Scripture Stories
Lafwa yon Rèn


“Lafwa yon Rèn,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Lafwa yon Rèn,” Istwa Liv Mòmon yo

Alma 18–19.

Lafwa yon Rèn

Jwenn Lajwa nan Jezikri

Imaj
mari rèn nan tonbe atè a

Yon rèn Lamanit te gouvène avèk mari l, Wa Lamoni. Wa a te mande yon Nefit ki te rele Amon pou te anseye l konsènan Senyè a. Wa a te kwè sa Amon te di l la. Wa a te ajenou pou l te priye epi l te mande Senyè a padone l. Pandan l t ap priye, wa a te tonbe atè a. Sanble l te mouri.

Alma 18:21, 24– 42

Imaj
rèn k ap gade mari l ki te tonbe

Sèvitè wa yo te pote l bay rèn nan. Yo te mete l sou kabann li. Li te kouche la epi l pa t fè okenn mouvman pandan de jou ak de nuit.

Alma 18:43

Imaj
rèn nan k ap pale avèk sèvitè

Pandan tan sa a, rèn nan ak pitit li yo te tris anpil. Yo te rete avèk wa a epi yo te kriye poutèt li. Kèk moun te di ke yo te bezwen antere wa a. Men, rèn nan te vle pale avèk Amon anvan. Li te tande ke Amon te gen pouvwa Bondye. Sèvitè rèn yo te mande Amon pou l te vin kote rèn nan.

Alma 18:43; 19:1–3, 5

Imaj
rèn nan ap pale ak Amon

Rèn nan te di Amon li te tande ke l sete yon pwofèt Bondye. Li te mande Amon pou l t al wè wa a. Amon te konnen ke wa a te vivan. Sete pouvwa Bondye ki te lakoz wa a t ap dòmi. Amon te di rèn nan ke mari l t ap reveye nan jou apre a.

Alma 19:3–8

Imaj
rèn ki repoze tèt li sou mari l

Rèn nan te gen konfyans nan Amon epi l te gen anpil lafwa nan Bondye. Li te kwè ke mari l t ap reveye nan jou apre a. Amon te di rèn nan beni poutèt gran lafwa li Li te di rèn nan ke li te gen plis lafwa pase pèp Amon an Rèn nan te rete pre epi l te voye je sou mari l tout nuit la.

Alma 19: 9-11

Imaj
rèn kontan mari l reveye

Nan demen wa a te reveye. Li te di rèn nan ke li te wè Jezikri. Rèn nan ak wa a te konnen konbyen Jezi te renmen yo, epi yo te chaje avèk lajwa.

Alma 19:12–13