Scripture Stories
Abich


“Abich,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 17–19.

Abich

Ap ede pèp li a kwè nan Jezi

Imaj
Abich k ap mache travèse yon vilaj

Abich te travay pou yon rèn ki sete yon Lamanit. Abich te aprann konsènan Jezikri apati yon vizyon papa l te jwenn. Pandan anpil ane, li te kwè nan Jezi epi l te vle suiv Li. Men li pa t ko di lòt Lamanit yo sa.

Alma 19:16–17

Imaj
Abich k ap gade rèn nan, wa a, ak Amon

Yon jou, yon Nefit ki te rele Amon te vini nan wayòm nan pou anseye Lamanit yo konsènan Jezi ak Bondye. Rèn nan ak wa a te kwè sa Amon te anseye yo. Rèn nan ak wa a te konnen ke Jezi t ap vini sou tè a epi rann posib pou tout moun ki kwè nan Li ta kapab jwenn padon.

Alma 17:12–13; 18:33–36, 39–40; 19:9, 13

Imaj
Abich wè tout mond ap tonbe atè

Rèn nan ak wa a te santi Sentespri a epi yo te tèlman kontan ke yo te tonbe atè. Amon ak sèvitè l yo te tonbe tou. Abich sete sèl moun ki te rete kanpe.

Alma 19:6, 13–16

Imaj
Abich k ap pale avèk anpil moun

Abich te vle pale moun yo konsènan mirak sa a. Li te espere ke moun yo t ap kwè nan pouvwa Bondye lè yo te wè sa ki te pase a. Konsa Abich te kouri soti nan yon kay ale nan yon lòt. Li te di moun yo pou yo te ale epi wè sa Bondye te fè pou rèn nan ak wa a.

Alma 19:17

Imaj
anpil moun te wè moun yo atè a.

Anpil moun te vini nan kay rèn nan ak wa a. Yo te etone paske te sanble tankou rèn nan, wa a, ak tout sèvitè yo te mouri.

Alma 19:18

Imaj
moun ka p diskite

Pèp la te nan konfizyon. Yo t ap diskite konsènan sa ki te pase rèn nan ak wa a.

Alma 19:19–21

Imaj
Abich ajenou epi kenbe men rèn nan

Lè Abich te retounen, li te wè moun yo ta p fè diskisyon. Li te tris paske yo pa t wè pouvwa Bondye. Apresa li te pran men rèn nan, epi rèn nan te leve kanpe epi li t ap louwe Jezi.

Alma 19:28–29

Imaj
wa a ak rèn nan kanpe avèk Abish ak Amon

Rèn nan te pran men mari li, epi li te kanpe. Wa a te pale moun yo konsènan Jezi. Apresa Amon ak lòt sèvitè yo te kanpe. Yo tout te di moun yo ke Jezi te chanje yo. Kounyea yo te vle fè bon bagay sèlman. Anpil moun te kwè yo.

Alma 19:29–36

Imaj
Abich, rèn nan, ak wa a, k ap gade yon batèm

Egzakteman jan Abich te espere a, moun yo te wè pouvwa Bondye. Anpil lòt moun te kwè nan Jezi epi yo te vin batize. Yo te gen Lespri Bondye avèk yo. Apresa yo te menm etabli Legliz la nan peyi yo. Yo te wè ke Jezi ede nenpòt moun ki repanti epi kwè nan Li.

Alma 19:17, 31, 35–36