Ekriti yo
Alma 59


Chapit 59

Mowoni mande Paoran pou l ranfòse twoup Elaman yo—Lamanit yo pran vil Nefiya a—Mowoni fache kont gouvènman an. Anviwon 62 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, se te konsa, nan trantyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a, lè Mowoni fin resevwa, e li alèt Elaman an, li te kontan anpil pou byennèt Elaman, wi, gwo siksè Elaman te genyen, lè l te pran tè sa yo ki te pèdi a.

2 Wi, epi li te fè tout pèp li a konnen, nan tout peyi alantou kote yo te ye pou yo kapab kontan tou.

3 Epi, se te konsa, li te voye ayon lèt bay bPaoran menm lè a, li te mande l pou l reyini moun pou ranfòse Elaman, oubyen, lame Elaman yo, pou yo kapab kenbe alèz, pa ti tè sa yo te repran avèk tout siksè mirak sa a.

4 Epi, se te konsa, lè Mowoni te voye lèt sa a nan peyi Zarayemla a, li te kòmanse fè plan pou l kapab jwenn rès byen ak vil Lamanit yo te pran nan men yo a.

5 Epi, se te konsa, pandan Mowoni t ap fè preparasyon pou l al goumen avèk Lamanit yo, Lamanit yo te atake moun nan Nefiya yo ki te rasanble ansanm, sòti kite vil Mowoni an, ak vil Leyi a, ak vil Moryanton an kote Lamanit yo te atake.

6 Wi, menm moun ki te oblije kouri kite peyi Manti a ak peyi alantou yo, yo te vin jwenn ak Lamanit yo nan zòn sa a.

7 Epi Konsa, yo te anpil e yo te resevwa anpil ranfò chak jou, sou kòmandman Ammowon, yo te mache kont pèp Nefiya a, e yo te kòmanse masakre yo anpil.

8 Epi, lame yo te tèlman anpil, rès pèp Nefiya a te oblije kouri devan yo; yo te menm vin jwenn lame Mowoni an.

9 Epi kounyeya, kòm Mowoni te sipoze yo te dwe voye moun nan vil Nefiya a pou ede pèp la kenbe vil la, e li te konnen li te pi fasil pou anpeche vil la tonbe nan men Lamanit yo pase pou yo repran l nan men yo, li te sipoze yo t ap kenbe vil sa a fasil.

10 Se poutèt sa, li te kenbe tout fòs li yo pou l kapab gade kote l te repran yo.

11 Epi kounyeya, lè Mowoni te wè vil Nefiya a pèdi, li te tris anpil, e li te kòmanse gen dout, poutèt mechanste pèp la, pou yo pa t tonbe anba men frè yo.

12 Kounyeya, se sa ki te pase tout kaptèn an chèf yo. Yo te gen dout e yo te etone pou mechanste pèp la, e poutèt siksè Lamanit yo te gen sou yo.

13 Epi, se te konsa, Mowoni te fache kont gouvènman an poutèt aendiferans yo konsènan libète peyi yo a.