Ekriti yo
Mozya 5


Chapit 5

Sen yo vin tounen pitit gason ak pitit fi Kris la pa mwayen lafwa—Konsa, yo vin pote non Kris la—Wa Benjamen egzòte yo pou yo rete fèm, e enfleksib nan bon zèv. Anviwon 124 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, lè wa Benjamen te fin pale konsa avèk pèp li a, li te voye moun nan pami yo, pou chèche konnen si pèp li a te kwè pawòl li te pale yo a.

2 Epi yo tout te rele ansanm, yo te di: Wi, nou kwè tout pawòl ou te pale nou yo; epi tou, nou konnen reyèlman yo se verite, akoz Lespri Senyè Toupisan an, ki te opere yon gwo achanjman nan nou, oubyen nan kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè bmal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole.

3 Epi nou menm, pou tèt pa nou tou, nan bonte sanfen Bondye a, ak manifestasyon Lespri li, nou gen gwo vizyon konsènan sa ki pral rive; e si li nesesè, nou ta kapab pwofetize tout bagay.

4 Epi se lafwa nou te genyen nan bagay wa nou an te pale nou an ki fè nou gen gwo konesans sa a, ki fè nou rejwi ak anpil lajwa.

5 Epi nou vle fè aalyans ak Bondye nou an pou nou fè volonte l, e pou nou obeyi kòmandman l yo nan tout bagay li ap kòmande nou, tout rès lavi nou, pou nou pa atire yon btouman ki p ap janm fini sou nou, jan czanj lan te di a, pou nou pa bwè nan tas kòlè Bondye a.

6 E kounyeya, se pawòl sa yo menm wa Benjamen te vle tande nan bouch yo; epi konsa, li te di yo: nou te pale pawòl m te vle tande yo; e alyans nou te fè a se yon alyans ki te jis.

7 Epi kounyeya, poutèt alyans nou te fè a, yo ap rele nou apitit Kris la, pitit gason ak pitit fi l; paske gade, jodi a li te bba nou nesans espirityèlman; paske nou di konsa c nou chanje pa mwayen lafwa nan non l; se poutèt sa li te ba nou dnesans e nou vin tounen epitit gason ak pitit fi l.

8 Epi avèk tit sa a nou vin gen alibète, e pa gen okenn lòt btit ki kapab ba nou libète. Pa gen okenn lòt cnon k ap pote sali a; se poutèt sa, m ta renmen pou nou ta dpran non Kris la sou nou, tout ki te fè alyans avèk Bondye pou nou kapab obeyisan jouk nan finisman lavi nou.

9 Epi, se pral konsa, nenpòt moun ki fè sa li ap gen plas bò kote dwat Bondye, paske l ap konnen non moun k ap rele l; paske yo ap rele l nan non Kris la.

10 Epi, kounyeya, se pral konsa, nenpòt moun ki pa pran non Kris la sou li, yo dwe rele l pa yon alòt non; se poutèt sa, li ap gen plas li bò bkote goch Bondye.

11 Epi m ta renmen pou nou ta sonje tou ke se anon sa a m te di m ta p ba nou an e ki p ap janm efase a, eksepte si se ta nan transgresyon; se poutèt sa, fè atansyon pou nou pa transgrese, pou non an pa efase nan kè nou.

12 M ap di nou, m ta renmen nou sonje pou nou toujou akenbe non an nan kè nou, pou nou kapab pa gen plas bò kote goch Bondye, men pou nou tande e pou nou konnen vwa k ap rele nou an e nan non yo pral rele nou an.

13 Paske, kòman yon nonm ap fè arekonèt yon mèt li pa sèvi, e ki se yon etranje pou li, e ki pa nan panse l ak desizyon kè l?

14 Epi ankò, èske yon moun ka ap pran yon bourik ki pou vwazen l epi, pou l kenbe l? M di nou Non; li p ap menm kite bourik la manje nan pami twoupo li, okontrè, l ap mete l deyò e l ap chase l. M ap di nou, se sa k ap pase nan pami nou si nou pa konnen nan ki non yo pral rele nou an.

15 Se poutèt sa, m ta renmen pou nou fèm, inebranlab, toujou fè bon zèv an abondans, pou Kris la, Senyè Bondye Toupisan an, kapab asele nou kòm moun pa l, pou nou kapab ale nan syèl la, pou nou kapab gen sali a pou tout tan ak lavi etènèl la, gras a sajès, ak pouvwa, ak jistis, ak mizèrikòd moun ki te bkreye tout bagay yo, nan syèl la ak sou tè a, ki se Bondye sou tèt tout bagay. Amèn.