Scripture Stories
Nefi ak Plak Eren yo


“Nefi ak Plak Eren yo,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

1 Nefi 4:5

Nefi ak Plak Eren yo

Aprann suiv Sentespri a

Imaj
Nefi k ap apwoche pre kay epi frè yo k ap gade

Laman, Lemyèl, Sam ak Nefi te retounen Jerizalèm nan nwit. Nefi t al lakay Laban pandan frè l yo te kache andeyò vil la.

1 Nefi 4:4–5

Imaj
Nefi k ap gade Laban ki atè a

Nefi te kite Sentespri a dirije l. Li pat konnen kisa pou l fè, men, li te konnen Seyè a t ap ede l gen plak eren yo.

1 Nefi 4:6

Imaj
Nefi ki kenbe epe Laban an

Lè Nefi te pre kay Laban an, li te jwenn Laban atè a. Laban te sou. Nefi te wè epe Laban an epi l te ranmase l.

1 Nefi 4:7–9

Imaj
Nefi k ap k ap vire tounen do bay Laban

Lè Nefi te gade epe a, Lespri a te di l pou l touye Laban. Men, Nefi pat vle touye l. Lespri a te di Nefi li te pibon pou Laban mouri pase pou fanmi Nefi pa gen skriti yo. Yo te bezwen kòmandman Bondye yo ki te sou plak eren yo.

1 Nefi 4:10 -11, 13–17

Imaj
Nefi ap priye

Nefi te konnen Laban te eseye touye l. Laban te vòlè pwopriyete yo epi l pa t vle obeyi kòmandman Bondye yo.

1 Nefi 4:11

Imaj
Nefi ki abiye avèk rad Laban yo

Lespri a te di Nefi ankò pou l te touye Laban. Nefi te konnen ke Senyè a te prepare yon mwayen pou l ka gen plak eren yo. Li te chwazi pou l te obeyi Lespri a. Nefi te touye Laban

1 Nefi 4:12 -13, 17–19

Imaj
Nefi k ap pale avèk Zoram

Apresa, Nefi t al nan trezò Laban yo epi l te rankontre sèvitè Laban an, Zoram. Nefi te aji ak pale tankou Laban.

1 Nefi 4:20 -23, 35

Imaj
Zoram ki kenbe plak eren yo.

Li te di Zoram li bezwen plak eren yo. Apresa, Nefi te mande Zoram pou l vini avèk li. Zoram te panse Nefi te Laban, konsa li te fè sa Nefi te vle a.

1 Nefi 4:24–26

Imaj
frè yo k ap kouri devan Nefi

Lè Nefi ak Zoram te sòti nan vil la. Laman, Lemyèl ak Sam te panse Nefi te Laban. Yo te pè epi yo te kòmanse kouri.

1 Nefi 4:28

Imaj
frè yo k ap pale avèk Zoram k ap gade dèyè

Nefi te rele frè l yo. Lè yo te konnen sete Nefi, yo te sispann kouri. Men apresa, Zoram te vin pè epi l te eseye retounen Jerizalèm.

1 Nefi 4:29–30

Imaj
Nefi k ap pale avèk Zoram

Nefi te rete Zoram. Li te di Zoram ke Senyè a te kòmande yo pou yo te gen plak yo. Li te envite Zoram pou l t ale avèk yo nan tè pwomiz la Zoram te konnen ke li t ap yon moun lib, pa yon sèvitè, epi l te pwomèt pou l te ale avèk Nefi ak fanmi l.

1 Nefi 4:31–37

Imaj
Nefi ak frè l yo ak Zoram k ap salye Sarya ak Leyi

Yo te vwayaje retounen kote Leyi ak Sarya Leyi ak Sarya te kontan anpil lè yo te wè pitit gason yo. Sarya te panse pitit gason l yo te mouri. Paske Senyè a te kenbe pitit gason l yo an sekirite, kounyea, li te kwè ke fanmi an te resevwa kòmandman pou yo te kite Jerizalèm Fanmi Leyi ak Sarya a te ofri sakrifis pou remèsye Senyè a.

1 Nefi 4:38; 5:1–9

Imaj
Leyi k ap li plak eren yo avèk fanmi li

Leyi te li plak eren yo. Li te wè plak yo gen ansèyman pwofèt yo. Li te aprann tou ke yonn nan zansèt li yo te Jozèf, frè Jozèf yo te vann an Ejip la, sa te gen lontan. Leyi te konnen plak eren yo te enpòtan anpil. Li te konnen Senyè a te vle fanmi li gen kòmandman yo.

1 Nefi 5:10–22