè pwomiz la—Pitit gason Ismayèl yo ak madanm yo mete ansanm nan jwisans ak rebelyon—Yo mare Nefi, e yon tanpèt terib pouse bato a dèyè—Nefi gen libète, e avèk priyè l siklòn nan sispann—Pèp la rive nan tè pwomiz la. Anviwon 591–589 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, yo te adore Senyè a, yo te avanse avèk mwen; epi nou te prepare planch avèk yon abilite ekstraòdinè. E Senyè a te montre m tanzantan kòman pou m prepare planch pou bato a.

2 Mwen menm Nefi, m pa t prepare planch yo daprè fason lèzòm te aprann mwen, ni tou m pa t konstwi bato a daprè fason lèzòm; men m te konstwi l daprè fason Senyè a te montre m; se poutèt sa, se pa t nan fason lèzòm.

3 Epi mwen menm Nefi, m te ale sou mòn nan souvan, epi m te apriye Senyè a souvan; se poutèt sa Senyè a te bmontre m gran bagay.

4 Epi, se te konsa, lè m te fini bato a, daprè pawòl Senyè a, frè m yo te wè li te bon, e travay la te rafine anpil; se poutèt sa yo te gen aimilite ankò devan Senyè a.

5 Epi, se te konsa, vwa Senyè a te fè papa m tande l, li te di l nou te dwe leve pou nou desann nan bato a.

6 Epi, se te konsa, nan demen, apre nou te fin prepare tout bagay, anpil fwi ak avyann ki te sòti nan dezè a, ak abondans siwo myèl, ak pwovizyon daprè sa Senyè a te kòmande nou, nou te desann nan bato a avèk tout chay nou yo ak semans, ak tout bagay nou te pote avèk nou, chak moun, daprè laj li; e nou tout te desann nan bato a, avèk madanm nou e avèk pitit nou.

7 Epi, papa m te fè de pitit gason nan dezè a; pi gran an te rele aJakòb epi pi piti a te rele bJozèf.

8 Epi, se te konsa, apre nou tout te fin desann nan bato a, e lè nou te fin pran pwovizyon nou yo ak bagay nou te resevwa kòmandman pou nou te pran yo, nou te fè vwal sou alanmè a epi van an te pouse nou nan direksyon btè pwomiz la.

9 Epi apre van an te fin pouse nou devan l pou anpil jou, frè m yo ak pitit gason Ismayèl yo ak madanm yo te kòmanse banboche tèlman, yo te kòmanse danse, chante e pale lèd, wi, yo te menm bliye ki pouvwa ki te mennen yo la; wi, yo te vin gwosye anpil.

10 Epi mwen menm Nefi, m te kòmanse pè anpil pou Senyè a pa t fache kont nou, e pou l pa t frape nou poutèt inikite nou, pou nou pa t anglouti nan pwofondè lanmè a; se poutèt sa, mwen menm Nefi, m te kòmanse pale avèk yo seryezman; men yo te afache kont mwen, yo di: Nou p ap aksepte pou ti frè nou an tounen yon bdirijan sou tèt nou.

11 Epi, se te konsa, Laman ak Lemyèl te pran m epi yo te mare m avèk kòd, epi yo te trete m avèk anpil vyolans; se poutèt sa Senyè a te akite yo fè sa pou l te kapab montre pouvwa l, pou l te kapab akonpli pawòl li te pale konsènan mechan yo.

12 Epi, se te konsa, apre yo te fin mare m pou m pa t kapab fè mouvman, akonpa Senyè a te prepare a te sispann travay.

13 Se poutèt sa, yo pa t konnen ki kote pou yo vire bato a, e yon gwo siklòn te leve, wi, yon gwo tanpèt terib, e nou te afèbak sou dlo a pandan twa jou; e yo te kòmanse vin pè anpil pou yo pa t nwaye anba lanmè a; malgre sa, yo pa t demare m.

14 Epi katriyèm jou nou te fè bak la, tanpèt la te kòmanse vin move anpil.

15 Epi, se te konsa, nou t apral anglouti nan pwofondè lanmè a. Epi apre nou te fin fè bak sou dlo yo pandan kat jou, frè m yo te kòmanse a jijman Bondye yo te sou yo, e yo dwe peri si yo pa t repanti nan inikite yo; se poutèt sa yo te vin bò kote m epi yo te demare kòd yo ki te mare ponyèt mwen yo, e yo te anfle anpil; e jwenti pye m yo te anfle anpil tou, e yo te fè m mal anpil.

16 Men, m te leve tèt bay Bondye m nan, e m te alouwe l tout lajounen; epi m pa t plenyen kont Senyè a poutèt afliksyon m yo.

17 Kounyeya, papa m, Leyi, te di yo ak pitit gason aIsmayèl yo anpil bagay; men yo te pwononse anpil menas kont tout moun ki t ap pale pou mwen; epi paran m yo te koube anba laj, e yo te soufri anpil doulè poutèt pitit yo, yo te desann nèt, wi, yo pran kabann pou malad.

18 Poutèt doulè ak anpil lapenn yo, ak inikite frè m yo, yo te prèske pare pou yo mouri al rankontre Bondye yo a; wi, cheve gri yo te pare pou repoze nan pousyè a, wi, yo menm te pare pou desann avèk lapenn nan yon tonb dlo.

19 Epi Jakòb ak Jozèf, ki te jèn, ki te bezwen anpil nouriti, yo te tris poutèt afliksyon manman yo; madanm amwen avèk kriye ni avèk priyè l yo, ni pitit mwen yo pa t kapab touche kè frè m yo ni pou yo ta demare m.

20 Epi pa t gen anyen, eksepte pouvwa Bondye, ki te menase pou l detwi yo, ki ta kapab touche kè yo; se poutèt sa, lè yo te wè yo t apral anglouti nan pwofondè lanmè a, yo te tèlman repanti nan bagay yo te fè yo, yo te demare m.

21 Epi, se te konsa, apre yo te fin demare m, m te pran konpa a epi li te travay jan m te vle a. Epi, se te konsa, m te priye Senyè a; e apre m te fin priye, van an te sispann e siklòn nan te sispann e te gen yon gran kalmi.

22 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te dirije bato a, konsa, nou te fè vwal ankò nan direksyon tè pwomiz la.

23 Epi, se te konsa, apre nou te fè vwal pandan anpil jou, nou te rive nan tè pwomiz la; nou te ale sou tè a, nou te plante tant nou yo e nou te rele l atè pwomiz la.

24 Epi, se te konsa, nou te kòmanse kiltive tè a, nou te kòmanse plante semans; wi, nou te mete tout semans nou yo andedan tè a, semans nou te pote sòti nan peyi Jerizalèm nan. Epi, se te konsa, yo te grandi anpil; se poutèt sa nou te beni annabondans.

25 Epi, se te konsa, nou te wè sou tè pwomiz la, pandan nou t ap vwayaje nan dezè a, te gen tout kalite bèt, vach ak towo bèf, bourik ak cheval, kabrit ak kabrit mawon, ak tout kalite bèt sovaj, pou sèvis lèzòm. Epi, se te konsa, nou te jwenn tout kalite melanj metal; lò ak lajan ak kuiv.