Scripture Stories
Jèn Alma


“Jèn Alma a,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Jèn Alma a,” Istwa Liv Mòmon yo

Mosiah 25–28; Alma 36

Jèn Alma

Yon chanjman puisan

Imaj
Mozya ak Alma ki ansyen an 

Wa Mozya te bay Alma pouvwa pou l dirije Legliz la nan Zarayemla. Alma te anseye pèp la pou yo te repanti epi gen lafwa nan Senyè a.

Moszya 25:19–24; 26

Imaj
Jèn Alma

Alma te gen yon pitit gason ki te rele Alma tou. Jèn Alma a pa t kwè nan sa papa l te anseye yo.

Mozya 27:8

Imaj
Jèn Alma a ak pitit gason Mozya yo k ap pale avèk moun.

Mozya te gen pitit gason ki pa t kwè nan Senyè a tou. Yo te zanmi Jèn Alma a. Yo tout te vle moun kite Legliz la. Alma ak pitit gason Mozya yo te dirije anpil moun pou yo te fè bagay ki te kont kòmandman Bondye yo.

Mozya 27:9–10; Alma 36:6

Imaj
Jèn Alma a ak pitit gason Mozya yo pè zanj

Yon jou, Senyè a te voye yon zanj pou te fè yo sispann. Zanj la te di yo pou yo te sispann detwi Legliz la. Alma ak pitit gason Mozya yo te sitèlman pè ke yo te tonbe atè.

Mozya 27:11–18; Alma 36:6–9

Imaj
Jèn Alma a ki nan doulè

Alma pa t ka pale oubyen fè mouvman pandan twa jou ak twa nuit. Li te tris anpil poutèt tout move bagay li te fè yo. Li te enkyete tou poutèt li te mennen anpil moun lwen Bondye.

Mozya 27:19; Alma 36:10–16

Imaj
Jèn Alma a ki ajenou

Alma te santi anpil doulè poutèt peche l yo. Lè sa a, li te sonje papa l t ap pale konsènan Jezikri, Pitit Gason Bondye a.

Alma 36:17

Imaj
Jèn Alma a ki kontan

Alma te priye pou Jezi yrpadone l. Apre l te fin priye, li pa t ka sonje doulè l yo ankò. Li te konnen ke Senyè a te padone l. Li pa t santi l mal konsènan peche l yo ankò. Okontrè, li te santi l kontan anpil.

Mozya 27:24, 28–29; Alma 36:18–22

Imaj
Jèn Alma a ak pitit gason Mozya yo k ap ede yon moun

Alma te jwenn fòs li ankò. Limenm ak pitit gason Mozya yo te repanti epi yo te eseye fikse tout doulè yo te lakoz yo. Yo te sèvi Senyè a depi lè sa a nan ede lòt moun repanti. Yo te vwayaje atravè peyi Mozya t ap gouvène a epi yo te anseye pèp la konsènan Jezi.

Mozya 27:20–24, 32–37; Alma 36:23–26

Imaj
pitit gason Mozya yo k ap deplase

Alma ak pitit gason Mozya yo te vle pataje kontantman ke ansèyman Jezi yo te pote nan lavi yo. Yo te travay di anpil pou sèvi Senyè a ak pèp la. Pitit gason Mozya yo te chwazi pou yo te pati al anseye Lamanit yo konsènan Jezi. Alma te chwazi pou l te rete kontinye anseye Nefit yo.

Mozya 27:32–37; 28:1–10; 29:42–43