Ekriti yo
Mozya 29


Chapit 29

Mozya pwopoze pou yo chwazi jij nan plas wa—Wa enjis mennen pèp yo nan peche—Pèp la chwazi jèn Alma kòm jij anchèf—Li se gran prèt legliz la tou—Alma, papa a, ak Mozya mouri. Anviwon 92–91 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, lè Mozya te fin fè sa, li te voye nan tout peyi a, nan pami tout pèp la pou l kapab konnen ki moun yo ta vle pou wa yo.

2 Epi, se te konsa, vwa pèp la te fè tande l, yo di: Nou vle pitit ou a, Aawon pou wa ak dirijan nou.

3 Kounyeya, Aawon te monte nan peyi Nefi a, se poutèt sa, wa a pa t kapab ba li wayòm nan; epi tou, Aawon pa t ap pran wayòm nan; epi yo youn nan apitit gason Mozya yo pa t vle pran wayòm nan.

4 Se poutèt sa, wa Mozya te voye nan pami pèp la ankò, wi, li menm te voye yon mesaj ekri nan pami pèp la. Epi, men pawòl ki te ekri:

5 Gade o pèp mwen an, oubyen frè m yo, paske se konsa m konsidere nou; m vle nou konsidere koz nou dwe konsidere a, paske nou vle gen yon awa.

6 Kounyeya m deklare nou, moun ki gen dwa nan wayòm nan retire kò l, e li pa vle pran responsablite wayòm nan.

7 M pè pou pa ta gen chirepit nan pami nou, si yon lòt moun ta lonmen nan plas li. Epi, kiyès ki konnen si pitit gason m nan ki gen dwa nan wayòm nan pa t ap vin fache epi mennen yon pati pèp la dèyè l, sa ta lakòz lagè ak chirepit nan pami nou, sa ta lakòz anpil san koule, e chemen Senyè a ta p pèvèti, wi, e sa ta detwi nanm anpil moun.

8 Kounyeya m di ou, an nou konsidere bagay sa yo avèk sajès, paske nou pa gen dwa detwi pitit mwen an, ni tou, nou pa gen dwa detwi onkenn lòt moun ki ta lonmen nan plas li.

9 Epi, si pitit mwen an ta retounen ankò nan lògèy ak vanite li yo, li ta kapab demanti bagay li te di yo, e li ta reklame dwa li genyen nan wayòm nan, sa ta kapab fè pèp li a fè anpil peche.

10 Epi kounyeya an nou gen sajès pou nou konsidere bagay sa yo, e pou nou fè sa k ap mete lapè nan pami pèp sa a.

11 Se poutèt sa, m ap rete wa nou pandan rès jou m yo; men, aan nou lonmen bjij, pou jije pèp sa a daprè lwa nou; e n ap ranje zafè pèp sa a yon nouvo fason, paske n ap lonmen nonm ki saj pou jij, ki kapab jije pèp sa a daprè kòmandman Bondye.

12 Kounyea li pi bon pou Bondye jije yon moun pase yon nonm jije l, paske jijman Bondye yo toujou jis, men, jijman lòm pa toujou jis.

13 Se poutèt sa, si l te posib pou nou ta toujou genyen amoun ki jis pou wa, ki ta etabli lwa Bondye, e ki ta jije pèp la daprè kòmandman yo, wi, si nou ta kapab gen moun pou wa ki ta fè tankou papa m, bBenjamen te fè pou pèp sa a—M di nou si sa ta kapab toujou konsa, li ta nesesè pou nou ta toujou gen wa pou dirije nou.

14 Epi, menm mwen, m te travay avèk tout pouvwa ak posiblite m posede pou m ansenye nou kòmandman Bondye yo, e pou m kapab tabli lapè nan peyi a, pou kapab pa gen chirepit ak vòl, ak piyay, ak masak ni okenn kalite inikite;

15 Epi, nenpòt moun ki te komèt inikite, m te apini l daprè krim li te fè a, daprè lwa zansèt nou yo te ban nou.

16 Kounyeya m di nou, paske tout moun pa jis, li pa nesesè pou nou ta gen yon wa pou dirije nou.

17 Paske gade, kantite ainikite yon sèl bwa mechan kapab lakòz, wi, e sa ta yon gwo destriksyon!

18 Wi, sonje wa Noye, amechanste ak abominasyon l yo, e mechanste ak abominasyon pèp li a. Gade gwo destriksyon ki te tonbe sou yo; e poutèt inikite yo tou, yo te tonbe nan besklavaj.

19 Epi si se pa t entèvansyon kreyatè yo a ki gen lasajès, ak repantans sensè yo a, yo ta p rete rèd nan esklavaj jouk kounyeya.

20 Men gade, li te delivre yo paske yo te aimilye yo devan l; epi, paske yo te bkriye anpil nan pye l, li te delivre yo anba esklavaj; e konsa Senyè a travay avèk pouvwa l nan pami lèzòm, li lonje ponyèt cmizèrikòd li bay moun ki mete dkonfyans yo nan li.

21 Epi gade kounyeya, m di nou, nou pa kapab detwone yon wa pechè san pa gen anpil chirepit ak anpil san koule.

22 Paske gade, li gen azanmi li yo nan inikite, e li kite gad li yo bò kote l, e li kraze lwa moun ki te gouvène ak lajistis anvan l yo; e li pase kòmandman Bondye yo anba pye.

23 Epi li fè lwa, e li voye yo nan pami pèp li a, wi, lwa daprè pwòp amechanste li, e nenpòt moun ki pa obeyi lwa l yo, li fè detwi l, e nenpòt moun ki fè rebèl kont li, l ap voye lame li pou goumen avèk yo, e si l kapab, l ap detwi yo; e se konsa yon wa enjis chanje tout zafè lajistis.

24 Epi kounyeya, gade m di nou, li pa nesesè pou abominasyon sa yo tonbe sou nou.

25 Se poutèt sa, chwazi jij pou jije nou selon vwa pèp sa a, pou yo ka jije nou daprè lwa zansèt nou yo te ba nou yo, lwa ki kòrèk, ke Senyè a te ba yo.

26 Kounyeya, se pa souvan vwa pèp la vle yon bagay ki kontrè avèk sa ki bon; men, souvan, yon ti gwoup nan pèp la vle sa ki pa bon; se poutèt sa, men sa pou nou fè, e fè sa tounen lwa nou—mennen aktivite nou avèk konsantman pèp la.

27 Epi, asi yon lè vwa pèp la chwazi inikite, se lè sa a jijman Bondye ap tonbe sou nou; wi, se lè sa a, l ap vizite nou avèk gwo destriksyon, menm jan li te fè deja nan peyi sa a.

28 Epi kounyeya, si nou gen jij ki pa jije nou daprè lalwa nou genyen an, nou kapab fè pi gwo jij jije yo.

29 Si pi gwo jij yo pa jije ak lajistis, nou kapab fè yon ti gwoup nan pi piti jij nou yo mete ansanm pou yo jije pi gwo jij yo daprè vwa pèp la.

30 Epi, m kòmande nou pou nou fè bagay sa yo avèk lakrent Senyè a, e m kòmande nou pou nou fè bagay sa yo, e pou nou pa gen wa, pou si pèp la fè peche, ak inikite, pou yo tonbe sou tèt pa l.

31 Paske gade, m ap di nou, se inikite wa yo ki te lakòz peche pèp mwen an, se poutèt sa, inikite yo tonbe sou tèt wa yo.

32 Epi kounyeya, m vle pou ainegalite sa a sispann nan peyi sa a, espesyalman nan pami pèp mwen an; men, m vle pou peyi sa a tounen yon peyi blibète e cchak moun dwe jwi dwa ak privilèj yo menm jan, depi Senyè a jije nesesè pou nou viv e pou nou eritye peyi a, wi menm, osi lontan desandan nou yo rete nan peyi a.

33 Epi, wa Mozya te ekri yo anpil lòt bagay, li te devlope devan yo tout traka ak pwoblèm yon wa jis, wi, tout soufrans nanm yo pou pèp yo a ak tout konplent yon pèp devan wa yo, e li te esplike yo tout sa.

34 Epi, li te di yo bagay sa yo pa dwe fèt, men, chay la dwe vini sou do tout pèp la pou chak moun pote pa l.

35 Epi, li montre yo tou tout dezavantaj yo sibi lè yon wa enjis ap gouvène yo;

36 Wi, tout inikite ak abominasyon, tout lagè ak tout chirepit ak vòl ak piyay ak adiltè ak tout kalite inikite ki pa kapab konte, li te di yo, bagay sa yo pa dwe fèt, paske bagay sa yo kont kòmandman Bondye yo.

37 Epi kounyeya, se te konsa, lè wa Mozya te fin voye bagay sa yo nan pami pèp la, yo te kwè tout bon, pawòl li yo se verite.

38 Se poutèt sa, yo te retire anvi yo te genyen pou yo gen yon wa, e yo te dispoze pou tout moun nan tout peyi a gen menm chans; wi, e chak moun te vle pran responsablite peche pa l.

39 Se poutèt sa, se te konsa, yo te rasanble ansanm fè gwoup nan tout peyi a pou yo vote pou jij yo, ki pou jije yo daprè alwa yo te genyen yo; e yo te kontan anpil poutèt blibète yo te genyen an.

40 Epi, yo te vin renmen Mozya anpil; wi, yo te ba li plis valè pase nenpòt lòt moun; paske yo pa t pran l pou yon tiran ki t ap chèche enterè, wi, ki t ap chèche byen ki kowonpi nanm, paske li pa t pran richès nan men yo, epi tou, li pa t pran plèzi nan fè san koule; men, li te tabli alapè nan peyi a, e li te delivre pèp li a anba tout kalite esklavaj, se poutèt sa, yo te ba l valè; wi, san mezire.

41 Epi, se te konsa, yo te lonmen ajij pou dirije yo oubyen pou jije yo daprè lwa a, e yo te fè sa nan tout peyi a.

42 Epi, se te konsa, yo te lonmen Alma premye jij anchèf, li te gran prèt tou, papa l te ba li grad sa a, e li te ba li chay tout zafè legliz la.

43 Epi kounyeya, se te konsa, Alma te amache nan chemen Senyè a, e li te respekte kòmandman yo, e li te fè jijman ki jis, epi te toujou gen lapè nan peyi a.

44 Epi, se konsa rèy jij yo te kòmanse nan tout peyi Zarayemla a, nan pami pèp ki te rele Nefit yo; e Alma te premye a ak jij anchèf la.

45 Epi kounyeya, se te konsa, papa l te mouri, li te gen katrevende zan, e li te viv pou l akonpli kòmandman Bondye.

46 Epi, se te konsa, Mozya te mouri tou nan tranntwazyèm ane rèy li a; li te gen aswasanntwa zan, sa fè yon total, senksannèf ane depi Leyi te kite Jerizalèm.

47 Epi, se konsa rèy wa yo te fini nan pami pèp Nefi a, e se konsa jou Alma, ki sete fondatè legliz yo a, te fini.