Ekriti yo
Mozya 25


Chapit 25

Desandan Melèk yo ki nan Zarayemla a vin tounen Nefit—Yo vin konnen pèp Alma a ak pèp Zenif la—Alma batize Limi ak tout pèp li a—Mozya otorize Alma pou l òganize legliz Bondye a. Anviwon 120 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya Wa Mozya te fè tout pèp la rasanble ansanm.

2 Kounyeya, pa t gen anpil pitit Nefi, oubyen, desandan Nefi, pase apèp Zarayemla a ki te desandan bMelèk ak sa ki te sòti nan dezè a avèk li.

3 Epi, pa t gen anpil nan pèp Nefi a ak pèp Zarayemla a pase Lamanit yo; wi, yo pa t fè mwatye yo.

4 Epi kounyeya tout pèp Nefi a te rasanble ansanm ak tout pèp Zarayemla a, e yo te fè de gwoup.

5 Epi, se te konsa, Mozya te li, e li te fè yo li istwa Zenif la bay pèp li a; wi, li te li istwa pèp Zenif la depi lè yo te kite peyi Zarayemla a jistan yo te retounen ankò.

6 Epi, li te li istwa Alma ak frè l yo ak tout afliksyon yo tou depi lè yo te kite peyi Zarayemla a jistan yo retounen ankò.

7 Epi kounyeya, lè Mozya te fin li istwa yo, pèp li a ki te rete nan peyi a te frape anba sezisman ak etònman.

8 Paske, yo pa t konnen sa pou yo panse; paske yo te wè moun ki te delivre anan esklavaj yo te chaje avèk anpil lajwa.

9 Epi ankò, lè yo te panse avèk frè yo ki te mouri anba men Lamanit yo, yo te chaje avèk lapenn e yo te menm jete anpil dlo nan lapenn.

10 Epi ankò, lè yo te panse avèk bonte imedyat Bondye ak pouvwa li ki te delivre Alma ak frè l yo anba esklavaj, anba men Lamanit yo, yo te leve vwa yo pou yo remèsye Bondye.

11 Epi, ankò, lè yo te panse avèk Lamanit yo ki te frè yo, nan eta peche ak salte yo, yo te chaje avèk alapenn ak kèkase pou byen bnanm Lamanit yo.

12 Epi, se te konsa, moun ki te pitit Amilon ak frè l yo, ki te pran pitit fi Lamanit yo kòm madanm yo a, yo te fache pou konduit papa yo, e yo pa t vle gen non papa yo ankò; se poutèt sa, yo te pran non Nefi pou moun kapab rele yo pitit Nefi, e pou yo kapab fè pati nan pami moun ki rele Nefit yo.

13 Epi kounyeya, tout pèp Zarayemla a te akonte nan pami Nefit yo, paske wayòm nan pa t nan men lòt moun eksepte desandan Nefi yo.

14 Epi kounyeya, se te konsa, lè Mozya te fin pale klèman, ak li bay pèp la, li te vle pou Alma pale avèk pèp la tou.

15 Epi, Alma te pale avèk yo, pandan yo te fè yon gwo gwoup, e li te ale nan yon gwoup apre lòt pou l ansenye pèp la repantans ak lafwa nan Senyè a.

16 Epi, li te egzòte pèp Limi an ak frè l yo, tout moun ki te delivre anba esklavaj pou yo sonje se Senyè a ki te delivre yo.

17 Epi, se te konsa, lè Alma te fin ansenye pèp la anpil bagay, e fin pale avèk yo, wa Limi te vle batize, e tout pèp li a te vle batize tou.

18 Se poutèt sa, Alma te ale nan dlo a, e li te batize yo. Wi, li te abatize yo menm jan li te batize frè l yo nan bdlo yo rele Mòmon an; wi, e tout moun li te batize yo te vin manm legliz Bondye a; poutèt yo te kwè nan pawòl Alma yo.

19 Epi, se te konsa, wa Mozya te bay Alma pèmisyon pou l te etabli legliz la nan tout peyi Zarayemla a, e li te ba l apouvwa pou l òdone prèt ak enstriktè nan chak legliz.

20 Kounyeya, yo te fè sa, paske tèlman te gen anpil moun, yon sèl enstriktè pa t kapab dirije yo epi tou yo tout pa t kapab koute pawòl Bondye nan yon sèl asanble.

21 Se poutèt sa, yo te rasanble ansanm nan diferan gwoup, ki rele legliz. Chak legliz te gen prèt ak enstriktè pa yo, e chak prèt te preche pawòl la jan Alma te ba li l la.

22 Epi, konsa, menm si te gen anpil legliz, yo tout se te menm alegliz la; wi legliz Bondye a menm, paske anyen pa t preche nan legliz yo si se pa t repantans ak lafwa nan Bondye.

23 Epi kounyeya, se te konsa, te gen sèt legliz nan peyi Zarayemla a. Epi, konsa tout moun moun ki te vle pran anon Kris la oubyen non Bondye a sou tèt yo, yo te fè ansanm avèk legliz Bondye a.

24 Yo te rele apèp Bondye a, e Senyè a te mete lespri l sou yo, yo te beni, e yo te pwospere nan peyi a.