Ekriti yo
Mozya 17


Chapit 17

Alma kwè e li ekri pawòl Abinadi yo—Abinadi soufri lanmò nan dife—Li pwofetize maladi ak lanmò nan dife sou tèt asasen ki te touye l yo. Anviwon 148 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, lè Abinadi te fini avèk pawòl sa yo, wa a te kòmande pou aprèt yo pran l pou fè touye l.

2 Men te gen youn nan pami yo ki te rele aAlma, li te desandan Nefi tou. Li te yon jèn gason e li te bkwè pawòl Abinadi te pale yo, paske li te konnen inikite Abinadi te temwaye kont yo a; se poutèt sa li te kòmanse priye nan pye wa a pou l pa t fache kont Abinadi, men pou l ta kite l ale trankil.

3 Men wa a te pi fache, e li te fè chase Alma nan pami yo, e li te voye sèvitè l yo dèyè l pou yo touye l.

4 Men li te kouri devan yo e li te kache e yo pa t jwenn li. Epi pandan l te kache pandan anpil jou li te aekri tout pawòl Abinadi te pale yo.

5 Epi, se te konsa, wa a te fè gad li yo antoure Abinadi, e te yo pran l; yo te mare l avèk kòd e yo te jete l nan prizon.

6 Epi apre twa jou, lè l te fin konsilte prèt li yo, li te mande pou yo mennen l devan l ankò.

7 Epi li te di l: Abinadi, nou te jwenn yon akizasyon kont ou e ou merite mouri.

8 Paske ou te di konsa aBondye pou tèt pa l pral desann nan pami lèzòm; kounyeya, poutèt sa w ap pase anba lanmò si ou pa demanti tout move pawòl ou te pale kont mwen ak pèp mwen an.

9 kounyeya epi Abinadi di l: m ap di ou konsa, m p ap demanti pawòl m te pale nou yo konsènan pèp sa a, paske yo se verite; e pou ou kapab konnen yo se verite, m te kite tèt mwen tonbe nan men ou.

10 Wi, epi m ap menm soufri jouk nan lanmò, tan pou m ta demanti pawòl mwen yo, epi y ap sèvi temwayaj kont ou. Epi si w touye m se san ainosan w ap fè koule, e sa ap sèvi temwayaj kont ou tou nan dènye jou a.

11 E kounyeya wa Noye ta pral lage l, paske li te pè pawòl li yo; paske li te pè pou jijman Bondye a pa tonbe sou li.

12 Men prèt yo te leve vwa yo kont li, e yo te kòmanse akize l, yo di konsa: Li te ensilte wa a. Se poutèt sa kòlè te anpòte wa a kont li, epi wa a te livre l pou yo te kapab touye l.

13 Epi, se te konsa, yo te pran l, e yo te mare l, yo te filange po l ak kout frèt, wi, jistan l te mouri.

14 Epi kounyeya lè flanm yo te kòmanse kankannen l, li te di yo byen fò:

15 Gade, se pral konsa, menm jan nou fè m nan, se konsa desandan nou yo pral fè anpil moun soufri doulè nou fè m soufri yo, doulè alanmò anba dife a menm; poutèt moun sa yo kwè nan sali Senyè a, Bondye yo a.

16 Epi se pral konsa, nou pral aflije anba tout kalite maladi poutèt inikite nou yo.

17 Wi, epi nou pral pran akou tout kote, yo pral chase nou e nou pral gaye pasi-pala, tankou yon twoupo sovaj k ap kouri devan bèt fewòs.

18 Epi jou sa a yo ap chase nou, epi ènmi yo ap pran nou avèk men yo, e lè sa a n ap soufri, menm jan m soufri doulè alanmò anba dife a.

19 Se konsa Bondye egzekite avanjans kont moun ki detwi pèp li a. O, Bondye, resevwa nanm mwen.

20 E kounyeya, lè Abinadi te fin di pawòl sa yo, li te tonbe, li te soufri lanmò anba dife; wi, yo te touye l paske li pa t vle demanti kòmandman Bondye yo, lanmò l te sele pawòl verite li yo.