Ekriti yo
Mozya 13


Chapit 13

Pouvwa diven Bondye pwoteje Abinadi—Li ansenye dis kòmandman yo—Sali a pa vini atravè lwa Moyiz la sèlman—Bondye Li menm pral fè yon ekspyasyon pou L rachte pèp Li a. Anviwon 148 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, lè wa a te tande pawòl sa yo, li te di prèt li yo: Ale avèk nonm sa a, e, touye l; paske, sa pou nou fè avèk li se yon moun fou.

2 Epi, yo te kanpe e chèche met men sou li; men, li te reziste anba yo, e li te di yo:

3 Pa touche m paske Bondye ap frape nou si nou mete men sou mwen; paske m poko bay mesaj Senyè a ban m bay la, epi tou mwen poko di nou sa nou te amande m nan; se poutèt sa, Bondye p ap kite nou detwi m kounyeya a.

4 Men, m dwe akonpli kòmandman Bondye ban mwen yo; e paske m te di nou verite a, nou fache kont mwen. Epi ankò, paske m te pale pawòl Bondye a, nou jije m tankou mwen fou.

5 Epi kounyeya, se te konsa, lè Abinadi te fin pale pawòl sa yo, pèp wa Noye a pa t pran chans leve men sou li, paske, Lespri Senyè a te avèk li, e figi l te aklere avèk yon gwo ekla menm jan Moyiz te ye lè l ta p pale avèk Senyè a sou mòn Sinayi a.

6 Epi, li te pale avèk apouvwa, e avèk otorite Bondye; e li te kontinye pawòl li, li di:

7 Nou wè, nou pa gen pouvwa pou nou touye m, se poutèt sa, m ap fini mesaj mwen an. Wi, mwen apèsi sa ablese kè nou paske m di nou verite konsènan inikite nou yo.

8 Wi, e pawòl mwen yo chaje nou avèk etònman ak sezisman, epi kòlè.

9 Men, m ap fini mesaj mwen an; e sa k pase m apre sa pa enpòtan, depi m sove.

10 Men, sa sèlman m di nou, nenpòt sa nou fè m apre sa, ap yon modèl epi ap yon aresanblans pou bagay ki pral rive nou.

11 Epi kounyeya, m ap li rès akòmandman Bondye yo pou nou, paske, m apèsi yo pa ekri nan kè ou. M apèsi nou te edifye e nou te ansenye inikite prèske nan tout lavi nou.

12 Epi kounyeya, nou sonje m te di nou: Nou pa dwe fè okenn imaj taye ni onkenn bagay ki sanble avèk sa ki anlè nan syèl la ak anba sou tè a, oubyen sa ki anba tè a.

13 Epi ankò, nou pa dwe bese tèt devan yo, ni sèvi yo; paske, mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, m se yon Bondye jalou ki pini inikite papa sou tèt pitit, jouk nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon moun ki rayi m yo.

14 Epi, m fè mizèrikòd jis nan mil jenerasyon pou moun ki renmen m yo epi ki obeyi kòmandman m yo.

15 Ou pa dwe site non Senyè Bondye nou an pou granmesi, paske, Senyè a p ap kite moun ki lonmen non l pou gran mèsi san pinisyon;

16 Sonje ajou saba a pou sanktifye l.

17 Travay sis jou, e fè tout travay ou;

18 Men setyèm jou a, jou saba Senyè Bondye a, ou pa dwe fè okenn travay, ni oumenm, ni pitit gason ou, ni pitit fi ou, ni sèvitè ou, ni bòn ou; ni bèt ou, ni vizitè ki lakay ou;

19 Paske, Senyè a te fè syèl la ak tè a, ak lanmè a ak tout sa ki ladan yo nan asis jou; se poutèt sa, Senyè a te beni jou saba a, e li te sanktifye l.

20 aRespekte papa w ak manman w pou w kapab viv lontan nan peyi Senyè Bondye w la ba ou a.

21 Ou pa dwe atouye.

22 Ou pa dwe fè aadiltè. Ou pa dwe bvòlè.

23 Ou pa dwe bay afo temwayaj sou pwochen ou;

24 Ou pa dwe akonvwate kay vwazen ou; ou pa dwe konvwate madanm vwazen w; ni sèvitè l, ni bòn li; ni towo bèf li; ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen w.

25 Epi, se te konsa, lè Abinadi te fin pale pawòl sa yo, li te di yo: Èske nou te ansenye pèp sa a pou l te obsève tout bagay sa yo pou l kapab respekte kòmandman yo?

26 M di nou non, paske si nou te fè l Senyè a pa ta p fè m vin pwofetize konsènan peche pèp sa a.

27 Epi kounyeya, nou te di konsa, sali a vini nan alwa Moyiz la. M di nou, li nesesè pou nou respekte lwa Moyiz la toujou; men, m di nou, gen yon jou k ap vini, li bp ap nesesè pou nou kenbe lwa Moyiz la ankò.

28 Epi anplis, m di nou, asali a pa vini pa blwa Moyiz la sèlman; e san cekspyasyon ke Bondye li menm gen pou l fè pou peche ak inikite pèp li a, yo t ap peri kanmèm, malgre lwa Moyiz la.

29 Epi kounyeya, m di nou, li te nesesè pou yo te bay pitit Izrayèl yo lalwa; wi, yon alalwa sevè menm; paske, se te yon pèp ki gen kou rèd, ki te tou bpare pou l fè inikite, men ki pran tan pou l sonje Senyè Bondye a.

30 Se poutèt sa, yo te resevwa alalwa a; wi yon lalwa pou akonplisman ak bòdonans, yon lalwa pou yo te cobsève avèk severite chak jou, pou fè yo sonje Bondye ak devwa yo pou li.

31 Men gade, m di nou, tout bagay sa yo asenbolize bagay ki pral rive.

32 Epi kounyeya èske yo te konprann lalwa a? M di nou, non, yo pa t konprann lalwa a; sa te rive poutèt kè yo ki te di; paske yo pa t konprann pèsonn pa kapab sove asi se pa pa mwayen redanmsyon Bondye a.

33 Paske gade, èske Moyiz pa t pwofetize ba yo konsènan Mesi ki t ap vini an, e Bondye gen pou l rachte pèp li a? Wi, e tout apwofèt nèt ki te pwofetize depi mond lan kòmanse—Èske yo pa t pale yon ti jan konsènan bagay sa yo?

34 Èske yo pa t di konsa, aBondye li menm gen pou l desann nan pami lèzòm, pou l pran fòm yon nonm, e li pral mache sou sifas tè a avèk gwo pouvwa?

35 Wi, e èske yo pa t di tou, li pral reyalize arezirèksyon mò yo, e li menm, yo pral oprime l epi yo pral aflije l?