Ekriti yo
Alma 15


Chapit 15

Alma ak Amilèk al nan Sidòm, e yo tabli yon legliz—Alma geri Zizwòm ki vini nan legliz la—Anpil moun batize, e legliz la pwospere—Alma ak Amilèk al nan Zarayemla. Anviwon 81 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, Alma ak Amilèk te gen kòmandman pou yo pati kite vil la; yo te pati e yo t ale nan peyi Sidòm nan menm; e se la yo te jwenn tout moun yo ki te kite peyi aAmoniya a, moun sa yo pèp la te bchase e yo te voye wòch dèyè yo, paske yo te kwè nan pawòl Alma yo.

2 Epi Alma ak Amilèk te rakonte yo tout sa ki te pase amadanm ak pitit yo, e yo te rakonte sa ki te rive yo ak bpouvwa ki te delivre yo a.

3 Epi tou Zizwòm te kouche malad nan Sidòm, anba lafyèv cho, akoz anpil tribilasyon ki te nan panse l poutèt amechanste l yo, paske li te konprann Alma ak Amilèk pa t la ankò; li te konprann moun te touye yo poutèt inikite li yo. Epi gwo peche sa ak pakèt lòt peche l yo te makonnen panse l jistan li te soufri anpil, san delivrans; se poutèt sa, li te kòmanse kankannen anba chalè.

4 Kounyeya lè l te tande Alma ak Amilèk te nan Sidòm, kè l te kòmanse pran kouraj, epi li te voye yon mesaj ba yo menm lè a, pou yo te kapab vini bò kote l.

5 Epi, se te konsa, yo te obeyi mesaj li te voye a, epi yo te ale rapid. Lè yo t al lakay Zizwòm, yo te jwenn li kouche malad nan kabann li anba lafyèv, e lespri l te toumante anpil poutèt inikite l yo. Lè l te wè yo, li te lonje men l, e li te sipliye yo pou yo geri l.

6 Epi, Alma te pran l ak men l, e li te di l: Èske w akwè nan sali pouvwa Kris la?

7 Epi, li te reponn pou l di: Wi, m kwè nan tout pawòl nou te ansenye yo.

8 Epi, Alma te di: Si w kwè nan redanmsyon Kris la, w ap kapab ageri.

9 Epi, li te reponn pou l di: Wi, m kwè, daprè pawòl ou yo.

10 Epi, Alma te kriye nan pye Senyè a, li di: O, Senyè Bondye, gen mizèrikòd pou nonm sa a, e ageri l daprè lafwa li gen nan Kris la.

11 Lè Alma te di pawòl sa yo, Zizwòm te abrete sou pye l, li te kanpe e li te kòmanse mache. Tout pèp la te etone anpil, e nouvèl la te gaye nan tout peyi Sidòm nan.

12 Alma te batize Zizwòm nan Senyè a, e depi lè sa a, li te kòmanse preche pèp la.

13 Alma te tabli yon legliz nan peyi Sidòm nan, e li te konsakre prèt ak enstriktè pou batize nan Senyè a, tout moun ki te vle batize.

14 Epi, se te konsa, te gen anpil, paske yo te sòti anfoul, nan tout rejyon nan peyi Sidòm nan pou yo vin batize.

15 Men tankou, pèp ki te nan peyi Amoniya a yo te toujou rete yon pèp ki gen kè di ak kou rèd; e yo pa t repanti nan peche yo, yo te di pouvwa Alma ak pouvwa Amilèk la se pouvwa dyab la; paske moun sa yo te nan menm pwofesyon avèk aNeyò, e yo pa t kwè nan repantans pou peche yo.

16 Epi, se te konsa, Alma ak Amilèk, Amilèk te akite tout lò ak lajan ak tout bagay presye li te genyen nan peyi Amoniya a, pou pawòl Bondye a; moun ki te zanmi l yo, papa l ak fanmi l yo te brepouse l;

17 Alma te tabli legliz la nan Sidòm, li te wè yon gwo achanjman; wi, li te wè pèp la chanje lògèy ki te nan kè yo a, pou yo kòmanse gen bimilite devan Bondye, e pou yo kòmanse rasanble ansanm nan kay adorasyon yo, pou yo cadore Bondye devan lotèl, pou yo dveye, e pou yo priye tout tan pou yo te kapab delivre anba Satan ak elanmò ak destriksyon—

18 Kounyeya jan m te di a, Alma te wè tout bagay sa yo, se poutèt sa, li te pran Amilèk, li te mennen l lakay li nan peyi Zarayemla a, li te ba l swen nan tribilasyon l yo, e li te ba l fòs nan Senyè a.

19 Se konsa dizyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a te pase.