Scripture Stories
Etè, Pwofèt la


“Etè Pwofèt la,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Etè 6; 12–15

Etè, Pwofèt la

Avètisman Senyè a bay yon nasyon

Imaj
moun ki kontan nan mache yon vil

Senyè a te mennen frè Jarèd la ak fanmi li nan tè pwomiz la. Yo te enb epi yo te kenbe kòmandman Bondye yo. Gwoup yo a te grandi pandan anpil ane, epi yo te vle yon wa pou dirije yo. Frè Jarèd la te avèti yo ke genyen yon wa ta ka mennen nan pwoblèm, men li te kite yo chwazi yon wa.

Etè 6:5, 12–18, 22–24, 27

Imaj
Jaredit yo fache epi yo lonje dwèt sou Etè

Pandan dèsantèn ane, Jaredit yo te viv nan tè pwomiz la. Pafwa wa yo te dirije yo nan fè sa ki byen, men gen lòt moman kote yo pa t fè sa. Pwofèt Bondye yo t ap avèti moun yo pou yo repanti. Lè yo te koute epi kenbe kòmandman Bondye yo, Li te beni yo. Dènye pwofèt Jaredit la te rele Etè.

Etè 7:23–27; 9:26–30; 10:16–17, 28; 11:1–8, 12–13, 20–22; 12:2

Imaj
Etè chita epi l ap anseye, epi kèk moun fache

Moun yo pa t ap obeyi Bondye. Men Lespri Senyè a te avèk Etè. Li te anseye yo soti maten rive aswè. Li te di yo pou yo te kwè nan Bondye epi repanti sinon yo ta p detwi. Si yo te gen lafwa, yo t ap ka gen espwa viv avèk Bondye ankò epi jwenn fòs pou fè bon bagay. Moun yo pa t kwè.

Etè 11:22; 12:2–5; 13:2

Imaj
Etè chita nan yon kavo epi l ap ekri

Etè t ap obsève sa moun yo t ap fè. LI te kache nan yon kavo pandan lajounen epi ekri sa l te wè. Moun yo pa t repanti epi yo te kòmanse goumen youn ak lòt.

Etè 13:13–15

Imaj
Koryantoum ap gade devan

Etè te wè ke wa Jaredit la, Koryantoumr, te oblije goumen kont anpil moun ki te vle vin wa. Koryantoumr te itilize lame l la pou pwoteje tèt li.

Etè 12:1; 13:15–19

Imaj
Etè ap pale ak Koryantoumr

Yon jou, Senyè a te di Etè pou l te avèti Koryantoumr ak pèp li a pou yo te repanti. Si yo te fè sa, Senyè a t ap ede pèp la epi li t ap kite Koryantoumr konsève wayòm ni an. Si non, moun yo ta pral detwi youn lòt. Koryantoumr t ap viv lontan ase pou l te wè pawòl Senyè a te vrè. Apresa li t ap mouri tou.

Etè 13:20–21

Imaj
Chiz ak lame l la goumen kont lame Koryantoumr la, epi Etè ap gade

Koryantoumr ak pèp li a pa t repanti. Moun yo te eseye touye Etè, men Etè te chape ale nan kavo l la. Yon mesye ki rele Chiz te goumen kont Koryantoumr. Moun yo te chwazi pou rejwenn swa lame Chiz la oubyen lame Koryantoumr la. De lame yo te fè anpil batay. Yon pakèt moun te mouri.

Etè 13:22–25; 14:17–20; 15:2

Imaj
Lame Koryantoumr la konbat lame Chiz la, epi Koryantoumr ekri yon lèt

Koryantoumr te sonje sa Etè te di a. Li te tris paske gwo kantite nan pèp li a te mouri. Li te sonje ke tout pwofèt yo te avèti sa ta pral rive. Li te kòmanse repanti epi l te voye yon lèt bay Chiz; Li te di li t ap abandone wayòm nan si pèp li a te ka sove. Men Chiz te vle batay.

Etè 15:1–5

Imaj
gason, fi, ak timoun mache tankou sòlda, epi Etè ap gade

Pèp Koryantoumr la te fache epi yo te vle goumen. Pèp Chiz la te fache tou epi yo te vle goumen. Pèsonn pa t vle repanti. Etè te wè ke chak grenn moun te antre nan batay. Pi plis moun te mouri ankò.

Etè 15:6, 12–17

Imaj
Koryantoumr ajenou nan yon lapli avèk yon lans nan men l

Koryantoumr te vle sispann lagè a. Li te mande Chiz pou l te pran wayòm nan epi pa blese moun li yo. Men tout moun te fache. Yo pa t gen Lespri Senyè a. Etè te wè ke tout moun te kontinye goumen jiskaske Koryantoumr sete sèl lòt Jaredit ki te rete vivan. Apresa Koryantoumr te pèdi konesans.

Etè 15:18–30, 32

Imaj
Etè ajenou epi priye Bondye sou yon lotèl sou tèt yon kolin, epi rejis yo konsève nan yon kavo ki te tou pre a

Etè te wè ke tout bagay Senyè a te di yo te vin akonpli. Etè te fin ekri sa ki te pase yo. Apresa li te asire l ke moun yo t ap gen posiblite pou jwenn ekri l yo apre li te fin ale. Etè te fè Bondye konfyans epi pa li pa t ka tann pou vin avèk Li yon jou.

Etè 15:33–34