Ekriti yo
Alma 55


Chapit 55

Mowoni refize chanje prizonye—Gad Lamanit yo soule epi prizonye Nefit yo libere—Yo pran vil Jid la san okenn san pa t koule. Anviwon 63–62 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, se te konsa, lè Mowoni te resevwa lèt sa a, li te pi fache, paske li konnen Ammowon te konnen pafètman pou tèt pa l se akoken li ye; wi, li konnen Ammowon te konnen se pa t yon kòz ki te jis ki te fè l louvri lagè kont pèp Nefi a.

2 Epi li te di: M p ap chanje prizonye avèk Ammowon, si l pa chanje entansyon l jan m te di nan lèt mwen an; paske m p ap kite l gen plis pouvwa pase sa l genyen an.

3 Gade, m konnen kote Lamanit yo gade moun mwen yo, yo te pran pou prizonye yo; e kòm Ammowon pa t vle fè sa m te mande l yo, m ap fè l jan m te di a; m ap chèche touye jistan yo mande lapè.

4 Epi kounyeya, se te konsa, lè Mowoni te fin di pawòl sa yo, li te fè rechèch nan pami moun li yo pou l kapab jwenn yon desandan Laman nan pami yo.

5 Epi, se te konsa, yo te jwenn youn ki te rele Laman; se te ayoun nan sèvitè wa a ke Amalikya te touye a.

6 Kounyeya, Mowoni te fè Laman ak yon ti gwoup nan moun li y al kote gad ki t ap siveye Nefit yo.

7 Kounyeya, Nefit yo te fèmen nan vil Jid la; se poutèt sa, Mowoni te lonmen Laman epi li te voye yon ti gwoup moun ale avèk li.

8 Epi, nan aprè midi, Laman t al jwenn gad ki t ap siveye Nefit yo; e gade yo te wè l ap vini, yo te rele l; men, li te di yo: Pa pè; gade m se yon Lamanit. Gade nou te sove anba men Nefit yo, e y ap dòmi; nou te pran nan diven yo a epi nou te pote l avèk nou.

9 Kounyeya, lè Lamanit yo te tande pawòl sa yo, yo te resevwa l ak lajwa; e yo te di l: Ban nou diven w la pou nou kapab bwè; nou kontan ou te pote diven avèk ou, paske nou fatige.

10 Men, Laman te di yo: Kite nou kenbe diven nou an jistan n al goumen avèk Nefit yo. Epi, pawòl sa a te fè yo pi anvi bwè nan diven an.

11 Paske, yo te di: Nou fatige, kite nou bwè nan diven an epi apre sa, n ap resevwa diven tanzantan pa tranch pou fòtifye nou pou n ale kont Nefit yo.

12 Epi Laman te di yo: Fè jan nou vle.

13 Epi, se te konsa, yo te bwè diven san rete; li te gou nan bouch yo, se poutèt sa, yo te bwè plis; diven an te fò; yo te pare l pou l fò.

14 Epi, se te konsa, yo te bwè, yo te kontan, epi apre sa yo tout te sou.

15 Kounyeya, lè Laman ak moun li yo te wè yo tout te sou e yo te nan fon somèy, yo te tounen kote Mowoni epi yo te di l tout sa k te pase.

16 Epi kounyeya, se te daprè plan Mowoni. Epi Mowoni te pare sòlda li yo avèk zam pou lagè e li t al nan vil Jid la, pandan Lamanit yo te nan fon somèy epi yo te sou. Mowoni te bay prizonye yo zam pou lagè jistan yo tout te ame;

17 Wi, menm madanm yo ak pitit yo, tout moun ki te kapab sèvi avèk zam pou lagè; Mowoni te bay tout prizonye sa yo zam, epi tout bagay sa yo te fèt ansekrè.

18 Men, menm si yo ta leve Lamanit yo, yo te sou, epi Nefit yo te kapab touye yo.

19 Men gade, se pa t sa Mowoni te vle, li pa t pran plèzi nan asasina ni fè asan koule, men, li te pran plèzi nan sove pèp li a anba destriksyon; pou l kapab pa fè lenjistis, li pa t ap tonbe sou Lamanit yo pou l detwi yo pandan yo sou.

20 Men, li te jwenn sa l te vle a; paske li te ame prizonye Nefit ki te andedan vil la epi li te ba yo pouvwa pou yo pran pati ki te antoure avèk miray yo.

21 Epi, li te fè moun ki te avèk li yo fè bak e li te fè yo antoure lame Lamanit yo.

22 Kounyeya gade, sa te fèt nan aswè, konsa lè Lamanit yo te leve nan maten, yo te wè yo antoure avèk Nefit tout kote, epi prizonye yo te ame.

23 Epi, konsa, yo te wè Nefit yo te gen pouvwa sou yo; e nan sikonstans sa yo, yo te wè li pa t nesesè pou yo goumen avèk Nefit yo, se poutèt sa, kaptèn anchèf yo a te mande yo zam yo; yo te pote yo e yo te lage yo nan pye Nefit yo, epi yo te mande padon.

24 Kounyeya gade, se sa Mowoni te vle. Li te pran yo kòm prizonye lagè, li te pran vil la e li te libere tout prizonye ki te Nefit yo; yo te vin jwenn lame Mowoni an epi yo te yon gwo fòs pou lame l la.

25 Epi, se te konsa, li fè Lamanit li te pran prizonye yo kòmanse atravay nan ranfòsman fòtifikasyon vil Jid la.

26 Epi, se te konsa, lè l te fin fòtifye vil Jid la jan l te vle a, li te fè yo mennen prizonye l yo nan vil Abondans la, epi li te pwoteje vil la avèk yon gwo fòs.

27 Epi, se te konsa, malgre tout entrig Lamanit yo, yo te kenbe e yo te pwoteje tout prizonye yo te pran yo, epi tou yo te kenbe tout pwopriyete ak avantaj yo te repran.

28 Epi, se te konsa, Nefit yo te kòmanse gen viktwa, yo te kòmanse reklame dwa ak privilèj yo ankò.

29 Epi, Lamanit yo te eseye sènen yo anpil fwa nan nuit, men, nan esè sa yo, yo te pèdi anpil prizonye.

30 Epi anpil fwa tou, yo te eseye fè Nefit yo bwè nan diven yo pou yo kapab detwi Nefit yo avèk pwazon oubyen avèk tafya.

31 Men gade, Nefit yo pa t pèdi tan anvan yo asonje Senyè Bondye yo a nan tan afliksyon sa a. Yo pa t kapab tonbe nan pèlen; wi, yo pa t vle bwè nan diven Lamanit yo eksepte yo te bay prizonye Lamanit yo ladan l anvan.

32 Epi konsa yo te pran prekosyon pou okenn pwazon pa t sèvi nan pami yo; paske si diven yo te kapab pwazonnen yon Lamanit, li te kapab pwazonnen yon Nefit tou; konsa, yo te eseye tout likè yo.

33 Epi kounyeya, se te konsa, li te nesesè pou Mowoni fè preparasyon pou l atake vil Moryanton an, paske Lamanit yo te travay pou yo fòtifye vil Moryanton an jistan li vin yon ranfò solid.

34 Epi yo te kontinye ap mennen fòs nan vil sa a, ak nouvo ekipman, ak pwovizyon.

35 Se konsa ventnevyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a te fini.