Scripture Stories
Wa Noye ak Wa Limi


“Wa Noye ak Wa Limi,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Mozya 19–22

Wa Noye ak Wa Limi

Chape anba Lamanit yo

Imaj
Jedeyon kenbe yon epe epi l kanpe toupre yon toudegad, epi Noye nan toudegad la epi l lonje dwèt sou lame Lamanit la

Wa Noye te gouvène yon gwoup Nefit. Li te fè anpil move bagay, epi kèk moun te fache kont li. Yon mesye ki te rele Jedeyon te konbat Noye avèk yon epe. Noye te kouri ale lwen epi l te grenpe sou yon toudegad. Apati toudegad la, li te wè lame Lamanit yo ki t ap vini. Noye te pretann ke li te pè pou pèp li a, konsa Jedeyon te kite l viv.

Mozya 11:1–2; 19:2– 8

Imaj
Noe kouri ale lwen, epi pèp Noe a te pè

Noye ak pèp li a te kouri ale lwen. Men Lamanit yo te kouri dèyè yo epi kòmanse atake yo. Noye te di mesye yo pou yo te kite fanmi yo dèyè epi ale avèk li.

Mozya 19:9–11

Imaj
Limi, Jedeyon, ak lòt Nefit te kontre ak lame Lamanit la

Kèk nan mesye yo te ale avèk Noye. Men anpil nan mesye yo te chwazi rete avèk fanmi yo. Pitit gason Noye a, Limi, te chwazi rete tou.

Mozya 19:12, 16–17

Imaj
fi ki kanpe devan Limi ak lòt Nefit yo

Anpil pitit fi te kanpe devan lame a epi yo te mande Lamanit yo pou yo pa t blese fanmi yo. Lamanit yo te koute pitit fi yo epi yo te kite Nefit yo viv. Olyesa, Lamanit yo te kaptire Nefit yo.

Mozya 19:13–15

Imaj
Noye ak mesye l yo te fache youn kont lòt.

Mesye ki te kouri ale yo te vle retounen al jwenn fanmi yo. Noye te eseye bloke yo, konsa mesye yo te deside touye li. Apresa yo te retounen al jwenn fanmi yo.

Mozya 19:18–22

Imaj
Mesye Nefit yo akeyi fanmi yo ak Jedeyon.

Mesye yo te kontan anpil dèske fanmi yo te ansekirite. Yo te di Jedeyon sa ki te rive Noye.

Mozya 19:22–24

Imaj
Limi bay Lamanit yo manje ak bèt

Moun yo te chwazi Limi pou l te vin nouvo wa yo. Limi te pwomèt wa Lamnit la ke yo t ap peye Lamanit yo mwatye nan tout bagay yo te posede. An retou, wa Lamanit la te pwomèt pou l pa t ap blese pèp Limi an.

Mozya 19:25–27

Imaj
Limi ak madanm li te sanble yo tris, epi anpil Nefit te blese

Yo te viv nan lapè pandan anpil ane. Apresa Lamanit yo te kòmanse bay pèp Limi an move tretman. Moun yo te vle pou yo te vin lib ankò. Yo te eseye konbat Lamanit yo, men yo te pèdi. Moun yo te priye pou Bondye te ede yo.

Mozya 19:29; 21:1–15

Imaj
Limi ak Amon k ap pale

Yon jou, yon Nefit ki te rele Amon te vizite Limi ak pèp li a. Amon te soti nan yon peyi ki te rele Zarayemla. Limi te kontan wè Amon.

Mozya 21:22–24

Imaj
Jedeyon, Limi, Amon, ak lòt Nefit yo ap pale

Amon te ka dirije pèp Limi an al nan Zarayemla, men fòk yo te chape anba Lamanit yo toudabò. Jedeyon te gen yon plan.

Mozya 21:36; 22:1–9, 11

Imaj
Gad Lamanit yo dòmi, epi Nefit yo kite vil la

Nan aswè, Jedeyon te bay gad Lamnit yo diven anplis pou l te fè dòmi pran yo. Pandan gad yo t ap dòmi, Limi ak tout pèp li a te chape kite vil la.

Mozya 22:7, 10–12

Imaj
Wa Mozya ak pèp li a te akeyi Limi ak pèp li a.

Yo te ale nan Zarayemla epi yo te ini avèk Nefit yo nan kote sa a. Limi ak pèp li a te aprann plis konsènan Bondye. Yo te fè yon alyans, oswa pwomès espesyal, pou sèvi Bondye epi obeyi kòmandman L yo. Yo te batize epi yo te vin fè pati Legliz Bondye a. Yo te sonje ke Bondye te ede yo chape anba Lamanit yo.

Mozya 21:32–35; 22:13–14; 25:16–18