Ekriti yo
Mozya 22


Chapit 22

Plan fèt pou pèp la kapab sòti anba esklavaj Lamanit yo—Pèp la soule Lamanit yo—Pèp la chape, yo tounen nan Zarayemla, e yo vin rete avèk pèp Wa Mozya a. Anviwon 121–120 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, Amon ak wa Limi te kòmanse konsilte pèp la pou yo konnen kijan pou yo delivre nan esklavaj; e yo menm te fè tout pèp la rasanble ansanm; e yo te fè sa pou yo te kapab gen opinyon pèp la konsènan sa.

2 Epi, se te konsa, yo pa t jwenn okenn mwayen pou yo delivre tèt yo nan esklavaj, eksepte pou yo ta pran madanm ak pitit yo, ak bèt, ak manje, ak tant yo, pou yo pati al nan dezè a; paske Lamanit yo te tèlman anpil, li te enposib pou pèp Limi an goumen avèk yo, pou yo ta panse yo kapab sòti nan esklavaj ak epe.

3 Kounyeya se te konsa, Jedeon te ale e li te kanpe devan wa a, e li te di l: O wa, ou te koute pawòl mwen anpil fwa lè nou t ap goumen avèk frè nou yo, Lamanit yo.

4 Epi kounyeya, O wa, si ou pa t twouve m se yon sèvitè initil, oubyen si ou te konn yon ti jan koute pawòl mwen yo, e yo te konn sèvi ou, kounyeya, m ta mande ou koute pawòl mwen, e m ap tounen sèvitè ou pou m delivre pèp sa a anba esklavaj.

5 Epi, wa a te akòde l pawòl. E Jedeon te di l:

6 Ou wè, wout dèyè a pase pa do vil la, atravè mi dèyè a. Lamanit yo, oubyen gad Lamanit yo sou nan nuit; se poutèt sa, an nou voye nouvèl nan pami tout pèp la pou yo rasanble bèt ak manje yo ansanm, pou nou kapab mennen yo nan dezè a nan nuit la.

7 Epi, daprè kòmandman ou, m ap peye dènye amand diven an bay Lamanit yo, e y ap sou; e n ap pase nan chemen sekrè ki bay sou kote goch kan yo a, lè yo sou, epi y ap dòmi.

8 Konsa, n ap pati avèk madanm ak pitit nou yo, ak bèt nou yo, ak manje nou yo nan dezè a; e n ap vwayaje bò kote peyi Chilòm nan.

9 Epi, se te konsa, wa a te koute pawòl Jedeon yo.

10 Epi, wa Limi te fè pèp li a rasanble bèt yo ansanm; e li te voye amand diven an bay Lamanit yo; e li te voye plis diven tou, kòm kado ba yo, e yo te bwè diven wa Limi te voye ba yo a san rete.

11 Epi, se te konsa, pèp wa Limi an te pati nan dezè a nan nuit la avèk bèt yo, ak manje yo, e yo te ale bò kote peyi Chilòm nan, ki te nan dezè a, e yo te pran direksyon peyi Zarayemla a; Amon ak frè l yo t ap dirije yo.

12 Epi, yo te pran tout lò, ak lajan, ak bagay chè yo te kapab pote, ak pwovizyon yo nan dezè a, e yo te fè vwayaj yo a.

13 E apre anpil jou nan dezè a, yo te rive nan peyi Zarayemla a, e yo te jwenn avèk pèp Mozya a, e yo te vin tounen sèvitè yo.

14 Epi, se te konsa, Mozya te resevwa yo ak lajwa; e li te resevwa arejis yo tou, ak brejis pèp Limi a te jwenn nan.

15 Epi kounyeya, se te konsa, lè Lamanit yo te wè pèp Limi a te pati nan peyi a nan nuit la, yo te voye yon lame nan dezè a pou pousuiv yo.

16 Epi, apre yo te fin pousuiv yo pandan de jou, yo pa t kapab suiv tras yo ankò; se poutèt sa, yo te pèdi nan dezè a.