Ekriti yo
Alma 17


Istwa pitit gason Mozya yo ki te rejte dwa yo nan wayòm nan pou yo kapab preche pawòl Bondye, epi yo t ale nan peyi Nefi a pou y al preche Lamanit yo; soufrans yo ak delivrans yo—daprè rejis Alma yo.

Depi nan chapit 17 jouk nan finisman chapit 27.

Chapit 17

Pitit gason Mozya yo gen Lespri pwofesi ak Lespri revelasyon—Yo chak t ale anpil kote pou yo preche Lamanit yo—Amon ale nan peyi Ismayèl la e li tounen sèvitè Wa Lamoni—Amon sove bèt Wa Lamoni yo, epi li touye ènmi yo bò dlo Sebis a. Vèsè 1–3, anviwon 77 anvan Jezikri; vèsè 4, anviwon 91–77 anvan Jezikri; epi vèsè 5–39, anviwon 91 anvan Jezikri.

1 Epi, kounyeya, se te konsa, pandan Alma t ap vwayaje nan sid peyi Jedeon an, lòtbò peyi Manti a, li te sezi lè l te arankontre bpitit gason Mozya yo ki t ap vwayaje nan peyi Zarayemla a.

2 Kounyeya, pitit gason Mozya yo te ansanm avèk Alma lè zanj la te apremye parèt devan li; se poutèt sa Alma te kontan wè frè l yo anpil; e sa ki fè l pi kontan, yo te toujou rete tankou frè l nan Senyè a; wi, yo te grandi nan konesans verite a, paske se te dèzòm entèlijan, e yo te bfouye ekriti yo avèk dilijans pou yo kapab konnen pawòl Bondye.

3 Men, se pa tout la sa; yo te lage kò yo nan anpil apriyè, ak jèn; se poutèt sa, yo te gen lespri pwofesi ak lespri revelasyon, e lè yo te bpreche, yo te preche avèk pouvwa e avèk otorite Bondye.

4 Epi, yo t ap preche pawòl Bondye a pandan katòz ane nan pami Lamanit yo, yo te gen anpil asiksè, yo te bmennen anpil moun nan konesans laverite a; wi, pouvwa pawòl yo te mennen anpil moun devan lotèl Bondye a, pou yo priye l e pou yo ckonfese peche yo devan l.

5 Kounyeya se konsa nan vwayaj yo te ye: yo te gen anpil afliksyon; yo te soufri anpil nan kò yo ak nan panse yo, soufrans tankou grangou, swaf ak fatig ak anpil atouman nan lespri yo.

6 Men jan yo te vwayaje kite peyi Zarayemla: Yo te apran pèmisyon nan men papa yo, Mozya, nan premye ane jij yo, yo te brefize wayòm papa yo te vle ba yo a, e se te entansyon pèp la tou;

7 Malgre sa, yo te kite peyi Zarayemla a, yo te pran epe ak lans, ak flèch, ak fistibal yo, pou yo te kapab jwenn manje nan dezè a.

8 Epi yo te pati nan dezè a avèk moun yo te chwazi yo, pou y al nan peyi Nefi a, pou yo te kapab preche Lamanit yo pawòl Bondye a.

9 Epi, se te konsa, yo te rete nan dezè a, yo te jene anpil e yo te apriye anpil pou Senyè a te kapab ba yo yon pòsyon nan Lespri l pou ale avèk yo, e pou rete avèk yo, pou yo te kapab sèvi kòm bzouti nan men Bondye pou yo te kapab bay Lamanit yo, frè yo, konesans verite a ak konesans konsènan basès ctradisyon zansèt yo ki pa t kòrèk, si sa ta posib.

10 Epi, se te konsa, Senyè a te avizite yo avèk bLespri l, e li te di yo: ckonsole nou, e yo te konsole.

11 Epi, Senyè a te di yo tou: Ale nan pami Lamanit yo, frè nou yo, tabli pawòl mwen; men, nou dwe apasyan nan rezistans ak afliksyon, pou nou kapab sèvi bon egzanp pou yo nan non mwen, e m ap fè nou sèvi kòm zouti nan men mwen pou m kapab sove anpil nanm.

12 Epi, se te konsa, kè pitit gason Mozya yo ak moun ki te ansanm avèk yo te pran kouraj pou y al pibliye pawòl Bondye a bay Lamanit yo.

13 Epi, se te konsa, lè yo te rive sou fwontyè peyi Lamanit yo, yo te asepare e yo te pati, youn te kite lòt, avèk konfyans nan Senyè a, yo te kapab rankontre ankò lè yo fini brekòt la, paske yo te sipoze travay yo te kòmanse a te gwo anpil.

14 Epi, asireman li te gwo anpil, paske yo te pran responsablite pou yo preche pawòl Bondye bay yon pèp asovaj, ki gen kè di, epi ki fewòs; yon pèp ki te pran plèzi pou l touye Nefit yo, pou vòlè ak piye yo, kè yo te sou larichès, oubyen, sou lò ak lajan ak bijou ki chè; e yo te vle jwenn bagay sa yo nan touye moun ak piyay pou yo kapab pa travay avèk men pa yo.

15 Konsa, se te yon pèp reyèlman endolan, anpil ladan yo te adore zidòl, epi amalediksyon Bondye te tonbe sou yo poutèt btradisyon zansèt yo; malgre pwomès Senyè a te fè yo si yo ta repanti.

16 Se poutèt sa, se sa ki te alakòz pitit gason Mozya yo te pran travay la nan men, pou yo te kapab mennen Lamanit yo nan repantans; pou yo te kapab fè yo konnen plan redanmsyon an.

17 Se poutèt sa, yo te separe youn ak lòt, e yo t ale nan pami Lamanit yo, chak moun pou kont li, daprè pawòl ak pouvwa Bondye yo te resevwa a.

18 Kounyeya, Amon te chèf nan pami yo, oubyen se li ki te antrene yo, e li te pati kite yo apre l te fin abeni yo daprè direksyon yo chak te gen pou yo pran, li te ba yo pawòl Bondye a, oubyen, li te òganize yo anvan l pati, e yo te kòmanse vwayaje nan tout peyi a.

19 Epi, Amon t ale nan peyi Ismayèl la, peyi a te gen non sa a, daprè pitit gason aIsmayèl yo ki se desandan Lamanit yo tou.

20 Epi lè Amon te antre nan peyi Ismayèl la, Lamanit yo te pran l, e yo te mare l menm jan yo te toujou konn mare Nefit ki tonbe anba men yo, pou yo mennen yo devan wa a; se konsa wa a te gen dwa touye yo, fè yo prizonye, oubyen jete yo nan prizon, oubyen mete yo deyò nan peyi a, daprè jan l te vle.

21 Se konsa, yo te mennen Amon devan wa ki te alatèt peyi Ismayèl la; wa a te rele Lamoni, li te desandan Ismayèl.

22 Epi Wa a te mande Amon si l vle rete nan pami Lamanit yo oubyen nan pami pèp li a.

23 Epi, Amon te di l: M vle rete nan pami pèp sa a pou kèk tan; wi, petèt jistan m mouri.

24 Epi, se te konsa, wa Lamoni te kontan avèk Amon, e li te fè yo demare l, e li te vle pou Amon ta marye avèk youn nan pitit fi l yo.

25 Men, se te konsa, Amon te di l: Non, m vle tounen sèvitè w. Se poutèt sa, Amon te tounen sèvitè wa Lamoni: Epi, yo te mete l nan pami lòt sèvitè ki t ap gade twoupo bèt Lamoni yo, daprè koutim Lamanit yo.

26 Epi apre twazyèm jou l te nan sèvis wa a, pandan li te avèk sèvitè ki te nan wout avèk bèt yo, pou y al nan dlo ki te rele dlo Sebis a; kote tout Lamanit yo te konn mennen bèt yo ale bwè dlo a—

27 Se poutèt sa, pandan Amon ak sèvitè wa yo t ap mennen bèt yo kote ki gen dlo a, te gen anpil Lamanit ki te vin bay bèt yo dlo; yo te kanpe e yo te gaye twoupo bèt Amon yo ak sèvitè wa yo; yo te gaye yo tèlman, bèt yo te kouri tout kote.

28 Kounyeya, sèvitè wa yo te kòmanse plenyen, yo di: Kounyeya, wa a pral touye nou menm jan li te touye frè nou yo, poutèt mechanste nonm sa yo ki te gaye bèt yo. Yo te kòmanse kriye anpil, yo di: Gade, bèt nou yo deja gaye.

29 Yo te kriye paske yo te pè mouri. Lè Amon te wè sa, kè l te ranpli ak lajwa, e li te di: M ap montre sèvitè parèy mwen yo pouvwa m, oubyen pouvwa ki nan mwen an, pou m kapab retounen twoupo bèt sa yo bay wa a, pou m kapab touche kè sèvitè parèy mwen yo, pou m kapab fè yo kwè nan pawòl mwen yo.

30 Epi se konsa, Amon te panse, lè l te wè afliksyon moun sa yo li konsidere kòm frè l yo.

31 Epi, se te konsa, li te flate yo avèk pawòl li, li di yo: Frè m yo, pran kouraj, an n al chèche bèt yo pou nou rasanble yo ansanm, e pou nou retounen yo nan dlo a, e n ap prezève bèt wa a pou l pa touye nou.

32 Epi, se te konsa, yo t al chèche bèt yo; yo te suiv Amon, yo te kouri anvitès, yo te sènen bèt wa yo, e yo te rasanble yo ansanm nan kote ki te gen dlo a.

33 Epi, moun yo te kanpe ankò pou gaye bèt yo, men, Amon te di frè l yo: Bare bèt yo pou yo pa kouri, epi m pral goumen avèk moun ki gaye bèt nou yo.

34 Konsa yo te fè sa Amon te di a e Amon t al kanpe pou l goumen avèk moun yo ki te kanpe bò kote dlo Sebis a, epi yo te anpil.

35 Konsa yo pa t pè Amon paske yo te konprann youn ladan yo te kapab touye l jan yo vle, paske yo pa t konnen si Senyè a te pwomèt Mozya pou l adelivre pitit gason l yo anba men yo; ni tou, yo pa t konnen anyen nan zafè Senyè a; se poutèt sa, yo te pran plèzi pou yo ta wè frè yo detwi, e yo te kanpe pou yo gaye bèt wa a.

36 Men, aAmon te kanpe e li te kòmanse voye wòch sou yo avèk fistibal li a; wi, li te voye wòch sou yo avèk anpil fòs; li tèlman te touye yon bkantite nan pami yo, yo te kòmanse etone lè yo te wè pouvwa l; men, yo te move paske frè yo te mouri, e yo te deside jete Amon atè. Lè yo te wè yo cpa t kapab frape l avèk wòch yo, yo te vini avèk baton pou yo touye l.

37 Men gade, chak moun ki te leve baton l pou l frape Amon, Amon te koupe ponyèt yo avèk epe li a; li te pare kou yo avèk lam epe a, li te koupe ponyèt yo tèlman, yo te etone, e yo te kòmanse kouri devan l; wi, e yo pa t yon ti kras, men, li te fè yo kouri avèk fòs ponyèt li.

38 Sis ladan yo te tonbe anba kout wòch fistibal, men, li pa t koupe tèt yo youn, eksepte chèf la, e li te koupe ponyèt tout moun ki te leve men kont li, e yo te anpil.

39 Epi lè l te fin pouse yo byen lwen, li te retounen, yo te bay bèt yo dlo, e yo te mennen bèt yo tounen nan patiraj wa a; apre sa, yo t al jwenn wa a, yo te pote ponyèt moun Amon te koupe avèk epe l yo bay wa a, ponyèt moun sa yo ki te vle touye l la, e yo te pote yo bay wa a pou sèvi kòm temwen pou bagay yo te fè yo.