Ekriti yo
Mozya 19


Chapit 19

Jedeon chèche pou l touye wa Noye—Lamanit yo anvayi peyi a—Wa Noye mouri nan dife—Limi gouvène kòm yon wa rèstavèk. Anviwon 145–121 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, lè lame wa a te fin chèche pèp Senyè a san rezilta, yo te retounen.

2 Epi kounyeya, fòs wa a te piti, li te pèdi moun, e yon divizyon te kòmanse nan pami rès pèp la.

3 Epi, gwoup ki te pi piti a te kòmanse fè menas kont wa a, epi te kòmanse gen yon gwo chirepit nan pami yo.

4 Te gen yon nonm nan pami yo ki te rele Jedeon, li te yon nonm fò, e se te ènmi wa a; se poutèt sa, li te rale epe l, e li te fè sèman nan kòlè l pou l touye wa a.

5 Epi, se te konsa, li te goumen ak wa a, e lè wa a te wè l t ap pral pèdi batay, li te sove, li te kouri, epi li te ale sou tèt afòtrès ki te prè tanp lan.

6 Epi, Jedeon te kouridèyè li, e Jedeon te prèske monte sou tèt fòtrès la pou l touye wa a, e wa a te voye je l bò peyi Chèmlon an, e li wè lame Lamanit yo te andedan fwontyè peyi a.

7 Epi kounyeya, wa a te rele nan detrès nanm li, li te di: Jedeon, sove m paske, Lamanit yo sou nou, e yo pral detwi nou; wi, yo pral detwi pèp mwen an.

8 Wa a pa t tèlman gen pwoblèm pou pèp li a plis pase pou tèt pa l, men, Jedeon te ba l lavi kanmèm.

9 Epi, wa a te bay pèp la kòmandman pou yo kouri devan Lamanit yo, e li menm poutèt pa l li te kouri devan yo, e yo te kouri nan dezè a ak madanm, epi ak pitit yo.

10 Epi, se te konsa, Lamanit yo te pousuiv yo, yo te pran yo, e te kòmanse touye yo.

11 Kounyeya, se te konsa, wa a te kòmande tout gason pou yo kite madanm ak pitit yo pou yo kouri devan Lamanit yo.

12 Kounyeya, te gen yon pakèt ki pa t vle kite yo, men yo te pito peri avèk yo. Epi, rès yo te kite madanm ak pitit yo e yo te kouri.

13 Epi, se te konsa, moun ki te rete avèk madanm ak pitit yo te fè bèl pitit fi yo kanpe pou sipliye Lamanit yo pou yo pa t touye yo.

14 Epi, se te konsa, Lamanit yo te gen konpasyon pou yo paske bèlte fi yo te chame yo.

15 Se poutèt sa, Lamanit yo te ba yo lavi, yo te fè yo prizonye e mennen yo nan peyi Nefi a, e yo te ba yo pèmisyon pou yo posede peyi a, avèk kondisyon pou yo lage wa Noye nan men Lamanit yo, pou yo bay Lamanit yo tout sa yo genyen, menm mwatye nan lò ak lajan ak tout bagay chè yo genyen. Se konsa pou yo te peye wa Lamanit yo amand chak ane.

16 Epi kounyeya, te gen youn nan pitit gason wa a nan pami moun ki te prizonye yo, li te rele aLimi.

17 Limi pa t vle pou yo te detwi papa l; men li pa t inyore inikite papa l yo paske li te yon nonm jis.

18 Epi, se te konsa, Jedeon te voye moun chèche wa a ak moun ki avèk li yo an kachèt nan dezè a. Epi, yo te rankontre pèp la nan dezè a, yo tout eksepte wa a ak prèt li yo.

19 Kounyeya, Yo te fè sèman pou yo tounen nan peyi Nefi a, e si madanm ak pitit yo ak moun ki te rete avèk yo te mouri, pou yo vanje, e pou yo kapab peri tou.

20 Epi, wa a te kòmande yo pou yo pa retounen; e yo te fache kont wa a, e yo te fè l soufri alanmò nan dife.

21 Epi, yo ta pral pran prèt yo pou yo kapab touye yo e prèt yo te kouri.

22 Epi, se te konsa, yo ta pral tounen nan peyi Nefi a, men yo te rankontre moun Jedeon yo. Epi, moun Jedeon yo di yo tout sa k te pase madanm ak pitit yo; e Lamanit yo te aksepte pou yo posede peyi a si yo peye Lamanit yo amand, mwatye tout sa yo posede.

23 Epi, pèp la te di moun Jedeon yo ke yo te touye wa a, e prèt li yo te sove pou ale pi lwen nan dezè a.

24 Epi, se te konsa, lè yo te fini seremoni yo a, yo te retounen nan peyi Nefi a pou yo rejwi poutèt madanm ak pitit yo ki pa t mouri, e yo te di Jedeon sa yo te fè avèk wa a.

25 Epi, se te konsa, wa Lamanit la te fè asèman bay yo pou pèp li a pa t touye yo.

26 Epi, Limi, pitit gason wa a te eritye Wayòm papa a, apèp la te nonmen l wa. Li te fè sèman bay wa Lamanit yo pou pèp li a peye l amand, mwatye nan tout sa yo te posede.

27 Epi, se te konsa, Limi te kòmanse tabli wayòm nan avèk lapè nan pami pèp li a.

28 Epi, wa Lamanit la te mete gad alantou peyi a pou l te kapab fè pèp Limi a rete nan peyi a pou yo te kapab pa pati ale nan dezè a. Epi, li te peye gad li yo nan amand li te resevwa nan men Nefit yo.

29 Epi, wa Limi te gen lapè san rete nan wayòm li a pandan dezan. Lamanit yo pa t ba yo pwoblèm ni detwi yo.