Ekriti yo
Mozya 1


Liv Mozya a

Chapit 1

Wa Benjamen ansenye pitit gason l yo lang ak pwofesi zansèt yo—Relijyon ak sivilizasyon yo te prezève akoz rejis ki te konsève sou plizyè plak—Yo chwazi Mozya kòm wa, e li resevwa responsablite rejis yo ak lòt bagay ankò. Anviwon 130–124 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, pa t gen chirepit ankò nan tout apeyi Zarayemla a, nan pami tout pèp wa Benjamen an, konsa, wa Benjamen te gen lapè nèt alkole nan tout rès jou li yo.

2 Epi, se te konsa, li te gen twa pitit gason; li te rele yo Mozya, Elowoum ak Elaman. Epi li te fè yo resevwa aansèyman nan tout blang zansèt li yo, pou yo te kapab vin tounen moun entèlijan; e pou yo kapab konnen konsènan pwofesi bouch zansèt yo te pale, pwofesi yo te resevwa nan men Senyè a.

3 Epi, li te ansenye yo tou konsènan rejis ki te ekri sou plakderen yo, li di: Pitit gason m yo, m ta vle nou sonje, si se pa t akoz aplak sa yo, ki gen rejis sa yo ak kòmandman sa yo, nou t ap soufri nan biyorans, jouk kounyeya, san konnen mistè Bondye yo.

4 Paske, li pa t ap posib pou papa nou, Leyi, ta sonje tout bagay sa yo, pou l ansenye pitit li yo, si se pa t ak èd plak sa yo; paske li te resevwa ansèyman nan alang Ejipsyen yo, se poutèt sa, li te kapab li ekriti sa yo, e ansenye pitit li yo, pou yo kapab ansenye pitit pa yo, pou yo kapab akonpli kòmandman Bondye, jouk kounyeya.

5 M di nou, pitit gason m yo, si se pa t pou bagay sa yo, men Bondye kenbe ak aprezève yo, pou nou kapab bli, e pou nou kapab konprann cmistè li yo, e pou nou kapab gen kòmandman li yo devan je nou touttan, zansèt nou yo t ap menm dejenere nan enkredilite, e nou t ap tankou frè nou yo, Lamanit yo, ki pa konn anyen konsènan bagay sa yo, oubyen ki pa menm kwè lè yo ansenye yo, poutèt dtradisyon zansèt yo ki pa kòrèk.

6 O pitit gason m yo, m ta vle nou sonje pawòl sa yo se verite, e rejis sa yo tou se averite. Epi gade, plak Nefi yo, ki gen istwa ak pawòl zansèt nou yo depi lè yo te kite Jerizalèm jouk kounyeya, se verite tou; e nou konnen yo reyèl paske nou genyen yo devan je nou.

7 E kounyeya, pitit gason m yo, m ta vle nou sonje afouye yo avèk dilijans, pou pwofi nou; e m ta vle nou brespekte ckòmandman Bondye yo, pou nou kapab pwospere nan peyi a, daprè dpwomès Senyè a te fè zansèt nou yo.

8 Epi, gen anpil lòt bagay wa Benjamen te ansenye pitit gason l yo, ki pa ekri nan liv sa a.

9 Epi, se te konsa, lè wa Benjamen te fin ansenye pitit gason l yo, li te vyeyi, e li te wè l dwe fè ronn tout tè a talèkonsa; se poutèt sa, li te panse se te nesesè pou l pase wayòm nan bay youn nan pitit gason l yo.

10 Se poutèt sa, li te fè mennen Mozya devan l; e men pawòl li te di l: Pitit gason m nan, m ta vle w fè yon pwoklamasyon nan tout peyi a, nan pami tout pèp sa a, oubyen apèp Zarayemla a, ak pèp Mozya a ki rete nan peyi a, pou yo rasanble ansanm; paske demen, m pral pwoklame w bwa ak dirijan avèk bouch pa m, pou pèp Senyè Bondye nou an te ban nou an.

11 Epi anplis, m pral bay pèp sa a yon anon, pou yo kapab distenge nan pami tout pèp Senyè Bondye a te fè sòti nan peyi Jerizalèm; e m fè sa paske yo respekte kòmandman Senyè a yo avèk dilijans.

12 Epi, m ba yo yon non ki p ap janm efase, eksepte pa atransgresyon.

13 Wi, e anplis sa, m di w, si pèp sa a, Senyè a favorize anpil la ta tonbe nan atransgresyon, e yo ta vin tounen yon pèp mechan ak adiltè, Senyè a ap lage yo pou yo kapab vin bfèb tankou frè yo; e li p ap cprezève yo ankò avèk gwo pouvwa san parèy li a, jan li te prezève zansèt nou yo.

14 Paske, m di w, si l pa t lonje ponyèt li pou l prezève zansèt nou yo, yo t ap tonbe nan men Lamanit yo, pou yo tounen viktim rayiman yo.

15 Epi, se te konsa, lè wa Benjamen te fin pale pawòl sa yo avèk pitit gason l, li te ba l responsab tout bagay nan wayòm nan.

16 Epi anplis sa, li te ba l responsablite konsènan rejis ki te ekri sou aplakderen yo; e tou ak plak Nefi yo tou; ak bepe Laban an, ak cboul oubyen bousòl ki te dirije zansèt nou yo nan dezè a, boul Senyè a te pare avèk men pa li a, pou l te kapab dirije yo, chak moun, daprè atansyon ak dilijans yo te ba li.

17 Se poutèt sa, lè yo pa t fidèl, yo pa t pwospere ni pwogrese nan vwayaj yo, men yo te a bak, e yo te rale chatiman Bondye sou yo; se poutèt sa, famin ak afliksyon ensipòtab te frape yo, pou fè yo sonje devwa yo.

18 Epi kounyeya, se te konsa, Mozya t ale e li te fè jan papa l te kòmande l la, li te pwoklame devan tout pèp nan peyi Zarayemla a, pou yo rasanble ansanm, pou yo monte nan tanp la, pou yo tande pawòl papa l te gen pou l di yo.