Ekriti yo
Alma 8


Chapit 8

Alma preche e li batize moun nan peyi Melèk la—Moun Amoniya yo repouse l, e l ale—Yon zanj kòmande l pou l retounen al preche pèp la repantans—Amilèk resevwa l, e yo tou de al preche moun Amoniya yo. Anviwon 82 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, Alma te retounen sòti nan apeyi Jedeon an, apre l te fin ansenye pèp Jedeon an anpil bagay ki pa kapab ekri, apre l te fin tabli lòd legliz la, menm jan l te fè nan peyi Zarayemla a; wi, li te retounen lakay pa l nan Zarayemla pou l repoze apre travay li te fin fè yo.

2 Epi se konsa nevyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a te fini.

3 Epi, se te konsa, nan kòmansman dizyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a, Alma te pati pou l t ale nan peyi Melèk la, nan kote lwès arivyè Sidon an, nan kote lwès bò fwontyè dezè a.

4 Epi, li te kòmanse preche pèp nan peyi Melèk la daprè alòd sen Bondye a, lòd ki te ba li apèl la; e li te kòmanse preche pèp la nan tout peyi Melèk la.

5 Epi, se te konsa, moun yo te sòti nan tout fwontyè peyi ki te bò kote dezè a pou yo vin jwenn li;

6 Konsa lè l te fin fè travay li nan Melèk, li te pati e li te vwayaje twa jou nan nò peyi Melèk la, e li t ale nan yon peyi ki rele Amoniya.

7 Lè sa a se te koutim pèp Nefi a pou yo fè peyi yo ak vil ak vilaj yo, wi menm tout ti vilaj yo pote non moun ki te mèt yo anvan an, e se konsa sa te ye pou vil Amoniya a.

8 Epi, se te konsa, lè Alma te vin nan vil Amoniya a, li te kòmanse preche yo pawòl Bondye a.

9 Kounyeya, Satan te gen gwo apouvwa nan kè pèp ki nan vil Amoniya a, se poutèt sa, yo pa t vle koute pawòl Alma yo.

10 Men, lespri Alma te atravay anpil, li te bgoumen avèk Bondye nan cgwo priyè, pou Bondye te kapab vide Lespri l sou pèp ki nan vil la; pou l ta fè Alma batize yo pou repantans.

11 Men, yo fè kè yo di, Epi yo di Alma: Nou konnen w rele Alma, e nou konnen w se gran prèt nan legliz ou te tabli anpil kote nan peyi a, daprè tradisyon pa w; nou pa nan legliz ou a, e nou pa kwè nan tradisyon sòt sa yo.

12 Epi kounyeya nou konnen poutèt nou pa nan legliz ou a, nou konnen ou pa gen pouvwa sou nou; e ou te bay aNefiya fotèy jijman an; se poutèt sa, ou pa jij anchèf sou tèt nou ankò.

13 Kounyeya lè pèp la te fin di sa, epi lè yo te fin reziste devan tout pawòl li yo, lè yo te fin meprize l, krache sou li, e fè chase l nan vil yo a, li te pati pou l ale nan direksyon peyi yo te rele Aawon an.

14 Epi, se te konsa, pandan l t ap vwayaje, pandan l te koube anba lapenn, travèse anpil atribilasyon ak doulè nan nanm li poutèt mechanste pèp ki nan vil Amoniya a, e, se te konsa, pandan Alma te koube konsa anba lapenn, yon bzanj Senyè a te parèt devan l, epi zanj la di:

15 Ou beni, Alma; se poutèt sa, leve tèt ou pou w rejwi, ou gen bon rezon pou w rejwi; paske w te respekte kòmandman Bondye yo avèk lafwa depi lè w te resevwa premye mesaj ou a nan men l. Se mwen menm ki te aremèt w li.

16 Epi gade, yo voye m ba w kòmandman pou w tounen nan vil Amoniya a, pou w preche pèp ki nan vil la ankò; wi, preche yo. Wi, di yo si yo pa repanti, Senyè Bondye a ap adetwi yo.

17 Paske gade, y ap prepare yo kounyeya pou yo detwi libète pèp la, (paske, Senyè a di) bagay sa a kontrè avèk règ, ak jijman, ak kòmandman yo m te bay pèp mwen an.

18 Kounyeya, se te konsa, lè Alma te fin resevwa mesaj nan men zanj Senyè a, li te retounen ak tout vitès nan Amoniya. Epi, li te antre nan vil la pa mwayen yon lòt chemen, wi, li te antre nan kote sid vil Amoniya a.

19 Epi, pandan l t ap antre nan vil la, li te grangou, e li di yon nonm: èske w kapab bay yon sèvitè Bondye a ki enb yon bagay pou l manje?

20 Epi, nonm nan di l: M se yon Nefit, e m konnen w se yon pwofèt ki sen Bondye a, paske w se moun azanj lan te di m pou m resevwa nan yon vizyon. Se poutèt sa, an n ale lakay avèk mwen, epi m ap ba w nan manje m nan, e m konnen w ap yon benediksyon pou mwen ak pou kay mwen.

21 Epi, se te konsa, nonm nan te resevwa l lakay li; nonm nan te rele aAmilèk; li te pote pen ak vyann mete devan Alma.

22 Epi, se te konsa, Alma te manje pen, e vant li te plen, e li te abeni Amilèk ak kay li a, e li te di Bondye mèsi.

23 Epi, lè l te fin manje, e vant li te plen, li di Amilèk: M rele Alma, e m se agran prèt ki alatèt legliz Bondye a nan tout peyi a.

24 Epi gade Bondye te rele m pou m preche pawòl li nan pami tout pèp sa a, daprè lespri revelasyon ak pwofesi a; m te nan peyi sa a, e yo pa t vle resevwa m, men yo te akouri dèyè m, e m ta pral vire do bay peyi sa a pou tout tan.

25 Men gade, m te resevwa kòmandman pou m retounen vin pwofetize devan pèp sa a, wi, pou m temwaye kont inikite l yo.

26 Epi kounyeya, Amilèk, paske w te ban m manje, epi w te kite m antre lakay ou, ou beni; paske m te grangou, poutèt mwen te jene pandan anpil jou.

27 Epi, Alma te rete avèk Amilèk pandan anpil jou anvan li te kòmanse preche pèp la.

28 Epi, se te konsa, pèp la te vin komèt plis inikite.

29 Epi, Alma te resevwa yon pawòl ki di l: Ale; e di Amilèk, sèvitè m nan, pou l al pwofetize devan pèp sa a, pou l di yo—aRepanti, paske Senyè a di, si nou pa repanti m ap vizite pèp sa a nan kòlè m, wi, e m p ap wete gwo kòlè m sou yo.

30 Epi, Alma ak Amilèk t ale nan pami pèp la pou yo deklare yo pawòl Bondye, e yo te ranpli avèk Sentespri a.

31 Epi yo te tèlman resevwa apouvwa, yo pa t kapab rete fèmen nan kacho, pèsonn pa t kapab touye yo; men, yo pa t egzèse bpouvwa yo anvan yo te mare anba kòd, e anvan yo te nan prizon; Senyè a te fè sa, pou l te kapab montre pouvwa l te avèk yo.

32 Epi, se te konsa, yo t ale pou yo kòmanse preche ak pwofetize devan pèp la daprè Lespri ak pouvwa Senyè a te ba yo.