Scripture Stories
Izmayèl ak Fanmi Li


“Izmayèl ak Fanmi Li,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

1 Nefi 7

Izmayèl ak Fanmi Li

Ansanm nan vwayaj pou ale nan tè pwomiz la

Imaj
Nefi ak frè l yo k ap mache nan direksyon solèy bò rivyè a

Fanmi Leyi ak Sarya te viv poukont yo nan dezè a. Yon jou, Senyè a te di Leyi pou l te voye pitit gason l yo, Laman, Lemyèl, Sam ak Nefi Jerizalèm. Yo te voye yo al mande Izmayèl ak fanmi l pou yo te vin jwenn yo. Ansanm, fanmi yo te ka elve pitit nan tè pwomiz la.

1 Nefi 7:1–3

Imaj
Nefi ap pale avèk fanmi Izmayèl

Izmayèl ak fanmi l te vle suiv Senyè a. Yo te kwè ke Senyè a te vle yo vin ini ansanm avèk fanmi Leyi ak Sarya. Yo te chwazi pou yo te kite Jerizalèm pou yo t al rankontre Leyi nan dezè a.

1 Nefi 7:4–5

Imaj
Laman ak Lemyèl k ap pale.

Sou wout la, kèk moun p at vle kontinye obeyi. Yo te vle retounen lakay yo. Nefi te mande yo pou yo te gen lafwa nan Senyè a.

1 Nefi 7:6–13

Imaj
Nefi ki mare sou yon pyebwa

Nefi te di Senyè a pa t ka fè anyen si yo pa t gen lafwa. Men, Laman ak Lemyèl te fache. Yo te mare Nefi epi yo te vle kite l nan dezè a.

1 Nefi 7:12, 16

Imaj
Pitit fi Izmayèl k ap pwoteje Nefi

Nefi te priye pou èd. Kòd la te vin demare, epi Nefi te kanpe. Men, Laman ak Lemyèl te toujou vle maltrete l. Yonn nan pitit fi Izmayèl yo te defann Nefi. Manman l ak yonn nan frè l yo te defann li tou. Laman ak Lemyèl te koute yo epi yo te sispann eseye maltrete Nefi.

1 Nefi 7:17–19

Imaj
Laman ak Lemyèl ki ajenou devan Nefi

Laman ak Lemyèl te santi yo regrèt pou sa yo te fè a. Yo te mande Nefi pou l te padone yo. Nefi te padone frè l yo. Apresa, Laman ak Lemyèl te priye epi yo te mande Seyè a pou L te padone yo.

1 Nefi 7:20–21

Imaj
Leyi ak Izmayèl k ap gade fanmi yo

Yo tout te kontinye vwayaj yo epi yo te rive nan tant Leyi ak Sarya a. Finalman, de fanmi yo te ansanm. Yo te remèsye Senyè a epi yo te adore Li.

1 Nefi 7:21–22