Scripture Stories
Amon


“Amon,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 17–18

Amon

Yon sèvitè enb

Imaj
Amon ak frè l yo di orevwa

Amon ak frè l yo te vle anseye Lamanit yo konsènan Senyè a. Yo te ale nan epyi kote Lamanit yo t ap viv la. Sou wout yo, yo te jene ak priye pou mande Senyè a èd. Senyè a te rekonfòte yo. Li te di yo pou yo rete pasyan epi montre bon egzanp. Yo chak te ale nan yon diferan kote pou yo anseye.

Mozya 28:1–2; Alma 17:6–13

Imaj
Amon ajenou devan wa ak rèn

Amon te ale nan yon peyi ki te rele Ismayèl. Moun yo nan zòn sa a te mare li epi yo te menen l devan Wa Lamoni. Amon te di Lamoni ke li te vle viv nan mitan Lamanit yo. Lamoni te renmen Amon epi kite l ale lib. Li te vle Amon marye avèk youn nan pitit fi l yo, men Amon te chwazi pou vin sèvitè Lamoni de preferans.

Alma 17:20–25

Imaj
Amon gade mouton sou zèpòl li

Lamoni te di Amon pou l te pran swen bèt li yo. Yon jou, Amon ak kèk lòt sèvitè te mennen bèt yo al bwè dlo. Pandan bèt yo t ap bwè, vòlè te debake epi yo te fòse yo epapiye. Lòt sèvitè yo te pè pou yo pa t sibi pinisyon paske yo t ap pèdi bèt Lamoni yo.

Alma 17:25–28; Alma 18:7

Imaj
Amon

Amon te konnen sa sete chans li pou l te montre pouvwa Senyè a. Li te di lòt sèvitè yo pou yo pa t enkyete yo epi li te ede yo jwenn bèt ki te pèdi yo.

Alma 17:29–32

Imaj
Amon kenbe fistibal an kui a epi l pwente l sou vòlè yo

Vòlè yo te retounen pou yo te fè bèt yo pè ankò. Men fwa sa a, Amon te di lòt sèvitè yo pou yo te rete epi anpeche bèt yo kouri ale.

Alma 17:33

Imaj
Amon kanpe anfas vòlè yo

Amon te avanse pou l te anpeche vòlè yo fè mouton yo pè. Vòlè yo pa t pè Amon. Yo te panse yo te pi solid pase li. Yo pa t konnen ke Senyè a t ap ede Amon.

Alma 17:34–35

Imaj
Amon kalonnen vòlè yo wòch

Amon te voye wòch sou vòlè yo avèk fistibal li. Kèk nan yo te mouri. Sa te fè lòt vòlè yo fache, epi yo te vle touye Amon. Yo te etone paske yo pa t kapab touche Amon avèk wòch pa yo. Yo pa t panse ke l te puisan konsa.

Alma 17:36

Imaj
Amon lonje men pou pran epe li pandan vòlè yo voye baton sou li

Vòlè yo te eseye frape Amon avèk baton yo. Men chak fwa yo te eseye, Amon te koupe bra yo avèk epe li a konsa yo pa t ka batay. Anvan lontan, yo te vin pè twòp pou kontinye batay epi yo te kouri ale.

Alma 17:37–39

Imaj
De sèvitè ap eksplike Wa Lamoni sa ki te pase a

Sèvitè yo te di Lamoni kijan Amon te sove bèt yo. Lamoni te etone. Li te panse Amon sete Gran Espri a, ki gen gran pouvwa epi konnen tout bagay la.

Alma 18:1–5, 18

Imaj
Wa Lamoni sanble l enkyè

Lamoni te vle pale avèk Amon, men li te enkyete tou.

Alma 18:8–11

Imaj
Amon ajenou devan Wa Lamoni

Amon te al wè Lamoni, men Lamoni pa t konnen kisa pou l di. Senyè a te ede Amon konnen panse Lamoni yo. Amon te di ke li se pa Gran Espri a. Li te di Lamoni ke Gran Espri a se Bondye. Lamoni te vle aprann plis konsènan Bondye.

Alma 18:12–28

Imaj
Amon ap pale ak Wa Lamoni

Amon te di ke Bondye te fè mond lan ak tout moun ki ladan. Apresa Amon te di Lamoni ke Bondye genyen yon plan sali. Kòm yon pati nan plan sa a, Jezikri t ap vini. Lamoni te kwè sa Amon te di. Lamoni te priye epi mande Bondye pou gen mizerikòd pou li ak pèp li a.

Alma 18:24–36, 39–42