Ekriti yo
Alma 25


Chapit 25

Agresyon Lamanit gaye—Desandan prèt Noye yo peri jan Abinadi te pwofetize a—Anpil Lamanit konvèti, e yo vini nan pami pèp Anti-Nefi-Leyi a—Yo kwè nan Kris la, e yo kenbe lalwa Moyiz la. Anviwon 90–77 anvan Jezikri.

1 Epi, kounyeya, se te konsa, Lamanit yo te pi fache paske yo te touye frè pa yo, se poutèt sa, yo te fè sèman pou yo vanje sou Nefit yo, e yo pa t chèche touye pèp aAnti-Nefi-Leyi a pou kounyeya.

2 Men, yo te pran lame yo, epi yo t al nan fwontyè peyi Zarayemla a, yo te tonbe sou pèp ki te nan Amoniya a, e yo te adetwi yo.

3 Apre sa, yo te fè anpil batay avèk Nefit yo. Nefit yo te repouse yo e yo te touye yo.

4 Epi, nan pami Lamanit ki te mouri yo, te gen prèske tout adesandan Amilon yo ak frè l yo ki te prèt Noye yo, e yo te mouri anba men Nefit yo;

5 Epi, rès ki te rete yo, te kouri al nan dezè lès la, e yo te vòlè otorite ak pouvwa a nan men Lamanit yo, e yo te fè anpil Lamanit aperi nan dife poutèt kwayans yo—

6 Paske, anpil ladan ayo, lè yo te fin pèdi anpil bagay, e yo te fin gen tout afliksyon sa yo, yo te oblije kòmanse sonje bpawòl Aawon ak frè l yo te preche yo nan peyi yo a; se poutèt sa, yo te kòmanse pa kwè nan ctradisyon zansèt yo, e yo te kòmanse kwè nan Senyè a, e li te bay Nefit yo gwo pouvwa; konsa anpil ladan yo te konvèti nan dezè a.

7 Kounyeya epi, se te konsa, tout dirijan yo ki se te rès desandan aAmilon yo te fè btouye yo, wi, tout moun ki te kwè nan bagay sa yo.

8 Kounyeya, sakrifis sa a te fè anpil nan frè yo fache, e te kòmanse gen chirepit nan dezè a, e Lamanit yo te kòmanse achase desandan Amilon yo ak frè yo, yo te kòmanse touye yo, e yo te sove al nan kote lès dezè a.

9 Epi gade, jodi a ankò Lamanit yo dèyè yo. Konsa, pawòl Abinadi yo te akonpli, pawòl li te pale sou desandan prèt yo ki te fè l mouri nan dife a.

10 Paske li te di yo: Sa nou pral a m nan ap senbolize bagay ki gen pou rive.

11 Epi kounyeya, Abinadi te premye moun ki te soufri alanmò nan dife poutèt kwayans li nan Bondye. Men sa l te vle di: Anpil moun pral soufri lanmò nan dife, menm jan li te soufri a.

12 Epi, li te di prèt Noye yo konsa, desandan yo pral fè anpil moun mouri, menm jan l te mouri a; yo pral gaye pasi-pala, yo pral mouri tankou mouton san gadò k ap kouri e ki mouri anba dan bèt sovaj. Bagay sa yo te verifye paske Lamanit yo te chase yo, yo te kenbe yo e yo te touye yo.

13 Epi, se te konsa, lè Lamanit yo te wè yo pa t kapab domine Nefit yo, yo te retounen lakay yo, e anpil ladan yo te vini pou yo rete nan peyi Ismayèl ak peyi Nefi a, e yo vin fè pa ti nan pèp Bondye a, ki te pèp aAnti-Nefi-Leyi a.

14 Epi, yo te aantere zam pou lagè yo tou, menm jan frè yo te fè a, e yo te kòmanse tounen yon pèp ki te jis; yo te mache nan chemen Senyè a, e yo te veye pou yo respekte kòmandman ak prensip li yo.

15 Wi, e yo te respekte lalwa Moyiz la; li te nesesè pou yo te toujou respekte lalwa Moyiz la, paske li pa t ankò akonpli. Men, malgre alalwa Moyiz la, yo t ap tann Kris la ki te gen pou l vini an, paske, lalwa Moyiz la te bsenbolize Kris la ki t ap vini an; epi yo te kwè yo dwe toujou pratike còdanans vizib sa yo jistan lè a rive pou l fè yo wè l la.

16 Yo pa t sipoze moun t ap asove pa mwayen blalwa Moyiz la; men, lalwa Moyiz la te sèvi pou ranfòse lafwa yo nan Kris la; konsa yo te gen cesperans pou yo sove nan lavi etènèl pa mwayen lafwa, yo te sou kontwòl Lespri pwofesi a ki pale sou bagay sa yo ki gen pou fèt.

17 Amon, Aawon, Omnè, Imni ak frè yo te rejwi anpil pou siksè yo te genyen nan pami Lamanit yo; paske Senyè a te ba yo sa yo te mande daprè alapriyè yo, e li te akonpli pawòl li pou yo nan tout bagay.