Scripture Stories
Jakòb ak Cherèm


“Jakòb ak Cherèm,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Jakòb 7

Jakòb ak Cherèm

Temwayaj yon pwofèt konsènan Jezikri.

Imaj
Jakòb k ap anseye timoun

Jakòb te yon pwofèt ki te wè Jezikri. Li te vle pèp la te kwè nan Jezi. Jakòb te anseye pèp la pou yo te kenbe kòmandman Bondye yo. Li te btravay anpil pou anseye pèp la konsènan Jezi.

2 Nefi 11:2–3; Jakòb 1:1–8, 17–19

Imaj
Cherèm ap pale avèk pèp la

Yon jou, yon nonm ki rele Cherèm te kòmanse anseye pèp la. Men, Cherèm te anseye ke Jezi pa t reyèl. Cherèm te konn pale byen, epi anpil nan Nefit yo te kwè sa l te di. Akozde li, anpil moun te sispann kwè nan Jezi. Cherèm te vle tou pou Jakòb te sispann kwè nan Jezi.

Jakòb 7:1–5

Imaj
Cherèm k ap lonje dwèt sou Jakòb

Cherèm te di ke okenn moun pa t ka konnen sa k ta pral pase nan lavni. Li te di ke sa te vledi ke onkenn moun pa t ka konnen si Jezi te reyèl, paske Jezi pa t ko vini sou latè. Men, Jakòb te di ke ekriti yo ak tout pwofèt yo te anseye konsènan Jezi. Bondye te montre Jakòb ke Jezi t ap vini sou latè.

Jakòb 7:6-12

Imaj
Cherèm k ap pale epi k ap griyen dan

Cherèm te toujou pa t vle kwè. Li te vle pou Jakòb te montre l siy ke Jezi reyèl.

Jakòb 7:13

Imaj
Jakòb k ap leve men l

Jakòb te di ke Cherèm konnen Jezi t ap vini epi l pa t bezwen yon siy. Men, Jakòb te di Bondye t ap fè Cherèm endispoze pou montre ke Bondye gen pouvwa epi Jezi reyèl.

Jakòb 7:14

Imaj
Cherèm ki tonbe sou jenou l pandan te gen moun ki la

Menm lè a, Cherèm te vin malad epi l te tonbe atè. Apre anpil jou, li te konnen ke li ta pral mouri. Li te di pèp la ke Satan te twonpe li. Li te di li te bay Bondye manti. Li te toujou konnen Jezi reyèl. Apresa, Cherèm te mouri. Pèp la te li ekriti yo epi yo te kwè nan Jezi.

Jakòb 7: 15–23